Sòm 115​:​1-18

  • Se sèl Bondye yo dwe bay glwa

    • Zidòl ki pa gen vi (4-8)

    • Bondye bay lèzòm tè a (16)

    • “Moun mouri pa ka fè louwanj pou Ja” (17)

115  O Jewova, se pa nou menm pou w bay glwa, non se pa nou menm*.Men, se non w pou w bay glwa+Poutèt lanmou w* ak fidelite w+.   Poukisa pou nasyon yo ta di:“Kote Bondye yo a+?”   Bondye nou an nan syèl laE li fè sa k fè l plezi.   Zidòl y ap sèvi yo fèt ann ajan ak lò.Se moun ki fè yo ak men yo+.   Yo gen bouch, men yo pa ka pale+.Yo gen je, men yo pa ka wè.   Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.Yo gen nen, men yo pa ka pran sant anyen.   Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen.Yo gen pye, men yo pa ka mache+.Yo pa ka fè okenn son sot nan gòj yo+.   Moun ki fè zidòl sa yo ap vin menm jan ak yo+,E tout moun ki met konfyans yo nan yo ap vin menm jan an tou+.   O Izrayèl, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova+.— Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou+. 10  O nou menm desandan Arawon yo+, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova.— Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou. 11  Nou menm ki gen lakrentif pou Jewova, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova+.— Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou+. 12  Jewova sonje nou e l ap beni nou.L ap beni pèp Izrayèl la+,L ap beni desandan Arawon yo. 13  Jewova ap beni moun ki gen lakrentif pou li yo,Ni moun ki nan gwo pozisyon, ni moun ki pa nan gwo pozisyon*. 14  Jewova ap fè ni nou menmNi pitit* nou yo vin anpil+. 15  Se pou Jewova beni nou+,Li menm ki fè syèl la ak tè a+. 16  Se pou Jewova syèl la ye+,Men li bay lèzòm tè a+. 17  Moun mouri pa ka fè louwanj pou Ja+,E pa gen yon moun ki nan tonm ki ka fè sa*+. 18  Men nou menm, n ap fè louwanj pou JaDepi kounye a e pou toutan.Louwe Ja*!

Nòt anba paj

Oswa: “Nou pa merite pou nou resevwa anyen, o Jewova, nou pa merite pou nou resevwa anyen”.
Oswa: “lanmou fidèl ou”.
Oswa: “Ni timoun, ni granmoun”.
Lit.: “pitit gason”.
Lit.: “Ni moun ki desann nan silans”.
Oswa: “Alelouya”. “Ya” oswa “Ja” se non Jewova yon fason ki kout.