Ezayi 45​:​1-25

  • Bondye chwazi Siris pou l pran Babilòn (1-8)

  • Ajil la pa dwe fè kont ak Moun k ap fè veso ann ajil avè l la (9-13)

  • Lòt nasyon rekonèt Izrayèl (14-17)

  • Bondye merite pou moun fè l konfyans akoz sa l kreye ak sa l fè konnen (18-25)

    • Tè a te fèt pou moun rete sou li (18)

45  Men sa Jewova di Siris, moun li chwazi a+,Moun li kenbe men dwat li a+Pou l fè nasyon yo soumèt devan l+,Pou l dezame* wa yo,Pou l ouvri pòtay ki gen de batan yo devan lYon fason pou pòtay vil la pa fèmen:   “M ap pran devan w+,E m ap fè ti mòn yo vin plat.M ap kraze pòt an kuiv yo fè miyèt moso,E m ap kase ba fè yo konn fèmen pòtay yo+.   M ap ba w trezò ki nan fènwa yoAk trezò yo sere kote ki kache yo+Pou w ka konnen mwen se Jewova,Bondye Izrayèl la, Sila a ki ba w non w genyen an+.   Poutèt sèvitè m nan, Jakòb, poutèt Izrayèl, nasyon m chwazi a,Se mwen ki ba w non.Mwen ba w yon gran non, byenke ou pa t konnen m.   Mwen se Jewova, e pa gen lòt.Apa mwen menm, pa gen lòt Bondye+.Byenke ou pa t konnen m, m ap ba w fòs*   Yon fason pou moun ka konnen,Depi kote solèy la leve a rive jis kote l kouche a*,Pa gen okenn Dye apa mwen menm+.Mwen se Jewova, e pa gen lòt ankò+.   Se mwen ki fè limyè+ e se mwen ki fè fènwa+.Mwen fè gen lapè+ e mwen fè malè rive+.Mwen menm, Jewova, mwen fè tout bagay sa yo.   Ou menm syèl, se pou w fè lapli tonbe+!Se pou sa ki jis sot nan nyaj yo tankou lapli k ap tonbe!Se pou tè a ouvè pou l bay anpil delivrans!Anmenmtan, se pou l fè sa ki dwat sot ladan l+!Se mwen menm, Jewova, ki fè sa.”   Malè pou moun k ap fè kont* ak Sila a ki fè l la*,Paske li se yon senp moso veso ann ajilPami lòt moso veso ann ajil ki atè.Èske ajil la ta dwe di Atizan k ap ba l fòm nan: “Ki sa w ap fè la a+?”Oubyen èske yon travay w ap fè ta dwe di w: “Ou pa gen men”?* 10  Malè pou moun ki di yon papa: “Ki mòd pitit ou gen la a?”E ki mande yon manman: “Ki pitit ou fè la a?* 11  Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, Bondye ki sen an+, Sila a ki te ba l fòm nan, di:“Èske w ap poze m kesyon sou bagay k ap rive yo,E w ap ban m lòd pou w di m sa pou m fè ak pitit mwen yo+ oswa ak travay mwen fè? 12  Mwen te fè tè a+, mwen te kreye lòm sou li+.Mwen te blayi syèl la tankou yon dra ak pwòp men m+,E mwen bay tout lame l genyen an lòd+.” 13  “Piske m fè sa ki dwat+, mwen met yon moun kanpe,E m ap fè tout wout li yo vin dwat.Se li menm ki pral bati vil mwen an+E ki pral libere moun mwen yo ki ann egzil+, san l pa peye anyen pou sa e san l pa bay anyen anba anba+.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di. 14  Men sa Jewova di:“Byen* Ejipsyen yo ak machandiz* Etyopyen yo ansanm ak moun Seba yo, yon seri moun ki wo anpil,Ap vin jwenn ou e y ap pou ou.Moun k ap mache dèyè w yo ap nan chenn.Y ap vin bese byen ba devan w+.Y ap priye w, y ap di: ‘Vrèmanvre, Bondye ansanm avè w+,E pa gen lòt ankò. Pa gen lòt Bondye.’” 15  Vrèmanvre, ou se yon Bondye ki pa toujou di tout sa w ap fè,O Bondye Izrayèl la, Sovè a+. 16  Y ap fè tout moun wont e y ap rabese yo.Tout moun k ap fè zidòl yo pral fè wout yo tou wont+. 17  Men, Jewova ap sove w pou toutan, o Izrayèl+.Yo pap fè w wont, ni yo pap imilye w ankò pou tout tan gen tan+. 18  Paske, Jewova, vrè Dye a,Sila a ki te kreye syèl la+, Sila a ki te bay tè a fòm nan,Sila a ki te fè tè a e ki fè l rete byen djanm nan+,Sila a ki pa t annik kreye l pou granmesi a*, men ki te fè l pou moun rete sou li a, di+:“Mwen se Jewova, pa gen lòt ankò. 19  Mwen pa t ret kache yon kote+, nan yon peyi ki fè nwa, pou m pale.Mwen pa t di desandan Jakòb yo*:‘Nou mèt chèche m, men se pou granmesi n ap fè sa.’Mwen se Jewova. Mwen di sa ki dwat e mwen fè konnen sa ki jis+. 20  Rasanble, epi vini.Nou menm ki chape anba men nasyon yo, se pou n pwoche ansanm+!Moun k ap pote zidòl yo pa konn anyen,E y ap priye yon dye ki pa ka sove yo+. 21  Vin pale, vin bay prèv nou genyen yo.Se pou youn pale ak lòt nan tèt ansanm!Kiyès ki te anonse sa depi byen lontanE ki te fè konn sa nan tan ki pase yo?Èske se pa mwen menm, Jewova?Apa mwen menm, pa gen lòt Bondye.Mwen se Bondye ki dwat la e mwen se yon Sovè+. Apa mwen menm, pa gen lòt+. 22  Retounen vin jwenn mwen pou nou ka sove+, nou tout ki toupatou sou tè a,Paske mwen se Bondye, e pa gen lòt+. 23  Mwen fè sèman.Pawòl ki sot nan bouch mwen se laverite,E li pap pa reyalize+:Tout jenou ap pliye devan m,Tout moun ap fè sèman y ap fidèl avè m+, 24  E y ap di: ‘San mank, se nan Jewova sa ki dwat toutbon rete e se li ki gen fòs.Tout moun ki an kòlè anpil kont li yo ap vin devan l tou wont. 25  Grasa Jewova, tout desandan Izrayèl yo* ap fè sa ki dwat+,E y ap fè elòj pou tèt yo.’”

Nòt anba paj

Lit.: “Pou l demare senti”.
Lit.: “m ap mare senti w sere”.
Oswa: “soti nan lès rive nan lwès”.
Oswa: “fè diskisyon”.
Oswa: “ak Sila a ki ba l fòm nan”.
Se kapab tou: “Oubyen èske ajil la ta dwe di: ‘Travay ou a pa gen manch’?”
Oswa: “Ki sa k fè w gen doulè tranche konsa?”
Se kapab tou: “Travayè”.
Se kapab tou: “komèsan”.
Se kapab tou: “pou l vid la”.
Lit.: “semans Jakòb la”.
Lit.: “tout semans Izrayèl la”.