Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 13

Ki sa Bib la di sou travay?

“Èske w konn wè yon moun ki fè travay li byen? Se devan wa l ap kanpe, li pap kanpe devan nenpòt moun.”

Pwovèb 22:29

“Se pou moun k ap vòlè a sispann vòlè, men se pou l travay di pito, pou l fè bon travay ak men l, dekwa pou l ka gen kichòy pou l pataje ak moun ki nan nesesite.”

Efezyen 4:28

“Se pou tout moun manje, se pou yo bwè e se pou yo gen kè kontan pou tout travay di yo fè. Se kado Bondye bay.”

Eklezyas 3:13