Ezayi 42​:​1-25

  • Sèvitè Bondye a ak misyon li genyen an (1-9)

    • ‘Jewova se non pa m’ (8)

  • Yon nouvo chante pou louwe Jewova (10-17)

  • Izrayèl avèg e li soud (18-25)

42  Gade! Men sèvitè m nan+, moun m ap ede a!Men moun mwen chwazi a+, moun mwen* pran plezi nan li a+!Mwen mete lespri m sou li+,E l ap fè nasyon yo konnen sa k rele jistis+.   Li pap ni fè bri, ni rele fò.Li pap fè tande vwa l nan lari+.   Li pap kase wozo ki pliye a,E li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an+.L ap fè gen jistis toutbon+.   Li pap faya e li pap kraze jiskaske li met jistis sou tè a+,E zile yo kontinye ret tann lòd* l ap bay.   Men sa Jewova, vrè Dye a, di,Kreyatè syèl la, Gran Dye ki blayi syèl la+,Sila a ki mete tè a kote l ye a e ki fè tout sa ki sou li+,Sila a ki bay moun k ap viv sou tè a souf+,E ki bay moun k ap mache sou li yo lavi+:   “Mwen menm, Jewova, ki aji avèk jistis, mwen rele w.Mwen kenbe men w.M ap pwoteje w e m ap fè w vin yon alyans ant mwen menm ak pèp yo+.E w ap vin tankou yon limyè pou nasyon yo+,   Pou w ouvè je moun ki avèg yo+,Pou w fè prizonye yo sot nan kacho,E pou w fè moun ki chita nan fènwa yo sot nan prizon+.   Mwen se Jewova. Se non pa m.Mwen pa bay pèsonn glwa ki pou mwen an*,E mwen pa bay zidòl louwanj ki pou mwen an+.   Gade! Premye bagay yo fin fèt.Kounye a, m ap anonse nouvo bagay.Anvan yo parèt, m ap fè w konnen yo+.” 10  Chante yon nouvo chante pou Jewova+,Fè louwanj pou li jis nan dènye bout tè a+,Nou menm k ap vwayaje sou lanmè e nou tout k ap viv nan lanmè,Nou menm zile ak moun k ap viv sou nou yo+. 11  Se pou dezè a ak vil ki ladan l yo+Ansanm ak kan kote Keda abite a+ leve vwa yo.Se pou moun k ap viv kote ki gen mas wòch yo rele tèlman yo kontan.Se pou yo rele sou tèt mòn yo. 12  Se pou yo bay Jewova glwa,E se pou yo mache fè louwanj pou li nan zile yo+. 13  Jewova ap soti tankou yon gason vanyan+.L ap vin chofe tankou yon sòlda ki nan lagè+.L ap rele, wi, l ap fè yon gwo rèl tankou bri moun ki nan lagè.L ap montre jan li gen plis fòs pase ènmi l yo+. 14  Li di: “Sa fè lontan depi m ret dousman.Mwen te ret an silans e mwen te kontwole tèt mwen.Menm jan ak yon fi k ap akouche,Mwen pral plenn, m ap respire fò e souf mwen ap kout. 15  M ap ratibwaze gwo mòn yo ak ti mòn yo,E m ap seche tout plant ki ladan yo.M ap fè rivyè yo tounen zile,E m ap seche kote ki plen dlo ak wozo yo+. 16  M ap mennen avèg yo al nan yon wout yo pa konnen+,E m ap fè yo mache nan chemen yo pa abitye mache+.M ap fè fènwa ki devan yo tounen limyè+,E m ap fè tè ki gen douk la vin plat+.Se sa m ap fè pou yo e mwen pap abandone yo.” 17  Y ap fè moun ki met konfyans yo nan zidòl yo retounen,E y ap fè yo wont nèt,Yo menm ki di estati ki fèt ak metal* yo: “Nou se dye nou+.” 18  Nou menm ki soud, se pou nou koute.Nou menm ki avèg, gade byen pou nou wè+. 19  Kiyès ki avèg tankou sèvitè m nan,Ki soud menm jan ak moun mwen voye a?Kiyès ki avèg tankou moun mwen bay rekonpans lan,E ki avèg tankou sèvitè Jewova a+? 20  Nou wè anpil bagay, men nou pa t bay sa valè.Nou ouvè zòrèy nou, men nou pa koute+. 21  Piske Jewova renmen sa ki jis,Li kontan fè lalwa* vin gen anpil valè e li fè l bèl anpil. 22  Men, se yon pèp yo piye, e yo pran tout sa l genyen+.Yo met yo tout nan twou e yo fèmen yo nan prizon+.Yo piye yo, e pa gen pèsonn pou delivre yo+.Yo pran tout sa yo genyen, e pa gen pèsonn ki di: “Remèt yo afè yo!” 23  Kiyès nan nou k ap koute sa?Kiyès k ap pran san yo pou yo koute pou sa ka itil yo demen? 24  Kiyès ki bay Jakòb pou yo piye lE ki livre pèp Izrayèl la pou yo pran tout sa l genyen?Èske se pa Jewova, Sila a nou peche kont li a?Yo te refize mache nan wout li yoE yo pa t obeyi lwa* li+. 25  Se sa k fè li kontinye lage gwo kòlè sou Izrayèl,Li kontinye lage kòlè l sou li e li fè moun kontinye fè gwo lagè avè l+.Flanm dife lagè kankannen tout sa ki bò kote l, men li pa t koute+.Dife a boule l nèt, men li pa t bay sa enpòtans+.

Nòt anba paj

Oswa: “moun nanm mwen”.
Lit.: “lwa”.
Oswa: “Mwen pap pataje glwa ki pou mwen an ak pèsonn”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “lòd”.
Oswa: “lòd”.