Matye 2​:​1-23

  • Vizit astwològ yo (1-12)

  • Jozèf kouri al ann Ejip (13-15)

  • Ewòd touye tigason yo (16-18)

  • Jozèf retounen Nazarèt (19-23)

2  Apre Jezi fin fèt Betleyèm+ ki nan Jide a, nan epòk wa Ewòd*+, gen kèk astwològ* ki soti nan Lès ki vin Jerizalèm.  Yo di: “Kote timoun ki fèt ki pral wa Juif yo+? Paske, nou te wè zetwal li lè nou te nan Lès, e nou vini pou nou pwostène devan l.”  Lè wa Ewòd tande sa, sa boulvèse l, e sa boulvèse tout Jerizalèm tou.  Li rasanble tout prèt an chèf yo ak tout espè nan Lalwa yo, e li kòmanse poze yo kesyon sou ki kote Kris la* te gen pou l fèt.  Yo di li: “Betleyèm+ ki nan Jide a, paske men sa pwofèt la te ekri:  ‘Kanta pou ou, o Betleyèm ki nan peyi Jida, se sèten ou pa vil ki gen mwens enpòtans pou gouvènè Jida yo, paske se nan ou yon moun ki gen pou l gouvène ap soti, yon moun ki pral pran swen Izrayèl, pèp mwen an+.’”  Lè sa a, Ewòd rele astwològ yo an kachèt e li mande yo ki lè egzakteman zetwal la te parèt.  Epi, lè l ap voye yo Betleyèm, li di: “Al chèche timoun nan byen chèche, e lè nou jwenn li, vin fè m konnen, dekwa pou m ka al pwostène devan l tou.”  Apre yo fin tande sa wa a di, y ale. Epi, zetwal yo te wè lè yo te nan Lès la+ vin ap avanse devan yo, jiskaske l rive anlè kay kote timoun nan te ye a, epi li kanpe. 10  Lè yo wè zetwal la kanpe, yo kontan anpil. 11  E lè yo antre nan kay la, yo wè tipitit la avèk Mari, manman l, yo met jenou yo atè, yo pwostène devan l. Apre sa, yo ouvri bwat trezò yo te pote yo, e yo fè l kado lò, lansan blan ak lami*. 12  Men, kòm Bondye te avèti yo nan yon rèv+ pou yo pa tounen kot Ewòd, yo pase nan yon lòt wout pou yo tounen nan peyi yo. 13  Apre yo fin ale, zanj Jewova* a parèt devan Jozèf nan yon rèv+, li di l: “Leve, pran tipitit la ak tout manman l, kouri al nan peyi Ejip, epi rete la jiskaske mwen di w retounen. Paske, Ewòd pral chèche tipitit la pou l touye l.” 14  Se konsa, nan menm nuit lan, li leve, li pran tipitit la ansanm ak manman an, epi l al nan peyi Ejip.  15  E li rete la jiskaske Ewòd mouri. Sa te reyalize pawòl Jewova* te di pa mwayen pwofèt li a. Men sa l te di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l kite peyi Ejip+.” 16  Ebyen, lè Ewòd wè astwològ yo jwe l, gen yon sèl kòlè ki monte l, li voye touye depi se tigason ki te gen dezan oubyen ki te pi piti nan Betleyèm ak nan tout zòn ki ozalantou yo. Li baze sou dat astwològ yo te di l zetwal la te parèt la pou l fè sa+. 17  Lè sa a, pawòl pwofèt Jeremi te di a te reyalize. Men sa l te di: 18  “Yo tande yon vwa nan vil Rama k ap kriye e k ap rele anpil. Se Rachèl+ k ap kriye pou pitit li yo, e li pa vle yo konsole l, paske pitit li yo pa la ankò+.” 19  Lè Ewòd mouri, zanj Jewova* a parèt devan Jozèf nan yon rèv+ pandan l nan peyi Ejip, 20  li di l: “Leve, pran tipitit la ak manman l, epi al nan peyi Izrayèl, paske moun yo ki t ap chèche detwi lavi* tipitit la mouri.” 21  Donk, Jozèf leve, li pran tipitit la ansanm ak manman an e li antre nan peyi Izrayèl. 22  Men, lè l tande se Akelayis, pitit Ewòd, k ap dirije Jide nan plas Ewòd, li te pè al Jide. Kòm Bondye te pale avè l nan yon lòt rèv+, li ale nan tèritwa Galile+. 23  Epi, l al rete nan yon vil ki rele Nazarèt+, dekwa pou pawòl pwofèt yo te di a ka reyalize: “Y ap rele l* moun Nazarèt*+.”

Nòt anba paj

Se moun ki egzamine zetwal pou yo prevwa oubyen pou yo anonse evènman ki gen pou rive.
Oswa: “Mesi a; Moun Bondye chwazi a”.
Se yon gonm ki santi bon.
Oswa: “nanm”.
Anpalan de Kris la.
Petèt se yon mo ki soti nan yon mo ebre ki vle di “boujon”.