Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 2

Ki jan w ka aprann konnen Bondye?

“Pawòl ki nan liv Lalwa a dwe toujou nan bouch ou e ou dwe li l tou ba lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès.”

Jozye 1:8

“E yo te kontinye li Lalwa vrè Dye a byen fò, yo te esplike l byen klè e yo te fè yo konprann li. Konsa, yo te ede pèp la konprann sa yo t ap li a.”

Neyemi 8:8

“Byennere moun ki pa suiv konsèy mechan yo, [...] men, li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. [...] L ap reyisi nan tout sa l fè.”

Sòm 1:1-3

“Filip kouri al bò charyo a, e li tande Etyopyen an k ap li awotvwa nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande l: ‘Èske w vrèman konprann sa w ap li a?’ Li reponn: ‘Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?’”

Travay 8:30, 31

“Kalite li yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo, e konsa, yo san eskiz.”

Women 1:20

“Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè.”

1 Timote 4:15

“Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou.”

Ebre 10:24, 25

“Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l, paske l donan ak tout moun, e li pa fè repwòch.”

Jak 1:5