Revelasyon 5​:​1-14

  • Yon woulo ki gen sèt sele poze sou li (1-5)

  • Ti Mouton an pran woulo a (6-8)

  • Ti Mouton an diy pou l kase sele yo (9-14)

5  E mwen wè yon woulo nan men dwat Sila a ki chita sou twòn nan+. Gen pawòl ki ekri nan toule de bò* woulo a, e li byen sele ak sèt sele poze sou li.  Mwen wè yon zanj ki gen anpil fòs k ap di byen fò: “Kiyès ki diy pou l kase sele yo pou l ouvè woulo a?”  Men, pa t gen pèsonn ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a ki te kapab ouvè woulo a pou l gade ladan l.  Mwen te kriye anpil poutèt pa t gen pèsonn ki te diy pou l ouvè woulo a pou l gade ladan l.  Men, gen youn nan ansyen yo ki di m: “Sispann kriye. Gade! Lyon ki soti nan tribi Jida a+, rasin+ David+ la, pot laviktwa+. Konsa, li diy pou l kase sèt sele yo pou l ouvè woulo a.”  E mwen wè yon ti mouton ki kanpe toupre twòn nan, nan mitan kat kreyati vivan yo e nan mitan ansyen yo+. Li te sanble yon ti mouton+ yo te touye+, li te gen sèt kòn ak sèt je. Je yo reprezante sèt espri Bondye yo+, sèt espri Bondye te voye sou tout tè a.  E menm kote a, li avanse, li pran woulo a nan men dwat Sila a ki te chita sou twòn nan+.  Lè l pran woulo a, kat kreyati vivan yo ak 24 ansyen yo+ met ajenou devan l. Chak ansyen yo te gen yon hap*, e yo te gen bòl annò ki plen ak lansan. (Lansan an reprezante priyè moun ki sen yo+.)  Epi, y ap chante yon nouvo chante+ ki di: “Ou diy pou w pran woulo a e pou w kase sele yo, paske yo te touye w, e avèk san w, ou achte moun pou Bondye+, moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon+, 10  ou fè yo vin wa+, ou fè yo vin prèt pou Bondye nou an+, e yo gen pou yo dirije tè a antanke wa+.” 11  Mwen wè yon pakèt zanj toutotou twòn nan, toutotou kreyati vivan yo ak ansyen yo, e mwen tande vwa yo tou, e kantite yo te ye a se te plizyè dizèn milye ak plizyè milye*+. 12  Yo t ap di byen fò: “Ti Mouton yo te touye a+ merite pou l resevwa pisans, richès, sajès, fòs, onè, glwa ak benediksyon+.” 13  E mwen tande tout kreyati ki nan syèl la, ki sou tè a, ki anba tè a+ e ki nan lanmè a, wi, tout sa ki ladan yo, k ap di: “Benediksyon, onè+, glwa ak pisans pou Sila a ki chita sou twòn nan+ e pou Ti Mouton an+ pou tout tan gen tan+.” 14  Kat kreyati vivan yo di: “Amèn!” E ansyen yo met ajenou, yo adore Bondye.

Nòt anba paj

Lit.: “ki ekri anndan ak sou do”.
Oswa: “se te dimil fwa dimil ak mil fwa mil”.