Lik 3​:​1-38

  • Travay Jan kòmanse (1, 2)

  • Jan preche moun yo pou yo batize (3-20)

  • Batèm Jezi (21, 22)

  • Lis fanmi kote Jezi Kris soti (23-38)

3  Nan 15yèm ane rèy Tibè Seza, lè Pons Pilat te gouvènè Jide, lè Ewòd*+ te chèf distri Galile, alòske Filip, frè li, te chèf tèritwa* peyi Itire ak Trakonitid, nan epòk Lizànyas te chèf distri Abilèn,  nan epòk gran prèt Àn ak Kayif+, Bondye te pale ak Jan+, pitit Zakari a, nan dezè a+.  Epi, Jan ale nan tout peyi ki ozanviwon Rivyè Jouden an, l ap preche moun yo pou yo batize pou yo montre yo repanti, dekwa pou Bondye padone peche yo+.  Tankou sa ekri nan liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi yo: “Koute! Gen vwa yon moun k ap di byen fò nan dezè a: ‘Prepare chemen an pou Jewova*, fè wout yo vin dwat pou li+.  Tout vale dwe konble ak tè. Tout gwo mòn ak tout ti mòn dwe vin plat. Wout ki kwochi yo dwe vin dwat. Wout ki gen douk yo dwe vin swa.  E tout moun* ap wè delivrans Bondye bay la*+.’”  Konsa, li kòmanse di foul moun ki te soti vin jwenn li pou l batize yo a: “Ras vipè, kiyès ki fè nou konprann nou ka kouri pou kòlè Bondye a k ap vini+?  Ebyen, se pou nou fè aksyon* ki montre nou repanti. E pinga nou kòmanse ap di nan kè nou: ‘Se Abraram ki papa nou.’ Paske, m ap di nou sa: Bondye kapab fè pitit sot nan wòch sa yo pou Abraram.  Anverite, rach la deja nan rasin pyebwa a. Kidonk, tout pyebwa ki pa bay bon fwi, y ap koupe yo e y ap jete yo nan dife+.” 10  E foul moun yo t ap mande l: “Ebyen, ki sa pou nou fè?” 11  Men sa l reponn yo: “Se pou moun ki gen de rad* bay moun ki pa gen ditou e se pou moun ki gen manje fè menm jan an tou+.” 12  Menm pèseptè yo te vini pou l batize yo+ e yo di l: “Anseyan, ki sa pou nou fè?” 13  Li di yo: “Pa mande* plis taks pase kantite lajan yo fikse a+.” 14  Epitou, gen sòlda ki mande l: “E nou menm, ki sa pou nou fè?” Li di yo: “Pa nui* pèsonn, epi pa akize pèsonn mal+, men kontante nou ak sa nou genyen*.” 15  E pèp la t ap tann Kris la, tout moun t ap reflechi sou Jan, yo t ap di nan kè yo: “Ou kwè se pa li menm ki Kris la+?” 16  Jan reponn yo, li di yo tout: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen plis pouvwa pase m k ap vini, menm kòd sandal li mwen pa menm merite pou m demare+, li menm, l ap batize nou nan lespri sen ak nan dife+. 17  Pèl pou l vannen an nan men l pou l netwaye kote l konn bat manje angren an byen netwaye e pou l ranmase ble a met nan depo l, men, l ap boule pay la nan yon dife ki pa ka etenn.” 18  Jan te bay anpil lòt konsèy e li te kontinye ap anonse yon bon nouvèl bay pèp la. 19  Men, piske Jan te repwoche Ewòd, chèf distri a, poutèt Ewodyad, madanm frè l la, e poutèt tout move aksyon li t ap fè yo, 20  Ewòd fèmen Jan nan prizon, mete sou tout move aksyon li te fè yo+. 21  Twouve, lè tout moun yo t ap batize, Jezi vin batize tou+. Pandan l ap priye, syèl la ouvri+, 22  e lespri sen desann sou li sou fòm yon pijon. Epi, gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: “Ou se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la. Mwen pran plezi nan ou+.” 23  Lè Jezi+ te kòmanse travay li t ap fè a, li te gen anviwon 30 an+. Selon sa moun yo te kwè,Se pitit Jozèf li te ye+,E Jozèf se te pitit Eli. 24  Eli se te pitit Matat.Matat se te pitit Levi.Levi se te pitit Mèlki.Mèlki se te pitit Janayi.Janayi se te pitit Jozèf. 25  Jozèf se te pitit Matatyas.Matatyas se te pitit Amòs.Amòs se te pitit Nawoum.Nawoum se te pitit Esli.Esli se te pitit Nagayi. 26  Nagayi se te pitit Maat.Maat se te pitit Matatyas.Matatyas se te pitit Semeyin.Semeyin se te pitit Jozèk.Jozèk se te pitit Joda. 27  Joda se te pitit Jowanan.Jowanan se te pitit Reza.Reza se te pitit Zowobabèl+.Zowobabèl se te pitit Cheyaltyèl+.Cheyaltyèl se te pitit Neri. 28  Neri se te pitit Mèlki.Mèlki se te pitit Adi.Adi se te pitit Kozam.Kozam se te pitit Èlmadam.Èlmadam se te pitit È. 29  È se te pitit Jezi.Jezi se te pitit Elyezè.Elyezè se te pitit Jorim.Jorim se te pitit Matat.Matat se te pitit Levi. 30  Levi se te pitit Simeyon.Simeyon se te pitit Jida.Jida se te pitit Jozèf.Jozèf se te pitit Jonam.Jonam se te pitit Elyakim. 31  Elyakim se te pitit Meleya.Meleya se te pitit Mena.Mena se te pitit Matata.Matata se te pitit Natan+.Natan se te pitit David+. 32  David se te pitit Jese+.Jese se te pitit Obèd+.Obèd se te pitit Bowaz+.Bowaz se te pitit Salmon+.Salmon se te pitit Nachon+. 33  Nachon se te pitit Aminadab.Aminadab se te pitit Ani.Ani se te pitit Ezwon.Ezwon se te pitit Perès+.Perès se te pitit Jida+. 34  Jida se te pitit Jakòb+.Jakòb se te pitit Izarak+.Izarak se te pitit Abraram+.Abraram se te pitit Tera+.Tera se te pitit Nawò+. 35  Nawò se te pitit Sewoug+.Sewoug se te pitit Rewou+.Rewou se te pitit Pelèg+.Pelèg se te pitit Ebè+.Ebè se te pitit Chela+. 36  Chela se te pitit Kayinan.Kayinan se te pitit Apakchad+.Apakchad se te pitit Sèm+.Sèm se te pitit Noye+.Noye se te pitit Lamèk+. 37  Lamèk se te pitit Metouchela+.Metouchela se te pitit Enòk.Enòk se te pitit Jarèd+.Jarèd se te pitit Mahalaleyèl+.Mahalaleyèl se te pitit Kayinan+. 38  Kayinan se te pitit Enòch+.Enòch se te pitit Sèt+.Sèt se te pitit Adan+,E Adan se te pitit Bondye.

Nòt anba paj

Lit.: “te tetrak”.
Anpalan de Ewòd Antipas. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “tout chè”.
Oswa: “ap wè mwayen Bondye itilize pou l sove moun nan”.
Lit.: “pwodui fwi”.
Oswa: “ki gen yon rad anplis”.
Oswa: “Pa ranmase”.
Oswa: “Pa dechèpiye”.
Oswa: “kontante nou ak sa yo peye nou”.