Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Lik

Chapit

Sa k ladan l

  • 1

    • Pou Teyofil (1-4)

    • Gabriyèl anonse nesans Jan ki konn batize moun nan (5-25)

    • Gabriyèl anonse nesans Jezi (26-38)

    • Mari vizite Elizabèt (39-45)

    • Mari bay Jewova glwa (46-56)

    • Nesans Jan, ak non li (57-66)

    • Pwofesi Zakari a (67-80)

  • 2

    • Nesans Jezi (1-7)

    • Plizyè zanj parèt devan bèje yo (8-20)

    • Yo sikonsi tipitit la e yo pirifye tèt yo (21-24)

    • Simeyon wè Kris la (25-35)

    • Àn ap pale de tipitit la (36-38)

    • Yo retounen Nazarèt (39, 40)

    • Jezi gen 12 an e li nan tanp lan (41-52)

  • 3

    • Travay Jan kòmanse (1, 2)

    • Jan preche moun yo pou yo batize (3-20)

    • Batèm Jezi (21, 22)

    • Lis fanmi kote Jezi Kris soti (23-38)

  • 4

    • Dyab la tante Jezi (1-13)

    • Jezi kòmanse preche nan Galile (14, 15)

    • Yo pa aksepte Jezi nan Nazarèt (16-30)

    • Jezi nan sinagòg la nan Kapènawòm (31-37)

    • Jezi geri bèlmè Simon ak lòt moun ankò (38-41)

    • Foul moun yo vin jwenn Jezi yon kote ki izole (42-44)

  • 5

    • Jezi fè yon mirak, e yo pran anpil pwason; premye disip yo (1-11)

    • Jezi geri yon moun ki gen lèp (12-16)

    • Jezi geri yon moun ki paralize (17-26)

    • Jezi rele Levi (27-32)

    • Kesyon sou fè jèn (33-39)

  • 6

    • Jezi se “Seyè saba a” (1-5)

    • Jezi geri yon mesye ki gen men l pòk (6-11)

    • Non 12 apot yo (12-16)

    • Jezi anseye moun e li geri yo (17-19)

    • Kè kontan ak malè (20-26)

    • Renmen ènmi nou yo (27-36)

    • Sispann jije moun (37-42)

    • Se grasa fwi yon pyebwa bay y ap rekonèt li (43-45)

    • Kay ki byen bati; kay ki pa gen fondasyon solid (46-49)

  • 7

    • Lafwa yon ofisye (1-10)

    • Jezi resisite pitit gason yon vèv nan vil Nayin (11-17)

    • Jezi fè lwanj pou Jan ki konn batize moun nan (18-30)

    • Jezi kondane yon jenerasyon ki rebèl (31-35)

    • Jezi padone yon fi k ap mennen movèz vi (36-50)

      • Egzanp mesye ki dwe yo (41-43)

  • 8

    • Kèk medam ki te akonpaye Jezi (1-3)

    • Egzanp moun ki soti al simen semans lan (4-8)

    • Rezon ki fè Jezi sèvi ak egzanp (9, 10)

    • Jezi esplike egzanp moun ki soti al simen semans lan (11-15)

    • Yo pap kouvri yon lanp (16-18)

    • Manman Jezi ak frè Jezi yo (19-21)

    • Jezi kalme yon tanpèt (22-25)

    • Jezi voye demon yo nan kochon yo (26-39)

    • Pitit fi Jayiris la; yon dam touche rad Jezi (40-56)

  • 9

    • Jezi bay 12 apot yo fòmasyon pou fè travay predikasyon an (1-6)

    • Ewòd boulvèse akoz Jezi (7-9)

    • Jezi bay plis pase 5 000 moun manje (10-17)

    • Pyè idantifye Kris la (18-20)

    • Jezi anonse li gen pou l mouri (21, 22)

    • Vrè disip yo (23-27)

    • Aparans Jezi chanje (28-36)

    • Jezi geri yon tigason ki gen movèzespri sou li (37-43a)

    • Jezi anonse ankò li gen pou l mouri (43b-45)

    • Disip yo ap diskite pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan (46-48)

    • Yon moun ki pa kont nou, li pou nou (49, 50)

    • Moun nan yon bouk nan Samari rejte Jezi (51-56)

    • Fason pou nou suiv Jezi (57-62)

  • 10

    • Jezi voye 70 disip (1-12)

    • Malè pou vil ki pa vle repanti yo (13-16)

    • Lè 70 disip yo retounen (17-20)

    • Jezi bay Papa l louwanj paske Papa l fè moun ki piti yo favè (21-24)

    • Egzanp bon Samariten an (25-37)

    • Jezi vizite Mat ak Mari (38-42)

  • 11

    • Fason pou nou priye (1-13)

      • Modèl priyè a (2-4)

    • Se grasa lespri sen Jezi chase demon (14-23)

    • Lè movèzespri a retounen (24-26)

    • Vrè kè kontan an (27, 28)

    • Siy Jonas la (29-32)

    • Lanp kò a (33-36)

    • Malè pou chèf relijye ipokrit yo (37-54)

  • 12

    • Ledven Farizyen yo (1-3)

    • Pito nou pè Bondye pase nou pè lèzòm (4-7)

    • Moun ki deklare li konnen Kris (8-12)

