Revelasyon 12​:​1-17

  • Fi a, tigason an ak dragon an (1-6)

  • Mikayèl batay ak dragon an (7-12)

    • Yo pimpe dragon sou tè a (9)

    • Dyab la konnen se yon tikras tan li rete (12)

  • Dragon an pèsekite fi a (13-17)

12  Gen yon siy estrawòdinè ki parèt nan syèl la: se yon fi+ ki abiye ak solèy la, lalin nan anba pye l, li gen yon kouwòn sou tèt li ki fèt ak 12 zetwal,  e li ansent. L ap rele paske l ap soufri anba doulè tranche.  Gen yon lòt siy ki parèt nan syèl la. Gade! Se yon gwo dragon ki gen koulè dife+, li gen sèt tèt ak dis kòn, e li gen sèt kouwòn*, youn sou chak tèt.  Li rale yon tyè nan zetwal+ ki nan syèl la avèk ke l, e li lage yo sou tè a+. Epi, dragon an kanpe devan fi+ ki t apral akouche a, yon fason pou l devore pitit li a kou l fin akouche.  Fi a fè yon pitit, wi, yon tigason+, ki gen pou l dirije tout nasyon yo avèk yon baton fè+. E yo pote pitit li a bò kot Bondye e bò kot twòn Bondye a.  Fi a kouri al nan dezè a, kote Bondye te prepare yon plas pou li, pou yo ka ba l manje la pandan 1 260 jou+.  Epi, gen yon gè ki pete nan syèl la: Mikayèl*+ ak zanj li yo batay ak dragon an, e dragon an ak zanj li yo batay avèk yo.  Men, dragon an pa t pote laviktwa*, e pa t gen plas pou yo ankò nan syèl la.  Kidonk, yo pimpe gwo dragon an+ sou tè a, li menm ki premye sèpan an+, li menm yo rele Dyab la+ e yo rele Satan an+, li menm k ap twonpe lemonnantye a+. Yo pimpe l sou tè a+, e yo pimpe zanj li yo sou tè a avèk li. 10  Mwen tande yon vwa nan syèl la ki di byen fò: “Kounye a, delivrans Bondye nou an bay la rive+, pisans li pote laviktwa, Wayòm li an tabli+, e Kris li a kòmanse egzèse otorite l, paske moun ki t ap akize frè nou yo lajounen kou lannuit devan Bondye nou an, yo pimpe l sou tè a+! 11  E frè nou yo pote laviktwa sou li+ grasa san Ti Mouton an+ e grasa temwayaj yo t ap bay la+, e yo pa t renmen lavi yo*+, menm lè yo te devan lanmò. 12  Se poutèt sa, ou menm syèl, e nou menm ki abite nan syèl la, nou mèt rejwi! Malè pou tè a ak lanmè a+, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete+.” 13  Twouve, lè dragon an wè yo pimpe l sou tè a+, li pèsekite fi+ ki te fè pitit gason an. 14  Men, yo bay fi a de gwo zèl èg+, yon fason pou l ka vole al nan dezè a, nan plas yo te prepare pou li a. Se la yo ba l manje pandan yon tan, de tan ak mwatye yon tan*+, lwen sèpan an+. 15  E sèpan an vomi dlo dèyè fi a tankou se yon rivyè dlo k ap sot nan bouch li, pou l neye l nan rivyè a. 16  Men, tè a vin pote fi a sekou, tè a ouvri bouch li, li vale rivyè dlo dragon an te vomi sot nan bouch li a. 17  Epi, dragon an vin fache anpil kont fi a, e l al fè lagè ak rès desandans* fi a+, sètadi moun k ap obeyi kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj sou Jezi+.

Nòt anba paj

Oswa: “sèt bando wa”.
Sa vle di: “Kiyès ki tankou Bondye?”
Se kapab tou: “Men, yo te pot laviktwa sou li”, anpalan de dragon an.
Oswa: “nanm yo”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Sa vle di twa tan edmi.
Lit.: “ak rès semans”.