Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 14

Ki jan w ka jere sa w genyen?

“Moun ki renmen pase bon moman ap vin pòv. Moun ki renmen diven ak luil pap vin rich.”

Pwovèb 21:17

“Moun ki prete nan men yon moun se esklav moun ki prete l la.”

Pwovèb 22:7

“Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l? Si l pa fè sa, li ka fè fondasyon an, epi li pa ka fini fò a. Lè sa a, tout moun ki wè sa t ap kòmanse pase l nan rizib, yo t ap di: ‘Mesye sa a kòmanse bati, men l pa menm ka fini sa l kòmanse a.’”

Lik 14:28-30

“Lè yo te fin manje vant plen, li di disip li yo: ‘Ranmase rès ki rete yo, dekwa pou anyen pa gaspiye.’”

Jan 6:12