Ezayi 35​:​1-10

  • Paradi a ap retounen tabli ankò (1-7)

    • Moun ki avèg ap vin wè; moun ki soud pral tande (5)

  • Wout Sakre pou moun Bondye rachte yo (8-10)

35  Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil+,E plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran+.   San mank, l ap chaje ak flè+.L ap kontan, e l ap rele tèlman l kontan.Y ap ba l glwa peyi Liban an+,Y ap fè l bèl tankou Kamèl+ ak Chawon+.Moun yo ap wè glwa Jewova. Y ap wè jan Bondye nou an gran.   Se pou nou bay men moun ki fèb yo fòs,Se pou nou fè jenou moun k ap tranble yo vin djanm+.   Se pou nou di moun k ap viv ak kè sote yo:“Met kouraj sou nou. Pinga nou pè.Gade! Bondye nou an ap vin vanje sou ènmi nou yo.Bondye ap vin fè yo peye sa yo fè+.L ap vin sove nou+.”   Lè sa a, je moun ki avèg yo ap ouvri+,Zòrèy moun ki soud yo ap tande+.   Lè sa a, moun ki enfim nan pye yo ap vòltije tankou jenn ti kabrit+,E lang moun ki bèbè yo ap fè rèl kè kontan+.Epi, sous dlo pral pete nan dezè a,Dlo pral koule nan plèn ki nan dezè a.   Tè ki sèch e ki cho anpil la ap tounen yon kote ki plen dlo ak wozo,E dlo ap ponpe sot nan tè ki pa gen dlo a+.Kote chen sovaj yo te rete a+Ap vin gen zèb vèt ak wozo ansanm ak papiris.   Epi, ap gen yon gwo wout nan zòn sa a+,Wi, yon wout y ap rele Wout Sakre.Moun ki pa pwòp* pap pase ladan l+.Se moun k ap mache nan chemen an ki ka pase ladan l.Moun ki pa respekte bagay ki sakre yo pa gen dwa pase ladan l.   Pap gen lyon ladan lE pap gen bèt bwa ki mechan k ap vin ladan l.Yo pap ladan l+.Se sèlman moun Bondye rachte yo k ap mache ladan l+. 10  Moun Jewova sove yo ap retounen+ e y ap rele lè y ap antre nan vil Siyon tèlman y ap kontan+.Y ap kontan nètale+.Y ap fè fèt e y ap gen anpil kè kontan.Yo pap nan chagren e yo pap plenn ankò+.

Nòt anba paj

Oswa: “ki pa nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye”.