Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 1

Kiyès Bondye ye?

“Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.”

Sòm 83:18

“Se pou nou konnen Jewova se Bondye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye.”

Sòm 100:3

“Mwen se Jewova. Se non pa m. Mwen pa bay pèsonn glwa ki pou mwen an, e mwen pa bay zidòl louwanj ki pou mwen an.”

Ezayi 42:8

“Tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove.”

Women 10:13

“Natirèlman, chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye.”

Ebre 3:4

“Leve je nou nan syèl la epi gade. Kiyès ki kreye bagay sa yo? Se Sila a ki dirije yo tankou yon lame, selon kantite yo ye. Li rele yo tout nan non yo. Grasa pakèt fòs li genyen ak pisans li genyen ki fè moun gen lakrentif pou li, pa gen youn ladan yo ki manke.”

Ezayi 40:26