Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Jeremi

Chapit

Sa k ladan l

  • 1

    • Bondye nome Jeremi pwofèt (1-10)

    • Vizyon branch zanmann nan (11, 12)

    • Vizyon chodyè a (13-16)

    • Bondye bay Jeremi fòs pou travay li ba l fè a (17-19)

  • 2

    • Izrayèl abandone Jewova pou lòt dye (1-37)

      • Izrayèl tankou yon pye rezen mawon (21)

      • Rad li tache ak san (34)

  • 3

    • Degre Izrayèl vire do bay Bondye (1-5)

    • Izrayèl ak Jida koupab paske yo fè adiltè (6-11)

    • Bondye mande pèp la pou l repanti (12-25)

  • 4

    • Repantans pote anpil benediksyon (1-4)

    • Se nan nò malè a ap soti (5-18)

    • Jeremi tris anpil pou malè k ap vini an (19-31)

  • 5

    • Pèp la rejte disiplin Jewova (1-13)

    • Y ap detwi pèp la men yo pap elimine l nèt (14-19)

    • Jewova mande pèp la kont (20-31)

  • 6

    • Lè pou yo ansèkle Jerizalèm nan prèske rive (1-9)

    • Jewova an kòlè anpil kont Jerizalèm (10-21)

      • Y ap di: “Gen lapè!” alòske pa gen lapè vre (14)

    • Pèp k ap sot nan nò a ap atake yo yon fason ki fewòs (22-26)

    • Jeremi ap tankou moun k ap teste metal (27-30)

  • 7

    • Yo met nan tèt yo tanp Jewova a ap pwoteje yo (1-11)

    • Tanp lan ap vin tankou Silo (12-15)

    • Bondye kondane moun k ap adore l pou lafòm (16-34)

      • Yo adore “Rèn syèl la” (18)

      • Yo ofri timoun kòm sakrifis nan Vale pitit gason Inon an (31)

  • 8

    • Pèp la chwazi fè sa pifò moun ap fè (1-7)

    • Ki sajès ki genyen san pawòl Jewova? (8-17)

    • Jeremi nan lapenn pou Jida (18-22)

      • “Èske pa gen luil santi bon nan Galaad ankò?” (22)

  • 9

    • Jeremi tris anpil (1-3a)

    • Jewova mande Jida kont (3b-16)

    • Jeremi ap plenn sò Jida (17-22)

    • Vante tèt nou poutèt nou konnen Jewova (23-26)

  • 10

    • Pakèt dye nasyon yo parapò ak Bondye vivan an (1-16)

    • Y ap detwi yo e y ap mennen yo ann egzil talè konsa (17, 18)

    • Jeremi nan lapenn (19-22)

    • Priyè pwofèt la (23-25)

      • Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l (23)

  • 11

    • Jida kraze alyans li gen ak Bondye a (1-17)

      • Kantite dye yo egal ak kantite vil yo (13)

    • Jeremi tankou yon timouton y ap mennen labatwa (18-20)

    • Moun ki sot nan vil Jeremi fèt la opoze avè l (21-23)

  • 12

    • Jeremi depoze plent li devan Bondye (1-4)

    • Jewova reponn (5-17)

  • 13

    • Senti an len ki gate a (1-11)

    • Gwo krich diven y ap kraze yo (12-14)

    • Moun Jida yo pa ka korije, yo pral ann egzil (15-27)

      • “Èske yon moun Etyopi ka chanje po l?” (23)

  • 14

    • Sechrès, gwo grangou ak epe (1-12)

    • Bondye kondane fo pwofèt yo (13-18)

    • Jeremi rekonèt pèp la peche (19-22)

  • 15

    • Jewova pap chanje jijman l lan (1-9)

    • Jeremi ap plenn sò l (10)

    • Jewova reponn (11-14)

    • Priyè Jeremi an (15-18)

      • Jeremi kontan manje pawòl Bondye yo (16)

    • Jewova bay Jeremi fòs (19-21)

  • 16

    • Jeremi pa dwe marye, li pa dwe ni kriye ni fete (1-9)

    • Bondye ap pini pèp la, apre sa l ap fè l retounen (10-21)

  • 17

    • Peche Jida a byen anrasinen (1-4)

    • N ap jwenn benediksyon si nou fè Jewova konfyans (5-8)

    • Kè a trèt (9-11)

    • Jewova, espwa pèp Izrayèl la (12, 13)

    • Priyè Jeremi an (14-18)

    • Konsidere jou saba a kòm yon jou ki sakre (19-27)

  • 18

    • Ajil la nan men atizan an (1-12)

    • Jewova bay pèp Izrayèl la do (13-17)

    • Yo fè yon konplo sou do Jeremi; priyè l la (18-23)

  • 19

    • Bondye mande Jeremi pou l kraze yon krich (1-15)

      • Yo ofri Baal timoun kòm sakrifis (5)

  • 20

    • Pachou fè yo bat Jeremi (1-6)

    • Jeremi pa ka sispann preche (7-13)

      • Mesaj Bondye tankou yon dife (9)

      • Jewova tankou yon sòlda ki fè moun pè (11)

    • Jeremi ap plenn sò l (14-18)

  • 21

    • Jewova pa dakò ak demann Sedesyas la (1-7)

    • Pèp la dwe chwazi lavi oswa lanmò (8-14)

  • 22

    • Mesaj jijman kont move wa yo (1-30)

      • Konsènan Chaloum (10-12)

      • Konsènan Jewoyakim (13-23)

      • Konsènan Koniya (24-30)

  • 23

    • Bon bèje yo ak move bèje yo (1-4)

    • Kè poze anba dominasyon ‘boujon ki renmen sa ki dwat la’ (5-8)

