Sòm 83​:​1-18

  • Yon priyè lè nou devan ènmi yo

    • “O Bondye, pa ret an silans” (1)

    • Ènmi yo tankou yon touf pikan k ap woule (13)

    • Non Bondye se Jewova (18)

Yon chante Asaf te ekri+. Yon melodi. 83  O Bondye, pa ret an silans+,Pa rete tou dousman* ni san w pa fè anyen, o Bondye.   Paske, ènmi yo ap fè bri+.Moun ki rayi w yo ap aji avèk awogans*.   Y ap fè konplo sou do pèp ou a an kachèt,Y ap fè konplo sou do moun ou renmen yo*.   Yo di: “Annou detwi nasyon Izrayèl la+Pou pèsonn pa janm sonje l ankò.”   Yo met tèt yo ansanm pou yo fè plan sou do nou.Yo fè yon alyans kont ou+.   Moun k ap viv nan tant Edòm yo, desandan Izmayèl yo, moun Mowab yo+, Agrit yo+,   Moun Gebal yo, desandan Amon yo+, moun Amalèk yo,Moun Filisti yo+ ansanm ak moun Ti yo+ met tèt yo ansanm.   Asiri+ te met ansanm avèk yo tou.Yo soutni* desandan Lòt yo+. (Sela)   Fè yo menm sa w te fè Madyan an+,Menm sa w te fè Sisera ak Jaben nan Rivyè Kichon an+. 10  Yo te jwenn destriksyon yo nan Enndò+.Yo te vin tankou fimye pou tè a. 11  Se pou w fè gwo potanta li yo vin tankou Orèb ak Zeyèb+,Se pou w fè prens* li yo vin tankou Zeba ak Salmouna+, 12  Paske, men sa yo di: “Annou pran peyi kote Bondye rete a.” 13  O Bondye m nan, fè yo vin tankou yon touf pikan k ap woule nan van+,Tankou pay van ap pote ale. 14  Menm jan ak yon dife k ap ravaje yon forè,Menm jan ak yon flanm dife k ap kankannen mòn yo+, 15  Se konsa pou w kouri dèyè yo ak van tanpèt ou a+.Fè yo pè ak tanpèt ou a+. 16  Se pou w fè dezonè tonbe sou yo,Pou yo ka chèche onore non w, o Jewova. 17  Se pou yo wont e se pou yo pè pou toutan.Se pou yo jwenn imilyasyon e se pou yo peri. 18  Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova+,Ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a+.

Nòt anba paj

Oswa: “rete san w pa di anyen”.
Oswa: “ap leve tèt yo”.
Lit.: “moun ou kache yo”.
Lit.: “tounen yon bra pou”.
Oswa: “chèf”.