Revelasyon 14​:​1-20

  • Ti Mouton an ak 144 000 moun yo (1-5)

  • Mesaj twa zanj bay (6-12)

    • Zanj k ap vole nan mitan syèl la ap anonse yon bon nouvèl (6, 7)

  • Byennere moun ki mouri ann inyon ak Kris yo (13)

  • De rekòt sou tè a (14-20)

14  Epi, mwen gade, mwen wè Ti Mouton an+ ki kanpe sou Mòn Siyon+. Li gen 144 000 moun avè l+, e yo gen non l ak non Papa l+ ki ekri sou fwon yo.  Mwen tande yon bri ki soti nan syèl la. Bri sa a tankou bri yon pakèt dlo k ap desann, oubyen tankou bri yon gwo loray. Bri mwen tande a te tankou vwa plizyè chantè ki t ap jwe hap* pou akonpaye tèt yo.  Yo ret devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo+ e devan ansyen yo+, y ap chante yon chante ki sanble yon nouvo chante+, e pèsonn pa t kapab aprann chante sa a nèt, eksepte 144 000 moun yo+ Bondye te achte sou tè a.  Moun sa yo se moun ki rete pwòp, yo pa antre nan relasyon ak fi. Anfèt, yo vyèj+. Se moun ki kontinye suiv Ti Mouton an kèlkeswa kote l ale+. Bondye te achte yo+ pami lèzòm kòm premye fwi+ pou li e pou Ti Mouton an.  E manti pa sot nan bouch yo. Yo san tach+.  Epi, mwen wè yon lòt zanj k ap vole nan mitan syèl la*. Li gen yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse moun ki abite sou tè a, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp+.  Li t ap di byen fò: “Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive+. Kidonk, adore Sila a ki fè syèl la, tè a, lanmè a+ ak sous* dlo yo.”  Gen yon lòt zanj, yon dezyèm, ki vini, li di: “Li tonbe! Gran Babilòn nan+ tonbe+, li menm ki te bay tout nasyon yo bwè diven ki te fè yo gen gwo anvi pou yo fè imoralite seksyèl* avè l la+!”  Gen yon lòt zanj, yon twazyèm, ki vin apre yo, ki di byen fò: “Si yon moun adore bèt sovaj la+ ak estati l la, e si li resevwa yon mak sou fwon l oswa sou men l+, 10  moun sa a ap bwè diven kòlè Bondye a tou, diven Bondye vide san dekoupe nan koup kòlè Li a+, e moun sa a gen pou l toumante nan dife ak souf+ devan zanj ki sen yo e devan Ti Mouton an. 11  Lafimen k ap monte akoz touman moun sa yo ap kontinye monte pou tout tan gen tan+. Moun k ap adore bèt sovaj la ak estati l la, ansanm ak kèlkeswa moun ki resevwa mak non l lan+, yo pap gen repo ni lajounen ni lannuit. 12  Se la a moun ki sen yo, moun ki suiv kòmandman Bondye yo e ki kenbe lafwa yo+ gen nan Jezi, bezwen andirans+.” 13  E mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: “Ekri: Byennere moun ki mouri ann inyon ak Seyè a+ apati moman sa a. Wi, lespri a di: Yo fin travay di, kite yo repoze, paske bagay yo te fè yo akonpaye yo*.” 14  Epi, mwen gade, mwen wè yon nyaj blan, e gen yon moun ki chita sou nyaj la ki sanble ak yon pitit lòm+. Li gen yon kouwòn annò sou tèt li ak yon sèpèt byen file nan men l. 15  Gen yon lòt zanj ki soti anndan tanp sakre a, li di sila a ki chita sou nyaj la byen fò: “Pase sèpèt ou a epi rekòlte, paske lè a rive pou rekòt la fèt, paske rekòt ki sou tè a byen mi+.” 16  Epi, sila a ki chita sou nyaj la pase sèpèt li a sou tè a, e rekòt la fèt sou tè a. 17  Gen yon lòt zanj ankò ki soti anndan tanp sakre a ki nan syèl la, li menm tou, li gen yon sèpèt byen file nan men l. 18  Epi, gen yon lòt zanj ankò ki soti bò lotèl la e ki te gen pouvwa sou dife. Li rele zanj ki gen sèpèt byen file nan men l lan byen fò, li di l: “Pase sèpèt byen file w la, epi rasanble grap ki sou pye rezen ki sou tè a, paske rezen l yo mi+.” 19  Zanj lan pase sèpèt li a sou tè a, li koupe pye rezen ki sou tè a ak tout rezen yo, epi li lage l nan gwo près diven an ki reprezante kòlè Bondye+. 20  Yo kraze rezen yo nan près diven an pa deyò vil la, e san ki te soti nan près diven an te rive wotè brid ki nan bouch cheval yo, sou yon distans 1 600 estad*.

Nòt anba paj

Oswa: “k ap vole pa anlè”.
Oswa: “ak fontèn”.
Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “bagay yo te fè yo ale ansanm avèk yo”.
Anviwon 296 km. Yon estad egal 185 m (606,95 pye). Gade Apendis B14.