Travay 11​:​1-30

  • Pyè esplike apot yo sa k te pase a (1-18)

  • Banabas ak Sòl al Antyòch ki nan Siri a (19-26)

    • Premye fwa yo te rele disip yo kretyen (26)

  • Agabis anonse yon gwo grangou (27-30)

11  Twouve, apot yo ak frè ki te Jide yo vin aprann moun ki nan nasyon yo te resevwa pawòl Bondye a tou.  Se sa k fè, lè Pyè monte Jerizalèm, moun ki te pou sikonsizyon yo+ tonbe kritike l*.  Yo di l: “Ou antre lakay moun ki pa sikonsi e w manje avèk yo.”  Lè sa a, Pyè kòmanse esplike yo sa k te pase a an detay, li di yo:  “Mwen te nan vil Jope, mwen t ap priye, epi mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay* k ap desann sot nan syèl la, li tankou yon gwo twal len yo kenbe nan kat pwent pandan y ap desann li, e li rive jis bò kote m+.  Lè m gad anndan l, mwen wè bèt kat pat, bèt bwa ak bèt ki konn rale sou vant ki gen sou tè a ak zwazo nan syèl.  Epitou, mwen tande yon vwa ki di m: ‘Pyè, leve! Touye, epi manje!’  Men, mwen di: ‘Non, Mèt! Paske, bagay ki kontamine e ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’  Vwa ki sot nan syèl la reponn yon dezyèm fwa, li di: ‘Sispann di bagay Bondye pirifye se bagay ki kontamine.’ 10  Sa te rive yon twazyèm fwa, e tout bagay yo te remonte nan syèl la. 11  Epitou, menm kote a, gen twa mesye ki te vin kanpe devan kay nou te ye a. Se yon mesye nan vil Sezare ki te voye yo kote m+. 12  Epi, lespri sen di m pou m ale avèk yo e pou m pa gen okenn dout. Men, sis frè sa yo te ale avè m tou. E nou te antre lakay mesye a. 13  “Li rakonte nou li te wè yon zanj ki te kanpe anndan lakay li, epi zanj lan di l: ‘Voye moun nan vil Jope al rele Simon yo konn rele Pyè a+, 14  epi l ap di w ki sa k ap pèmèt ou menm ak tout moun lakay ou sove.’ 15  Men, lè m kòmanse pale, lespri sen desann sou yo menm jan l te desann sou nou tou okòmansman an+. 16  Lè sa a, mwen vin sonje pawòl Seyè a te konn di a: ‘Jan, bò kote pa l, te batize moun nan dlo+, men nou menm, y ap batize nou nan lespri sen+.’ 17  Kidonk, si Bondye ba yo menm kado l te ban nou an, nou menm ki kwè nan Seyè Jezi Kris, kiyès mwen ye pou m ta ka bloke Bondye*+?” 18  Lè yo tande bagay sa yo, yo sispann diskite avè l* e yo bay Bondye glwa, yo di: “Kidonk, Bondye pèmèt moun ki nan nasyon yo repanti tou pou yo ka gen lavi+.” 19  Twouve, moun ki te gaye+ akoz tribilasyon ki te genyen apre lanmò Etyèn nan te travèse tout peyi a rive jis Fenisi, Chip ak Antyòch, men se sèlman Juif yo yo te preche pawòl la+. 20  Sepandan, pami yo, te gen kèk mesye ki moun Chip ak kèk lòt ki moun Sirèn ki te vin Antyòch e ki te kòmanse pale ak moun ki pale grèk yo, yo t ap anonse yo bon nouvèl sou Seyè Jezi. 21  Epitou, men Jewova te avèk yo, e te gen yon bonkou moun ki te vin kwè nan Seyè a+. 22  Kongregasyon ki te Jerizalèm nan te tande pale de yo, se sa k fè yo te voye Banabas+ Antyòch. 23  Lè l rive e li wè jan Bondye bay disip yo favè san parèy la, li kontan, e li kòmanse ankouraje yo tout pou yo rete nan sèvis Seyè a ak tout kè yo+. 24  Paske, Banabas te yon bon moun, li te ranpli ak lespri sen e li te gen anpil lafwa. Epi, te gen yon gwo foul moun ki te vin kwè nan Seyè a+. 25  Se konsa, l ale nan vil Tas pou l al chèche Sòl byen chèche+. 26  Lè l jwenn li, li mennen l Antyòch. Konsa, yo te pase tout yon ane ap fè reyinyon ak moun yo nan kongregasyon an, e yo te anseye anpil moun. E se Antyòch pou premye fwa Bondye te fè yo rele disip yo Kretyen+. 27  Nan jou sa yo, te gen kèk pwofèt+ ki te desann sot Jerizalèm vin Antyòch. 28  Gen youn ladan yo ki rele Agabis+ ki leve, e grasa lespri sen, li anonse pral gen yon gwo grangou sou tout tè a+. Sa te rive vre sou rèy anperè Klod. 29  Se sa k fè disip yo te deside, selon mwayen yo chak+, pou yo voye sekou bay*+ frè ki t ap viv nan Jide yo. 30  E se sa yo te fè. Yo te voye sekou yo bay ansyen yo e se Banabas ak Sòl ki te pote yo+.

Nòt anba paj

Oswa: “tonbe diskite avè l”.
Lit.: “yon bagay ki sanble ak yon veso”.
Oswa: “pou m ta kanpe nan chemen Bondye”.
Lit.: “yo pe bouch yo”.
Oswa: “pou yo voye al fè yon travay sekou pou”.