Travay 15​:​1-41

  • Gwo diskisyon nan Antyòch sou kesyon sikonsizyon an (1, 2)

  • Y al Jerizalèm pou yo pale sou kesyon an (3-5)

  • Ansyen yo ak apot yo reyini ansanm (6-21)

  • Lèt kolèj santral la (22-29)

  • Lèt la ankouraje kongregasyon yo (30-35)

  • Pòl ak Banabas al nan tèritwa diferan (36-41)

15  Twouve, gen kèk mesye ki te desann sot Jide e ki te kòmanse anseye frè yo, yo t ap di yo: “Si nou pa suiv Lwa Moyiz la, pou nou fè yo sikonsi nou+, nou pap ka sove.”  Men, Pòl ak Banabas pa t dakò menm ak moun sa yo, e sa te vin lakòz yon gwo diskisyon. Se sa k fè frè yo te deside pou Pòl ak Banabas ansanm ak kèk nan lòt moun yo te monte al kot apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm+ pou yo regle pwoblèm nan*.  Konsa, apre kongregasyon an fin kondui mesye yo met nan wout, mesye yo kontinye, yo pase Fenisi ak Samari, yo t ap rakonte an detay jan moun ki nan nasyon yo te konvèti, e sa te fè tout frè yo kontan anpil.  Lè yo rive Jerizalèm, kongregasyon an ak apot yo ansanm ak ansyen yo byen akeyi yo, e yo menm, yo rakonte tout bagay Bondye te fè pa mwayen yo.  Men, kèk nan moun ki te fè pati gwoup Farizyen yo e ki te vin kwè leve kanpe, yo di: “Li enpòtan pou yo sikonsi moun ki pa Juif yo e pou yo ba yo lòd pou yo obeyi Lwa Moyiz la+.”  Apre sa, apot yo ak ansyen yo reyini pou yo egzamine kesyon an.  Apre anpil gwo diskisyon*, Pyè leve kanpe, epi li di yo: “Frè m yo, nou konnen byen, depi nan kòmansman, Bondye te chwazi m pami nou pou l fè se nan bouch mwen moun ki nan nasyon yo tande pawòl bon nouvèl la pou yo ka kwè+.  Bondye, ki konnen kè moun+, te rann temwayaj lè l te ba yo lespri sen l+, menm jan li te fè sa pou nou tou.  Li pa t fè okenn diferans ant nou menm avèk yo+, men, piske yo te gen lafwa, li te pirifye kè yo+. 10  Donk, kounye a, poukisa n ap fè Bondye fache lè n ap fòse disip yo pote yon jouk sou kou yo+, yon jouk ni zansèt nou yo ni nou menm pa t ka pote+? 11  Okontrè, menm jan ak moun sa yo tou, nou gen lafwa se grasa favè san parèy Seyè Jezi a+ nou kapab sove+.” 12  Lè sa a, tout gwoup la fè silans, e yo kòmanse koute Banabas ak Pòl k ap rakonte yo kòman Bondye te itilize yo pou l fè anpil mirak ak mèvèy* nan mitan nasyon yo. 13  Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: “Frè m yo, tande. 14  Simeyon*+ rakonte an detay kòman, pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo+. 15  E sa ann amoni ak pawòl pwofèt yo, jan sa ekri: 16  ‘Apre bagay sa yo, m ap retounen e m ap rebati tant* David la ki tonbe. Wi, m ap rebati mazi a, m ap mete l kanpe ankò, 17  dekwa pou moun ki rete yo ka chèche Jewova ak tout kè yo, ansanm ak moun nan tout nasyon yo, moun ki pote non m yo, se sa Jewova* di, li menm k ap fè bagay sa yo+ 18  moun konnen depi lontan an+.’ 19  Se sa k fè, selon opinyon pa m, nou pa dwe bay moun ki nan nasyon yo ki vin jwenn Bondye yo pwoblèm+. 20  Men, se pou n ekri yo pou yo evite ni bagay zidòl yo kontamine+, ni imoralite seksyèl*+, ni bèt ki mouri toufe*, ni san+. 