Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 16

Ki jan w ka fè fas ak enkyetid?

“Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.”

Sòm 55:22

“Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, Men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.”

Pwovèb 21:5

“Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.”

Ezayi 41:10

“Kiyès nan nou, lefètke l ap bay tèt li pwoblèm, ki ka mete menm yon yota sou longè lavi l?”

Matye 6:27

“Se sa k fè, pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.”

Matye 6:34

“Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.”

Filipyen 1:10

“Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.”

Filipyen 4:6, 7