Jan 8​:​12-59

  • Papa a bay temwayaj sou Jezi (12-30)

    • Jezi se “limyè pou monn nan” (12)

  • Pitit Abraram yo (31-41)

    • “Laverite ap libere nou” (32)

  • Pitit Dyab la genyen yo (42-47)

  • Jezi ak Abraram (48-59)

8  12  Apre sa, Jezi pale avèk yo ankò, li di: “Mwen se limyè pou monn nan+. Yon moun ki suiv mwen pap janm mache nan fènwa, men l ap gen limyè+ k ap mennen nan lavi a.” 13  Lè sa a, Farizyen yo di l: “W ap bay temwayaj sou pwòp tèt ou. Donk, temwayaj ou a pa laverite.” 14  Jezi reponn yo, li di: “Menmsi se mwen ki bay temwayaj sou tèt mwen, temwayaj mwen bay la se laverite, paske mwen konn kote m soti ak kote m prale+. Men nou menm, nou pa konn ni kote m soti ni kote m prale. 15  Nou jije selon fason lèzòm panse+, mwen menm, mwen pa jije pèsonn. 16  Epoutan, menmsi mwen fè yon jijman, jijman m nan ap ann amoni ak laverite, paske mwen pa poukont mwen, men Papa a ki voye m nan ansanm avè m+. 17  Epitou, men sa ki ekri nan pwòp Lwa nou an: ‘Se temwayaj de moun ki laverite+.’ 18  Mwen bay temwayaj sou tèt mwen, e Papa a ki voye m nan bay temwayaj sou mwen+.” 19  Lè sa a, yo di l: “Kote Papa w?” Jezi reponn: “Nou pa konnen ni mwen ni Papa m+. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou+.” 20  Li te di pawòl sa yo kote ki te gen kès yo konn met ofrann yo+, etan li t ap anseye nan tanp lan. Men, pèsonn pa t met men sou li, paske lè l potko rive+. 21  Apre sa, li di yo: “Mwen prale, e nou gen pou nou chèche m, epoutan n ap mouri nan peche nou+. Nou pa ka al kote m prale a+.” 22  Lè sa a, Juif yo di: “Èske se touye li pral touye tèt li? Paske, li di: ‘Nou pa ka al kote m prale a.’” 23  Epi, li di yo: “Nou se moun anba, mwen menm, mwen se moun anwo+. Se nan monn sa a nou soti, men mwen menm, mwen pa sot nan monn sa a. 24  Se sa k fè mwen di nou: N ap mouri nan peche nou. Paske, si nou pa kwè mwen se moun mwen di m ye a, n ap mouri nan peche nou.” 25  Lè sa a, yo di l: “Kiyès ou ye?” Jezi reponn yo: “Poukisa menm mwen kontinye ap pale avèk nou toujou? 26  Mwen gen anpil bagay pou m di sou nou e mwen gen anpil bagay pou m jije. Annefè, Sila a ki voye m nan toujou di laverite, e bagay mwen te tande nan bouch li, se yo menm m ap di nan monn nan+.” 27  Yo pa t konprann se de Papa a li t ap pale yo. 28  Apre sa, Jezi di: “Lè nou fin leve Pitit lòm nan anlè+, lè sa a n ap konnen mwen se moun mwen di m ye a+, e n ap konnen se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen+, men, se sa Papa a anseye m mwen di. 29  E Sila a ki voye m nan avè m. Li pa lage m poukont mwen, paske mwen toujou fè sa ki fè l plezi+.” 30  Pandan li t ap di bagay sa yo, anpil moun te mete lafwa nan li. 31  Apre sa, Jezi di Juif ki te kwè nan li yo: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, 32  n ap konnen laverite+, e laverite ap libere nou+.” 33  Lòt yo reponn li: “Nou se desandan Abraram e nou pa t janm esklav pèsonn. Kòman w fè di: ‘N ap vin lib’?” 34  Jezi reponn yo: “Anverite m ap di nou sa: Yon moun k ap pratike peche se esklav peche li ye+. 