Ezayi 2​:​1-22

  • Mòn kay Jewova a wo (1-5)

    • Epe yo tounen zouti pou raboure latè (4)

  • Jou Jewova a ap imilye moun ki gen ògèy yo (6-22)

2  Men sa Ezayi, pitit gason Amòz la, te wè nan yon vizyon li te fè pou Jida ak Jerizalèm+:   Nan dènye jou yo,Mòn kote kay Jewova a ye aAp tabli byen djanm, e l ap vin pi wo pase lòt mòn yo+.L ap vin pi wo pase ti mòn yo,E tout nasyon yo ap vin an foul sou li+.   Epi, moun nan anpil pèp va ale e yo va di:“Vini, annou monte sou mòn Jewova a,Ann al kay Bondye Jakòb la+.L ap fè nou konnen wout li yo,E n ap mache nan chemen l yo+.”Paske, lalwa* ap soti Siyon,E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm+.   Bondye ap aji antanke jij nan mitan nasyon yoE l ap met lòd* nan mitan anpil pèp.Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latèE y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt+.Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò,E yo pap aprann fè lagè ankò+.   Nou menm, desandan Jakòb, vini!Annou mache nan limyè Jewova a+.   Bondye, ou abandone pèp ou a, desandan Jakòb yo+,Poutèt yo te vin chaje ak bagay ki soti nan Lès.Yo fè maji+ menm jan ak moun Filisti yoE yo chaje ak pitit moun lòt nasyon lakay yo.   Peyi yo a plen ajan ak lò,E pa gen kote ankò pou yo met tout trezò yo genyen yo.Peyi yo a chaje ak cheval,E pa gen kote ankò pou yo met charyo yo genyen yo+.   Peyi yo a chaje ak dye ki san valè+.Yo pwostène devan travay yo fè ak men yo,Devan sa yo reyalize ak dwèt yo.   Se konsa, lòm desann ba, li vin pa vo anyen,E ou pa ka padone yo menm. 10  Se pou yo antre nan twou wòch e se pou yo kache anba tèPaske yo pè JewovaE paske li gen yon glwa ki estrawòdinè+. 11  L ap fè moun ki gen ògèy yo bese je yo,E moun ki awogan yo ap bese tèt yo.Se sèl Jewova k ap jwenn glwa jou sa a. 12  Paske jou sa a se pou Jewova, Chèf lame yo+.Jou sa a ap vini sou tout moun ki gen ògèy e ki awogan,Sou tout moun, kit se zotobre, kit se malere+, 13  Sou tout gwo pye sèd byen wo ki nan Liban yoE sou tout pye bwadchèn ki nan Bazan yo, 14  Sou tout tèt mòn ki byen wo yoE sou tout tèt ti mòn ki wo yo, 15  Sou tout fòtrès ki byen wo e sou tout miray ki byen solid, 16  Sou tout bato Tasis yo+E sou tout bèl bato yo. 17  L ap desann moun ki gen ògèy yo byen ba,E moun ki awogan yo ap bese tèt yo.Se sèl Jewova k ap jwenn glwa jou sa a. 18  Pakèt dye ki san valè yo pral disparèt+. 19  Moun yo ap antre nan twou wòchAk nan twou anba tè+Paske y ap pè JewovaE paske l ap gen yon glwa ki estrawòdinè+Lè l ap leve kanpe pou l fè moun sou tè a tranble ak laperèz. 20  Jou sa a, moun ap pran dye ann ajan ak dye annò ki san valè yo genyen yo,Yon seri dye yo te fè pou yo pwostène devan yo,Y ap voye yo jete bay sourit ak chovsouri+, 21  Pou yo ka antre nan twou wòchAk nan fant mas wòch yo,Paske y ap pè JewovaE paske l ap gen yon glwa ki estrawòdinèLè l ap leve kanpe pou l fè moun sou tè a tranble ak laperèz. 22  Sispann met konfyans nou nan lòm, e sa ap bon pou nou.Li fèb menm jan ak souf k ap sot nan twou nen l*.Ki sa l ka fè pou nou?

Nòt anba paj

Oswa: “enstriksyon”.
Oswa: “l ap korije bagay yo”.
Oswa: “Se nan twou nen l li respire”.