    • Yo kondane fo pwofèt yo (9-32)

    • “Chay” Jewova a (33-40)

  • 24

    • Bon fig frans yo ak fig frans ki pa bon yo (1-10)

  • 25

    • Jewova gen kont ak nasyon yo (1-38)

      • Nasyon yo ap sèvi wa Babilòn nan pandan 70 an (11)

      • Koup ki gen diven kòlè Bondye a (15)

      • Yon malè k ap tonbe sou nasyon yo youn apre lòt (32)

      • Moun Jewova touye yo (33)

  • 26

    • Yo menase Jeremi pou yo touye l (1-15)

    • Yo pa touye Jeremi (16-19)

      • Yo site pwofesi Miche a (18)

    • Pwofèt Ouriya (20-24)

  • 27

    • Jouk Babilòn nan (1-11)

    • Jeremi di Sedesyas pou l soumèt devan Babilòn (12-22)

  • 28

    • Jeremi ak Anànya, yon fo pwofèt (1-17)

  • 29

    • Lèt Jeremi pou moun ki ann egzil Babilòn yo (1-23)

      • Pèp Izrayèl la ap retounen apre 70 an (10)

    • Yon mesaj pou Chemaya (24-32)

  • 30

    • Pwomès pou fè pèp la retounen e pou l geri l (1-24)

  • 31

    • Rès moun Izrayèl yo ap retounen abite nan peyi a (1-30)

      • Rachèl ap kriye pou pitit li yo (15)

    • Yon nouvo alyans (31-40)

  • 32

    • Jeremi achte yon teren (1-15)

    • Priyè Jeremi an (16-25)

    • Jewova reponn (26-44)

  • 33

    • Pwomès konsènan chanjman ki pral genyen (1-13)

    • Sekirite anba dominasyon ‘boujon ki renmen sa ki dwat la’ (14-16)

    • Alyans ak David ak prèt yo (17-26)

      • Alyans konsènan lajounen ak lannuit lan (20)

  • 34

    • Mesaj jijman pou Sedesyas (1-7)

    • Yo pa respekte alyans ki pèmèt esklav yo jwenn libète (8-22)

  • 35

    • Desandan Rekab yo kite yon bèl egzanp obeyisans (1-19)

  • 36

    • Jeremi di pawòl pou yo ekri nan yon woulo (1-7)

    • Bawouk li sa ki nan woulo a byen fò (8-19)

    • Jewoyakim boule woulo a (20-26)

    • Yo ekri mesaj la ankò nan yon lòt woulo (27-32)

  • 37

    • Moun Kalde yo retire kò yo pou yon ti tan (1-10)

    • Jeremi nan prizon (11-16)

    • Sedesyas wè ak Jeremi (17-21)

      • Yo bay Jeremi pen (21)

  • 38

    • Yo mete Jeremi nan yon sitèn (1-6)

    • Ebèdmelèk sove lavi Jeremi (7-13)

    • Jeremi ankouraje Sedesyas rann tèt li (14-28)

  • 39

    • Jerizalèm tonbe (1-10)

      • Sedesyas chape poul li epi yo met men sou li (4-7)

    • Y ap pwoteje Jeremi (11-14)

    • Ebèdmelèk pap pèdi lavi l (15-18)

  • 40

    • Nebouzaradan libere Jeremi (1-6)

    • Yo met Gedalya dirije peyi a (7-12)

    • Konplo kont Gedalya (13-16)

  • 41

    • Izmayèl asasinen Gedalya (1-10)

    • Jowanan fè Izmayèl kouri pou li (11-18)

  • 42

    • Pèp la mande Jeremi pou l priye pou l mande direksyon (1-6)

    • Jewova reponn: “Pinga n al ann Ejip” (7-22)

  • 43

    • Pèp la pa obeyi, y al ann Ejip (1-7)

    • Jewova pale ak Jeremi ann Ejip (8-13)

  • 44

    • Jeremi anonse malè k ap rive Juif yo ann Ejip (1-14)

    • Pèp la pa koute avètisman Bondye a (15-30)

      • Yo adore “Rèn syèl la” (17-19)

  • 45

    • Mesaj Jewova pou Bawouk (1-5)

  • 46

    • Pwofesi kont Ejip (1-26)

      • Nebikadneza ap pot laviktwa sou Ejip (13, 26)

    • Pwomès Bondye fè pèp Izrayèl la (27, 28)

  • 47

    • Pwofesi kont moun Filisti yo (1-7)

  • 48

    • Pwofesi kont Mowab (1-47)

  • 49

    • Pwofesi kont desandan Amon yo (1-6)

    • Pwofesi kont Edòm (7-22)

      • Edòm pap egziste antanke nasyon ankò (17, 18)

    • Pwofesi kont Damas (23-27)

    • Pwofesi kont Keda ak Azò (28-33)

    • Pwofesi kont Elam (34-39)

  • 50

    • Pwofesi kont Babilòn (1-46)

      • Kouri kite Babilòn (8)

      • Pèp Izrayèl la ap retounen (17-19)

      • Dlo Babilòn yo ap seche (38)

      • Moun pap rete Babilòn ankò (39, 40)

  • 51

    • Pwofesi kont Babilòn (1-64)

      • Babilòn ap tonbe bridsoukou anba men wa Medi yo (8-12)

      • Yo jete yon woulo nan Rivyè Efrat la (59-64)

  • 52

    • Sedesyas revòlte kont Babilòn (1-3)

    • Nebikadneza ansèkle Jerizalèm (4-11)

    • Yo detwi vil la ak tanp lan (12-23)

    • Yo mennen pèp la al ann egzil nan peyi Babilòn (24-30)

    • Yo libere Jewoyakin nan prison (31-34)