Revelasyon 3​:​1-22

  • Mesaj pou Sad (1-6), pou Filadèlfi (7-13), pou Lawodise (14-22)

3  “Ekri zanj ki nan kongregasyon Sad la, di l: Men sa sila a ki gen sèt espri Bondye yo+ e ki gen sèt zetwal yo+ di: ‘Mwen konnen sa w fè. Mwen konnen ou parèt vivan, men ou mouri+.  Se pou w vin vijilan+ e se pou w fòtifye sa ki rete ki prèt pou mouri yo, paske sa w fè devan Bondye m nan, mwen pa twouve yo ase.  Kidonk, pa janm bliye* sa w te resevwa a ak sa w te tande a, kontinye kenbe l, epi repanti+. Wi, si w pa reveye, m ap vini tankou yon vòlè+, e ou pap konnen ditou ki lè m ap rive sou ou+.  “‘Men, ou gen kèk moun* nan Sad ki pa t sal rad yo+. Yo pral mache avè m avèk rad blan sou yo+, paske yo merite sa.  Konsa, moun ki pote laviktwa a+ pral abiye ak rad blan+, e pa gen anyen k ap fè m efase non l nan liv lavi a+. Okontrè, m ap rekonèt non l devan Papa m e devan zanj Li yo+.  Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo.’  “Ekri zanj ki nan kongregasyon Filadèlfi a, di l: Men sa sila a ki sen an di+, li menm sa l di l ye a se sa l ye vre a+, li menm ki gen kle David la+, li menm ki ouvri dekwa pou pèsonn pa fèmen e ki fèmen dekwa pou pèsonn pa ouvri:  ‘Mwen konnen sa w fè. Tande! Mwen ouvè yon pòt devan w+, yon pòt pèsonn pa ka fèmen. Mwen konnen w gen yon ti fòs, mwen konnen ou kenbe pawòl mwen e ou pa t nye non mwen.  Gade! Moun ki fè pati bann moun ki pou* Satan yo, yo menm ki di se Juif yo ye, epoutan ki pa sa vre+, men se manti y ap bay, m ap fè yo vin pwostène nan pye w e m ap fè yo konnen mwen renmen w. 10  Piske w te suiv sa w te tande konsènan jan mwen te andire*+, m ap pwoteje w nan moman eprèv la+, eprèv ki gen pou vini sou tout tè a e k ap fè tout moun ki abite sou tè a pase anba eprèv. 11  M ap vini byen vit+. Kontinye kenbe sa w genyen an fèm, pou pèsonn pa pran kouwòn ou an+. 12  “‘Moun ki pote laviktwa a, m ap fè l tounen yon poto nan tanp Bondye m nan, e li pap soti ladan l menm ankò. Epi m ap ekri non Bondye m nan+ ak non vil Bondye m nan, Nouvo Jerizalèm nan+ ki desann sot nan syèl la bò kote Bondye m nan, ansanm ak nouvo non mwen genyen an+ sou li. 13  Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo.’ 14  “Ekri zanj ki nan kongregasyon Lawodise a+, di l: Men sa sila a ki se Amèn+ nan di, li menm ki temwen+ fidèl la, temwen ki toujou di laverite a+, kòmansman kreyasyon Bondye a+: 15  ‘Mwen konnen sa w fè, mwen konnen ou pa ni cho, ni frèt. Mwen ta renmen w cho oswa w frèt. 16  Se sa k fè, etandone ou tyèd, ou pa ni cho+, ni frèt+, m ap vomi w sot nan bouch mwen. 17  Ou di: “Mwen rich+, mwen ranmase richès e mwen pa bezwen anyen menm”, alòske ou pa konnen ou nan yon eta ki mizerab e ki fè moun gen pitye pou ou, ou pòv, ou avèg e ou toutouni. 18  Ebyen, mwen konseye w achte lò yo pirifye nan dife nan men m pou w ka vin rich. Achte rad blan pou w met sou ou pou w ka abiye e pou moun pa wè w toutouni pou w pa wont+. Epi, achte remèd je pou w fwote je w+ pou w ka wè+. 19  “‘Mwen reprimande tout moun mwen gen afeksyon pou yo, e mwen disipline yo+. Kidonk, se pou w zele e se pou w repanti+. 20  Gade! Mwen kanpe devan pòt la m ap frape. Si yon moun tande vwa m e li ouvri pòt la, m ap antre lakay li, m ap soupe avèk li e l ap soupe avèk mwen. 21  Moun ki pote laviktwa a+, m ap pèmèt li chita avè m sou twòn mwen an+, menm jan mwen te pote laviktwa e mwen chita+ ak Papa m sou twòn li an. 22  Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo.’”

Nòt anba paj

Oswa: “toujou sonje”.
Lit.: “ou gen kèk non”.
Lit.: “ki se yon sinagòg”.
Se kapab tou: “Piske w te suiv egzanp andirans mwen”.