Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 7

Ki sa Bib la te anonse konsènan epòk nou an?

“Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. [...] Tout bagay sa yo se kòmansman doulè yo.”

Matye 24:7, 8

“Anpil fo pwofèt pral parèt, e y ap twonpe anpil moun. Akoz mechanste k ap ogmante, lanmou pifò moun ap vin rafredi.”

Matye 24:11, 12

“Epitou, lè nou tande bri lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè, pinga nou panike. Fòk bagay sa yo rive, men se poko lafen an.”

Mak 13:7

“Pral gen gwo tranblemanntè e pral gen rate manje ak epidemi nan yon zòn apre yon lòt. Moun pral wè bagay k ap fè yo pè, e ap gen gwo siy nan syèl la.”

Lik 21:11

“Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, y ap parèt gen atachman pou Bondye, men y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a.”

2 Timote 3:1-5