Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

B15

Kalandriye ebre

NIZAN (ABIB) mas—avril

14 Fèt Pak

15-21 Fèt Pen san ledven

16 Ofrann premye danre yo rekòlte yo

Dlo Rivyè Jouden an monte akoz lapli, nèj yo fonn

Lòj

IYA (ZIV) avril—me

14 Lòt dat pou fèt Pak la

Sezon sechrès la kòmanse, souvan syèl la klè

Ble

SIVAN me—jen

6 Fèt Semèn yo (Pannkòt)

Chalè sezon ete a, syèl la klè

Ble, premye fig frans

TAMOUZ jen—jiyè

 

Chalè a ogmante, gen anpil lawouze kèk kote

Premye rezen

AB jiyè—out

 

Epòk chalè a vin pi rèd la

Fwi ki bon nan sezon ete

ELOUL out—septanm

 

Gen chalè toujou

Dat, rezen ak fig frans

TICHRI (ETANIM) septanm—oktòb

1 Kout twonpèt

10 Jou Pirifikasyon an

15-21 Fèt tonèl yo

22 Rasanbleman espesyal

Sezon ete a fini, kòmanse gen lapli

Yo vire tè yo

ECHVÀN (BOUL) oktòb—novanm

 

Ti lapli

Oliv

KISLÈV novanm—desanm

25 Fèt Dedikas

Vin gen plis lapli, dlo kòmanse fè glas, gen nèj sou mòn yo

Yo rantre twoupo bèt yo

TEBÈT desanm—janvye

 

Epòk ki pi frèt la, gen anpil lapli, gen nèj sou mòn yo

Plant yo ap pouse

CHEBA janvye—fevriye

 

Gen mwens fredi, lapli kontinye tonbe

Pye zanmann ap fleri

ADA fevriye—mas

14, 15 Pourim

Souvan gen loraj ak lagrèl

Pye len

VEYADA mas

Yon mwa yo ajoute sèt fwa pandan yon peryòd 19 an.