Sòm 98​:​1-9

  • Jewova, yon Sovè e yon Jij ki jis

    • Jewova bay delivrans (2, 3)

Yon chante. 98  Chante yon nouvo chante pou Jewova+,Paske l fè yon pakèt aksyon estrawòdinè+.Li bay delivrans* ak men dwat li, ak bra l ki sen+.   Jewova fè moun konnen jan li bay delivrans+.Li fè nasyon yo konnen jan li jis+.   Li sonje pwomès li te fè pou l demontre lanmou l* ak fidelite l pou desandan Izrayèl yo+.Moun toupatou sou tè a wè jan Bondye nou an sove nou*+.   Se pou tout tè a rele byen fò ak kè kontan e se pou l fè louwanj pou Jewova.Se pou nou kontan, se pou nou rele ak kè kontan e se pou nou chante louwanj* pou li+.   Sèvi ak hap* pou nou chante louwanj* pou Jewova.Chante bèl chante pou li avèk hap la.   Sèvi ak twonpèt ak kòn+Pou nou rele byen fò ak kè kontan devan Jewova, Wa nou an.   Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri tèlman yo kontan,Se pou tè a* ak tout moun ki abite ladan l rele byen fò.   Se pou rivyè yo bat men yo,Se pou mòn yo met ansanm pou yo rele byen fò ak kè kontan+   Devan Jewova, paske l ap vin* jije tè a.L ap jije tout moun ki sou tè a* avèk jistis+E l ap jije tout pèp yo san patipri+.

Nòt anba paj

Oswa: “Li pote laviktwa”.
Oswa: “wè viktwa Bondye nou an”.
Oswa: “lanmou fidèl li genyen an”.
Oswa: “pou nou fè mizik”.
Oswa: “pou nou fè mizik”.
Oswa: “tè ki bay rannman an”.
Oswa: “li vin”.
Oswa: “tè ki bay rannman an”.