Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Labib se pawòl Bondye te fè ekri pou l kominike ak nou chak. Nou dwe etidye Labib pou nou ka aprann konnen Sila a ki te fè ekri l la (Jan 17:3; 2 Timote 3:16). Se anndan Bib la Jewova Dye fè konnen objektif li gen pou lèzòm e pou latè, kote yo abite a. — Jenèz 3:15; Revelasyon 21:3, 4.

Pa gen okenn lòt liv ki gen gwo enfliyans sou lavi moun menm jan ak Bib la. Labib ankouraje nou pou nou chèche gen yon seri bèl kalite Jewova genyen tankou lanmou, mizèrikòd ak konpasyon. Li bay espwa e li ede moun andire soufrans ki pi rèd ki te ka egziste. Mete sou sa, grasa Labib, nou rive konnen ki bagay ki gen nan monn nan ki depaman ak volonte Bondye, yon volonte ki pafè. — Sòm 119:105; Ebre 4:12; 1 Jan 2:15-17.

Lè Bondye te fèk fè ekri Bib la, yo te ekri l nan lang ebre, nan lang arameyen ak nan lang grèk. Apre sa, yo vin tradui tout Bib la oswa yon pati ladan l nan anviwon 3 000 lang. Depi monn nan egziste, Labib se liv yo plis tradui e yo plis distribye. E nou pa sezi wè sa. Gen yon pwofesi nan Bib la ki di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan [mesaj prensipal ki nan Bib la] sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

Piske nou rekonèt enpòtans mesaj ki nan Bib la genyen, objektif nou se fè yon tradiksyon nonsèlman ki fidèl ak tèks orijinal yo, men ki klè e ki fasil pou moun li. Nan Apendis ki nan tradiksyon sa a, n ap jwenn yon seri atik tankou “Prensip pou yo fè tradiksyon Labib”, “Sa ki gen nan Tradiksyon monn nouvo a ak “Fason nou vin gen Bib la” ki pale sou kèk prensip tradiksyon nou te suiv, e ki pale de kèk bagay ki gen nan tradiksyon sa a.

Moun ki renmen Jewova Dye e k ap adore l yo vle gen yon tradiksyon Labib ki egzak e ki fè l fasil pou moun konprann Pawòl Bondye a (1 Timote 2:4). Se nan objektif sa a tradiksyon Labib sa a fèt nan lang kreyòl ayisyen, sa ki ann amoni ak entansyon nou genyen pou n tradui Tradiksyon monn nouvo a nan plis lang posib. Ou menm k ap li tradiksyon sa a e k ap “chèche Bondye” ak tout fòs, nou espere tradiksyon sa a ap ede w “jwenn li vre”, e n ap priye pou sa. — Travay 17:27.

Komite Tradiksyon monn nouvo a