Sòm 127​:​1-5

  • San Bondye, tout sa k fèt se pou granmesi

    • “Si se pa Jewova ki bati kay la” (1)

    • Pitit se yon rekonpans Bondye bay (3)

Yon chante pou moun k ap monte yo. Se Salomon ki te ekri l. 127  Si se pa Jewova ki bati kay la,Se pou granmesi travayè yo travay di pou yo fè kay la+.Si se pa Jewova k ap veye vil la+,Se pou granmesi gad yo ret je klè.   Si Bondye pa beni w, se pou granmesi ou leve bonè,Se pou granmesi w al dòmi ta,Se pou granmesi w ap travay di pou w jwenn manje.Paske, li bay moun li renmen yo sa yo bezwen e li fè yo byen dòmi+.   Tande sa! Pitit gason* se eritaj Jewova bay+.Pitit se yon rekonpans+.   Pitit gason yon moun fè pandan l jènTankou flèch ki nan men yon gason vanyan+.   Byennere moun ki chaje ak flèch sa yo+.Yo pap wont,Paske, pitit yo genyen yo ap pale ak ènmi yo nan pòtay vil la.

Nòt anba paj

Oswa: “Pitit”.