21  Paske, depi lontan, gen moun k ap preche sa ki nan liv Moyiz yo nan yon vil apre yon lòt, piske yo li sa ki nan liv sa yo nan sinagòg yo awotvwa chak saba+.” 22  Apre sa, apot yo ak ansyen yo ansanm ak tout kongregasyon an te deside voye kèk mesye yo chwazi pami yo al Antyòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo te voye Jida, ki rele Basabas tou, ak Silas+, yo menm ki fè pati moun ki te alatèt pami frè yo, 23  e yo ba yo pote yon lèt yo te ekri ki di: “Nou menm apot yo ak ansyen yo, nou menm ki frè nou, n ap salye frè ki nan Antyòch+, nan Siri ak nan Silisi yo, nou menm ki soti nan nasyon yo. 24  Nou tande gen kèk moun ki te pami nou k ap twouble nou ak pawòl y ap di+, y ap eseye boulvèse nou*, byenke nou pa t ba yo okenn enstriksyon nan sans sa a. 25  Se sa k fè nou tout vin tonbe dakò e nou deside chwazi kèk mesye pou nou voye kote nou ansanm ak Banabas ak Pòl, de moun nou renmen, 26  ki te riske lavi yo* pou non Jezi Kris, Seyè nou an+. 27  Se poutèt sa nou voye Jida ak Silas pou yo di menm bagay yo tou ak bouch yo+. 28  Paske, lespri sen+ ansanm ak nou menm twouve li bon pou nou pa mete lòt chay sou do nou, eksepte bagay sa yo ki nesesè: 29  kontinye evite ni bagay yo sakrifye bay zidòl+, ni san+, ni bèt ki mouri toufe*+, ni imoralite seksyèl*+. Si nou fè tout sa n kapab pou n evite bagay sa yo, sa ap mache byen pou nou. Pote nou byen*!” 30  Kidonk, lè yo voye mesye yo ale, mesye yo desann Antyòch, yo reyini tout disip yo, epi yo remèt yo lèt la. 31  Lè yo fin li l, yo kontan pou ankourajman yo jwenn nan. 32  Epi, kòm Jida ak Silas se pwofèt yo te ye tou, yo ankouraje frè yo ak anpil diskou, e yo fòtifye yo+. 33  Apre yo fin pase yon ti tan la, frè yo voye yo ale anpè pou y al jwenn moun ki te voye yo a. 34  *—— 35  Men, Pòl ak Banabas te rete Antyòch, yo t ap anseye. Yo menm ansanm ak yon pakèt lòt moun t ap anonse bon nouvèl ki nan pawòl Jewova* a. 36  Apre kèk jou, Pòl di Banabas: “Kounye a, ann tounen* al vizite frè yo nan chak vil kote nou te anonse pawòl Jewova* a, pou nou wè kòman yo ye+.” 37  Banabas te byen deside pou l mennen Jan, ki rele Mak tou, avèk yo+. 38  Men, Pòl pa t dakò pou yo mennen l avèk yo, paske li te kite yo depi Panfili e li pa t akonpaye yo nan travay la+. 39  Lè sa a, yo pete yon sèl lobo, e sa vin lakòz yo chak fè yon bò. Banabas+ pran Mak avèk li, yo pran bato, y al nan zile Chip.  40  Pòl li menm chwazi Silas, epi, apre frè yo fin remèt Pòl nan men Jewova* pou ba l favè san parèy la, li ale+. 41  Li travèse Siri ak Silisi, toutpandan li t ap fòtifye kongregasyon yo.

Nòt anba paj

Oswa: “pou yo regle dezakò a”.
Oswa: “anpil dezakò”.
Oswa: “siy”.
Se yon lòt fason yo di “Simon”, anpalan de Pyè.
Oswa: “tonèl; kay”.
Oswa: “ni bèt yo touye san yo pa retire san an ladan yo”.
Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “boulvèse nanm nou”.
Oswa: “ki te riske nanm yo”.
Oswa: “Orevwa”.
Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ni bèt yo touye san yo pa retire san an ladan yo”.
Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.
Se kapab tou: “ann degaje n tounen”.