    • Egzanp yon mesye rich ki sòt (13-21)

    • Sispann bay tèt nou pwoblèm (22-34)

      • Ti twoupo a (32)

    • Ret je klè (35-40)

    • Entandan fidèl la ak yon entandan ki pa fidèl (41-48)

    • Se pa lapè Jezi vin mete, men se divizyon (49-53)

    • Nou bezwen egzamine tan n ap viv la (54-56)

    • Rezoud pwoblèm nou gen ak lòt moun (57-59)

  • 13

    • Si nou pa repanti, n ap peri (1-5)

    • Egzanp pye fig frans ki pa bay fwi a (6-9)

    • Yon jou saba, Jezi geri yon dam ki domaje (10-17)

    • Egzanp grenn moutad la ak ledven an (18-21)

    • Efò yon moun dwe fè pou l antre nan pòt ki jis la (22-30)

    • “Rena sa a”, anpalan de Ewòd (31-33)

    • Pawòl tris Jezi di sou Jerizalèm (34, 35)

  • 14

    • Yon jou saba, Jezi geri yon mesye kò l te anfle (1-6)

    • Pa met tèt nou byen wo lè yo envite nou yon kote (7-11)

    • Envite moun ki pa ka remèt nou sa nou fè pou yo (12-14)

    • Egzanp envite ki t ap chèche eskiz yo (15-24)

    • Sa sa mande pou moun vin disip Jezi (25-33)

    • Sèl ki pèdi gou l (34, 35)

  • 15

    • Egzanp mouton ki pèdi a (1-7)

    • Egzanp pyès monnen ki pèdi a (8-10)

    • Egzanp pitit gason ki te pèdi a (11-32)

  • 16

    • Egzanp entandan ki pa jis la (1-13)

      • ‘Moun ki fidèl nan bagay ki piti ap fidèl nan bagay ki gwo’ (10)

    • Lalwa ak Wayòm Bondye a (14-18)

    • Egzanp mesye ki rich la ak Laza (19-31)

  • 17

    • Bagay ki fè moun peche; padon ak lafwa (1-6)

    • Nou se esklav ki pa vo anyen (7-10)

    • Jezi geri dis moun ki gen lèp (11-19)

    • Wayòm Bondye a ap vini (20-37)

      • Wayòm Bondye a “nan mitan nou” (21)

      • “Sonje madan Lòt” (32)

  • 18

    • Egzanp vèv ki pa t sispann al kot jij la (1-8)

    • Farizyen an ak pèseptè a (9-14)

    • Jezi rele timoun yo (15-17)

    • Yon chèf rich poze Jezi kesyon (18-30)

    • Jezi anonse ankò li gen pou l mouri (31-34)

    • Jezi fè yon moun k ap mande ki te avèg vin wè ankò (35-43)

  • 19

    • Jezi vizite Zache (1-10)

    • Egzanp dis min yo (11-27)

    • Yo resevwa Jezi tankou yon wa (28-40)

    • Jezi kriye pou Jerizalèm (41-44)

    • Jezi pwòpte tanp lan (45-48)

  • 20

    • Yo mande Jezi kiyès ki ba l otorite li genyen an (1-8)

    • Egzanp kiltivatè ki asasen yo (9-19)

    • Bondye ak Seza (20-26)

    • Kesyon sou rezirèksyon (27-40)

    • Èske Kris la se pitit David? (41-44)

    • Avètisman Jezi bay kont espè nan Lalwa yo (45-47)

  • 21

    • De ti pyès monnen vèv la (1-4)

    • SIY BAGAY KI GEN POU RIVE YO (5-36)

      • Lagè, gwo tranblemanntè, epidemi, rate manje (10, 11)

      • Lame yo monte kan toutotou Jerizalèm (20)

      • Tan ki fikse pou nasyon yo (24)

      • Pitit lòm nan ap vini (27)

      • Egzanp pye fig frans lan (29-33)

      • Rete je klè (34-36)

    • Jezi ap anseye nan tanp lan (37, 38)

  • 22

    • Prèt yo fè konplo pou yo touye Jezi (1-6)

    • Preparasyon pou dènye fèt Pak la (7-13)

    • Soupe Seyè a (14-20)

    • “Moun k ap trayi m nan ansanm avè m sou tab la” (21-23)

    • Gwo diskisyon pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan (24-27)

    • Jezi fè yon alyans ak apot li yo pou yon wayòm (28-30)

    • Jezi fè konnen Pyè pral nye l (31-34)

    • Enpòtans pou nou pare; de epe (35-38)

    • Priyè Jezi te fè sou Mòn Oliv la (39-46)

    • Yo arete Jezi (47-53)

    • Pyè nye Jezi (54-62)

    • Yo pase Jezi nan rizib (63-65)

    • Yo jije Jezi devan Sanedren an (66-71)

  • 23

    • Yo mennen Jezi devan Pilat ak Ewòd (1-25)

    • Yo pann Jezi ak de bandi sou poto (26-43)

      • “W ap avè m nan Paradi a” (43)

    • Lanmò Jezi (44-49)

    • Antèman Jezi (50-56)

  • 24

    • Jezi resisite (1-12)

    • Sou wout ki mennen Emayis la (13-35)

    • Jezi parèt devan disip yo (36-49)

    • Jezi monte nan syèl (50-53)