Jeremi 10​:​1-25

  • Pakèt dye nasyon yo parapò ak Bondye vivan an (1-16)

  • Y ap detwi yo e y ap mennen yo ann egzil talè konsa (17, 18)

  • Jeremi nan lapenn (19-22)

  • Priyè pwofèt la (23-25)

    • Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l (23)

10  Nou menm moun Izrayèl, tande sa Jewova di kont nou.  Jewova di: “Pa fè menm jan ak nasyon yo+,E pinga nou pè akoz siy ki nan syèl laPaske nasyon yo pè yo+.   Paske, koutim pèp sa yo pa vo anyen.Yo koupe yon pyebwa nan yon rakbwa,Epi yo bay yon bòs atizan travay li ak zouti* l pou l fè yon zidòl+.   Apre sa, yo kouvri l avèk ajan ak lò+,Yo pran mato ak klou, epi yo kloure l yon kote pou l pa tonbe+.   Zidòl yo pa ka pale, yo menm jan ak mannken* yo mete nan yon jaden konkonm+.Yo oblije pote yo paske yo pa ka mache+.Pa pè yo, paske yo pa ka fè nou anyen ki mal,Ni yo pa ka ede nou+.”   O Jewova, pa gen pèsonn tankou w+.Ou san parèy. Non w gran e li montre pisans ou.   Ki moun ki ka pa gen lakrentif pou ou, ou menm ki Wa tout nasyon yo+? Ou merite sa.Paske, pami tout moun ki gen sajès nan nasyon yo e pami tout wayòm ki genyen yo,Pa gen pèsonn tankou w+.   Pa gen youn nan yo ki gen bonsans, yo se yon bann moun sòt+.Se yon erè pou yon moun panse yon pyebwa ka anseye l+.   Yo enpòte plak ann ajan sot Tasis+ e yo enpòte lò sot Oufaz.Atizan ak moun ki konn travay ak metal sèvi ak yo pou yo kouvri bwa yo.Moun yo met rad ki fèt ak fil ble ak fil lenn vyolèt sou zidòl yo.Tout zidòl sa yo se moun ki fò ki fè yo. 10  Men, se Jewova ki Bondye toutbon.Se li ki Bondye vivan an+ e se li ki Wa ki la pou toutan an+.Tè a gen pou l souke akoz Bondye fache+,E pa gen yon nasyon k ap ka sipòte lè l ap egzekite jijman l sou yo. 11  * Men sa pou w di yo:“Tout dye ki pa t fè syèl la ak tè aGen pou yo disparèt sou tè a, wi, anba syèl ki la kounye a+.” 12  Bondye se Sila a ki fè tè a grasa fòs li,Se li ki tabli tè a grasa sajès li+E ki ouvri syèl la tankou yon dra grasa bon konprann li+. 13  Lè l fè tande vwa l,Dlo ki nan syèl la pran fè bri+,E li fè nyaj* soti nan dènye bout tè a monte nan syèl la+.Li fè kout zèklè flache nan* lapli,E li fè van soti nan depo l yo+. 14  Pa gen yon moun ki aji yon fason ki rezonab e ki aji yon fason ki montre yo gen konesans.Tout moun k ap travay metal yo gen pou yo wont akoz zidòl yo fè yo+,Paske, zidòl yo fè* yo pa vo anyen,E yo pa gen lavi* nan yo+. 15  Yo pa vo anyen, yo merite pou moun pase yo nan rizib+.Lè jou a rive pou Bondye regle ak yo, y ap disparèt. 16  Bondye Jakòb la li menm pa tankou bagay sa yo,Paske, se li menm ki bay tout bagay fòm,E Izrayèl, eritaj li a, se baton l+.Non l se Jewova, Chèf lame yo+. 17  Ou menm fi ènmi an sènen toupatou a,Ranmase pakèt ou atè a. 18  Paske, men sa Jewova di:“Kounye a, m ap voye moun ki abite nan peyi sa a deyò+,M ap lage yo nan lapenn.” 19  Malè pou mwen, paske mwen tonbe+.Blese m nan pa ka geri.Mwen te di: “Vrèmanvre, se maladi pa m e se pou m sipòte l. 20  Yo ravaje tant mwen an e yo kase tout kòd ki te mare l yo+.Pitit gason m yo kite m, yo pa la ankò+.Pa gen pèsonn ki rete pou ouvri twal tant mwen yo oswa pou monte tant mwen an pou mwen. 21  Paske, bèje yo te aji yon fason ki montre yo pa gen bonsans+,E yo pa t mande Jewova direksyon+.Se sa k fè yo pa aji avèk bon konprann,E tout bèt yo genyen yo gaye+.” 22  Koute! Men yon nouvèl ki fèk tonbe!Gen yon gwo mouvman k ap fèt nan peyi ki nan nò a+.Lame l yo ap vini pou yo fè vil Jida yo pa gen okenn moun ladan yo, pou yo fè vil sa yo tounen yon kote chen sovaj rete+. 23  O Jewova, mwen byen konnen se pa lòm ki pou chwazi chemen l ap suiv.Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l+. 24  Korije m, o Jewova, selon jistis ou,Men, pa fè sa pandan w an kòlè+ pou w pa fini avè m+. 25  Lage kòlè w sou nasyon ki pa chèche konnen w yo+,Sou pèp ki pa envoke non w yo.Paske, yo fini ak desandan Jakòb yo+.Wi, yo fini ak yo jis yo elimine yo nèt+,E yo ravaje peyi yo a+.

Nòt anba paj

Oswa: “ak kouto digo”.
Yon bagay yo mete kanpe nan jaden pou fè zwazo pè pou yo pa vin manje rekòt yo.
Okòmansman, se nan lang arameyen yo te ekri vèsè 11 lan.
Se kapab tou: “Li fè vàn pou”.
Oswa: “vapè”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Oswa: “souf”.