Sòm 103​:​1-22

  • “M ap louwe Jewova”

    • Bondye mete peche nou yo lwen nou (12)

    • Bondye tankou yon papa ki gen mizèrikòd (13)

    • Bondye sonje se pousyè nou ye (14)

    • Twòn Jewova ak pozisyon l antanke wa (19)

    • Zanj yo fè sa Bondye di (20)

Yon chante David te ekri. 103  M* ap louwe Jewova,M ap fè louwanj pou non l ki sen ak tout mwen menm.  M* ap louwe Jewova.Mwen pa dwe janm bliye tout sa l fè+.  Li padone tout peche m yo+E li geri tout maladi m yo+,  Li pa kite m desann nan twou a*+,Li onore m lè l demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen ansanm ak mizèrikòd+.  Li fè m kontan ak bon bagay li ban mwen+ pandan tout lavi m,Yon fason pou m toujou rete jèn menm jan ak yon èg+.   Jewova aji yon fason ki dwat+, yon fason ki jis,Nan enterè tout moun y ap toupizi yo+.   Li te fè Moyiz konnen chemen l yo+,Li te fè Izrayelit yo wè aksyon l yo+.   Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon*+,Li pa fè kòlè fasil, li gen anpil lanmou ki fidèl*+.   Li pap sonje defo nou yo pou toutan+,Ni li pap kontinye gen rankin pou toutan+. 10  Li pa trete nou dapre peche nou fè+,Ni li pa fè nou sibi sa nou merite pou erè nou yo+. 11  Paske, menm jan nou pa ka mezire distans ki gen ant syèl la ak tè a,Se konsa tou nou pa ka mezire nan ki pwen Bondye gen yon lanmou ki fidèl pou moun ki gen lakrentif pou li yo+. 12  Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a,Se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou+. 13  Tankou yon papa ki fè pitit gason l mizèrikòd,Jewova fè moun ki gen lakrentif pou li yo mizèrikòd+. 14  Paske, li byen konnen ki jan nou fèt+.Li sonje se pousyè nou ye+. 15  Kanta pou lòm, lavi l kout menm jan ak zèb+,Li fleri pandan yon ti tan tankou yon flè nan savann+. 16  Men, kou yon van soufle, li pa la ankò,Se kòmsi l pa t janm egziste*. 17  Men, Jewova ap demontre lanmou fidèl li genyen anPou moun ki gen lakrentif pou li yo pou toutan+.L ap aji yon fason ki jis avèk pitit pitit yo+, 18  Avèk moun ki respekte alyans li an+E avèk moun ki veye pou yo obeyi kòmandman l yo. 19  Jewova tabli twòn li byen djanm nan syèl la+E l ap domine antanke wa sou tout bagay+. 20  Louwe Jewova, nou menm zanj li yo+ ki chaje ak fòs e ki pisan,Nou menm ki fè sa l di+, nou menm ki obeyi vwa l*. 21  Louwe Jewova, nou menm ki fè pati lame l yo+,Nou menm sèvitè l k ap fè volonte l+. 22  Louwe Jewova, nou menm ki fè pati kreyasyon l lan,Ki toupatou kote l ap domine yo*.M ap louwe Jewova ak tout mwen menm*!

Nòt anba paj

Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “ak kè sansib”.
Oswa: “anpil bonte ki gen lanmou”.
Lit.: “E kote l te ye a pa konnen l ankò”.
Lit.: “ki koute vwa (son) pawòl li a”.
Oswa: “kote se li ki Souvren an”.
Oswa: “tout nanm mwen”.