Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou kesyon fè kòlè a?

Ki sa Bib la di sou kesyon fè kòlè a?

Repons Bib la bay

 Bib la fè konnen lè yon moun fè kòlè san kontwòl, sa fè ni li menm, ni moun ki bò kote  l soufri (Pwovèb 29:22). Menmsi dèfwa nou gen rezon pou nou fè kòlè, Bib la di moun ki kontinye fè “kòlè san kontwòl” pap sove (Galat 5:19-21). Bib la gen prensip ki ka ede yon moun pou jere kesyon fè kòlè a.

 Èske li toujou mal pou nou fè kòlè?

 Non. Gen kèk ka kote yon moun konn gen rezon pou l an kòlè. Pa egzanp, Neyemi, yon moun fidèl, “te vin fache anpil” lè li te aprann yo t ap toupizi kèk adoratè parèy li. — Neyemi 5:6.

 Pafwa, Bondye konn an kòlè. Pa egzanp, lè pèp li a nan tan lontan pa t respekte alyans pou yo adore sèlman li menm epi yo te kòmanse adore fo dye, “sa te fè Jewova vin an kòlè anpil kont” yo (Jij 2:13, 14). Sepandan, fè kòlè pa fè pati pèsonalite Jewova Dye. Lè Jewova fè kòlè, li toujou gen rezon pou sa e li kontwole kòlè l. — Egzòd 34:6; Ezayi 48:9.

 Ki lè fè kòlè pa bon?

 Fè kòlè pa bon lè pa gen bonjan rezon oswa lè l fèt san kontwòl, sa ki rive souvan piske nou enpafè. Pa egzanp:

  •   Kayen te “vin fache anpil” lè Bondye pa t aksepte ofrann li an. Li te tèlman an kòlè, li te menm rive asasinen frè l la. — Jenèz 4:3-8.

  •   Pwofèt Jonas “te vin fache anpil” lè Bondye te demontre pitye pou moun Niniv yo. Bondye te korije Jonas, lè l te fè l wè li pa t “gen rezon pou [l] fache anpil konsa” olye de sa li te dwe gen konpasyon pou moun sa yo ki te peche e ki repanti — Jonas 3:10–4:1, 4, 11. a

 Egzanp sa yo montre antanke moun enpafè, “kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande.” — Jak 1:20.

 Ki jan nou ka jere kesyon fè kòlè a?

  •   Rekonèt danje ki genyen nan fè kòlè san kontwòl. Kèk moun ka panse lè yo pa kontwole tèt yo nan kesyon fè kòlè se yon siy ki montre yo gen fòs. An reyalite, lè yon moun pa ka kontwole kòlè I sa montre li fèb anpil. “Tankou yon vil ki pa gen miray yo anvayi, se konsa yon moun ki pa ka kontwole tèt li ye.” ​(Pwovèb 25:28; 29:11). Yon lòt bò, lè yon moun fè efò pou l kontwole kòlè l sa montre li fò toutbonvre e li gen bon jijman (Pwovèb 14:29). Men sa Bib la di: “Moun ki pa fè kòlè fasil pi bon pase gason vanyan.” — Pwovèb 16:32.

  •   Jere kòlè w pou w pa regrèt apre. Men sa Sòm 37:8 di: “Pinga w fè kòlè, pinga w move, pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal.” Sonje sa, lè nou santi kòlè vle anvayi nou, nou ka chwazi bay vag anvan nou tonbe nan “fè sa ki mal” jan Efezyen 4:26 di sa “menmsi nou an kòlè, pinga nou peche”.

  •   Si posib, anvan diskisyon pete, wete kò w. Men sa Bib la di: “Lè yon batay kòmanse, se tankou yon dlo yo lage. Anvan diskisyon pete, wete kò w.” ​(Pwovèb 17:14). Nan ka sa a li bon pou nou rezoud ti pwoblèm nou yo san pèdi tan lè nou toule de poze san nou e nou pale sou pwoblèm nan yon fason ki kalm.

  •    Chèche enfòmasyon ki egzak. Pwovèb 19:11 di: “Se bon konprann yon moun genyen ki fè l bese kòlè l.” Li t ap bon pou nou konn tout detay anvan nou jije yon bagay. Lè nou konn tout enfòmasyon yo, nou pap santi n fè kòlè san n pa t gen rezon pou sa. — Jak 1:19.

  •    Priye pou lespri nou anpè. Lapriyè ka ede w jwenn “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann” ​(Filipyen 4:7). Lapriyè se youn nan pi gwo mwayen pou nou resevwa lespri sen Bondye, e lespri sa a ka fè nou vin gen yon seri bèl kalite tankou lapè, pasyans ak metriz. — Lik 11:13; Galat 5:22, 23.

  •   Byen chwazi moun w ap frekante. Nou gen tandans kopye sou moun n ap frekante (Pwovèb 13:20; 1 Korentyen 15:33). Se sa k fè Bib la di: “Pa mache ak yon moun ki gen gwo san, e pa annafè ak yon moun ki fè kòlè fasil.” Poukisa? “Pou w pa janm vin menm jan avè l e pou l pa vin yon pyèj pou ou.” — Pwovèb 22:24, 25.

a Sanble Jonas te aksepte koreksyon sa a e li te pa t an kòlè ankò paske Bondye te itilize Jonas pou l ekri yon pati nan Bib la ki pote non l.