Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 17

Ki jan Bib la ka ede fanmi w?

MARI/PAPA

“Konsa tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Yon gason ki renmen madanm li, se tèt li l renmen, paske, pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l. Men, li nouri l e li ancheri l, [...] nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou.”

Efezyen 5:28, 29, 33

“Papa, pa tingting pitit nou pou fè yo fache, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay.”

Efezyen 6:4

MADANM

“Madanm nan [...] dwe gen yon gwo respè pou mari l.”

Efezyen 5:33

“Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou, jan sa dwe fèt nan Seyè a.”

Kolosyen 3:18

TIMOUN

“Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske se yon bagay ki jis. ‘Onore papa nou ak manman nou.’ Sa a se premye kòmandman ki mache ak yon pwomès: ‘Pou tout bagay ka mache byen pou ou, e pou w ka rete lontan sou tè a.’”

Efezyen 6:1-3

“Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Seyè a plezi anpil.”

Kolosyen 3:20