35  Mete sou sa, esklav la pa rete nan kay la pou toutan, se pitit la ki rete pou toutan. 36  Se sa k fè, si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon. 37  Mwen konnen nou se desandan Abraram. Men, n ap chèche touye m, paske nou pa aksepte pawòl mwen. 38  Mwen pale de bagay mwen te wè lè m te avèk Papa m+. Men, nou menm, nou fè sa nou tande papa nou di.” 39  Yo reponn, yo di l: “Se Abraram ki papa nou.” Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram+, nou t ap fè travay Abraram. 40  Men kounye a, se touye n ap chèche touye m, mwen menm ki di nou verite mwen te tande nan bouch Bondye+. Abraram pa t fè sa. 41  Se travay papa nou n ap fè.” Yo di l: “Nou pa t fèt nan imoralite*. Yon sèl Papa nou genyen, se Bondye.” 42  Jezi di yo: “Si se Bondye ki te Papa nou, nou t ap renmen m+, paske se Bondye ki voye m e ki fè m la a. Epitou, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini, men se Sila a ki voye m nan ki te deside sa+. 43  Ki sa k fè nou pa konprann sa m ap di a? Se paske nou pa ka tande pawòl mwen. 44  Nou menm, nou soti nan papa nou, Dyab la, e nou vle fè volonte l+. Li te yon asasen depi lè li te kòmanse nan wout li pran an*+, e li pa t kenbe fèm nan laverite, paske li pa gen laverite nan li. Lè l ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti+. 45  Yon lòt bò, nou pa kwè m, paske mwen menm, m ap di laverite. 46  Kiyès nan nou ki ka pwouve mwen fè peche? Si m ap di laverite, kòman nou fè pa kwè m? 47  Moun ki soti nan Bondye koute pawòl Bondye+. Sa k fè nou menm nou pa koute, se paske nou pa soti nan Bondye+.” 48  Juif yo reponn, yo di l: “Èske nou pa gen rezon di: ‘Ou se yon Samariten+ e ou gen yon demon sou ou+’?” 49  Jezi reponn: “Mwen pa gen demon sou mwen, men m ap onore Papa m, e nou menm n ap dezonore m. 50  Mwen pap chèche glwa pou tèt mwen+. Gen yon Moun k ap chèche sa pou mwen, e se li ki Jij. 51  Anverite m ap di nou sa: Si yon moun obeyi pawòl mwen, li pa gendwa janm mouri+.” 52  Juif yo di l: “Kounye a, nou sèten ou gen yon demon sou ou. Abraram mouri, pwofèt yo mouri tou, epi ou menm, ou di: ‘Si yon moun obeyi pawòl mwen, li pa gendwa janm mouri.’ 53  Èske w pi enpòtan pase Abraram, papa nou, ki mouri? Epitou, pwofèt yo mouri. Ki moun ou panse w ye la a?” 54  Jezi reponn: “Si m ap bay tèt mwen glwa, glwa m nan pa anyen. Se Papa m k ap ban m glwa+, li menm nou di ki se Bondye nou an. 55  Epoutan, nou pa konnen l+. Men, mwen menm, mwen konnen l+. E si m ta di mwen pa konnen l, mwen t ap vin yon mantè menm jan avèk nou. Men, mwen konnen l, e se pawòl li m ap obeyi. 56  Abraram, papa nou, te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè jou m nan, e li te wè l e li te rejwi+.” 57  Lè sa a, Juif yo di l: “Ou poko menm gen 50 an, epi w te gentan wè Abraram?” 58  Jezi di yo: “Anverite m ap di nou sa: Anvan Abraram te egziste, mwen te la+.” 59  Lè sa a, yo pran wòch pou yo voye dèyè l. Men, Jezi kache e li soti nan tanp lan.

Nòt anba paj

Oswa: “nan imoralite seksyèl”. Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “depi okòmansman”.