Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 6

Ki sa Bib la te anonse konsènan Mesi a?

PWOFESI

“Kanta pou ou, o Betleyèm Efrata, [...] se lakay ou sila a ki pral dirije Izrayèl pou mwen an ap soti.”

Miche 5:2

AKONPLISMAN

“Apre Jezi fin fèt Betleyèm ki nan Jide a, nan epòk wa Ewòd, gen kèk astwològ ki soti nan Lès ki vin Jerizalèm.”

Matye 2:1

PWOFESI

“Yo separe rad mwen yo antre yo, e yo fè tiraj osò pou rad mwen an.”

Sòm 22:18

AKONPLISMAN

“Kounye a, lè sòlda yo fin kloure Jezi sou poto soufrans lan, yo pran rad ki te sou li yo, yo separe yo fè kat moso [...]. Men, rad sa a te san kouti, se te yon sèl pyès, soti anwo rive anba. Se sa k fè youn di lòt: ‘Nou pap chire l. Annou fè tiraj osò avè l pito pou nou wè pou kiyès l ap ye.’”

Jan 19:23, 24

PWOFESI

“Li pwoteje tout zo l. Pa gen youn nan yo ki kase.”

Sòm 34:20

AKONPLISMAN

“Lè yo rive sou Jezi, kòm yo wè li te deja mouri, yo pa kase janm li.”

Jan 19:33

PWOFESI

“Yo te pèse l pou bagay mal nou fè yo.”

Ezayi 53:5

AKONPLISMAN

“Youn nan sòlda yo pèse bò kòt li ak yon lans, e menm kote a san ak dlo soti.”

Jan 19:34

PWOFESI

“Yo te peye m 30 pyès monnen ann ajan.”

Zakari 11:12, 13

AKONPLISMAN

“Lè sa a, youn nan 12 apot yo, ki rele Jida Iskaryòt, t al kot prèt an chèf yo, li di yo: ‘Ki sa n ap ban m pou m livre l ban nou?’ Yo ofri l 30 pyès monnen ann ajan.”

Matye 26:14, 15; 27:5