Jan 13​:​1-38

  • Jezi lave pye disip li yo (1-20)

  • Jezi fè wè se Jida ki trèt la (21-30)

  • Yon nouvo kòmandman (31-35)

    • “Si nou gen lanmou nan mitan nou” (35)

  • Jezi fè konnen Pyè pral nye l (36-38)

13  Depi anvan fèt Pak la, Jezi te konnen lè l rive+ pou l kite monn sa a pou l al jwenn Papa a+. E piske li te renmen moun pa l yo ki t ap viv nan monn nan, li te kontinye renmen yo jiska lafen+.  Nan moman soupe a, Dyab la te deja met nan kè Jida Iskaryòt+, pitit Simon an, lide pou l livre l+.  Jezi li menm te konnen Papa a remèt li tout bagay, e li te konnen se Bondye ki voye l e se Bondye li pral jwenn+.  Sa l fè, li leve bò tab la e li depoze rad li te met pa anlè rad ki sou li a sou kote. Li pran yon sèvyèt, li mare l nan senti l+.  Apre sa, li met dlo nan yon kivèt, li kòmanse lave pye disip yo e li siye pye yo avèk sèvyèt li te mare nan senti l la.  Lè l rive sou Simon Pyè, Simon Pyè di l: “Seyè, apa w ap lave pye m?”  Jezi reponn, li di l: “Sa m ap fè a, ou pap konprann li kounye a, men w ap konprann apre.”  Pyè di l: “Jamè, ou pa gendwa lave pye m.” Jezi reponn li: “Si m pa lave pye w+, mwen pap annafè avè w.”  Simon Pyè di l: “Seyè, se pa pye m sèlman pou w lave, ou mèt lave men m ak tèt mwen tou.” 10  Jezi di l: “Yon moun ki benyen deja, se sèlman pye l li bezwen yo lave, paske tout kò l pwòp. Nou menm, nou pwòp, men se pa nou tout.” 11  Anfèt, li te konnen moun ki t ap livre l la+. Se poutèt sa li te di: “Se pa nou tout ki pwòp.” 12  Kounye a, lè l fin lave pye yo, li mete rad li a sou li, li retounen bò tab la, epi li di yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? 13  Nou rele m ‘Anseyan’, nou rele m ‘Seyè’, e nou gen rezon, paske se sa m ye+. 14  Kidonk, si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou+, nou menm tou, youn dwe* lave pye lòt+. 15  Paske, mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an+. 16  Anverite m ap di nou sa: Yon esklav pa plis pase mèt li, e moun yo voye a pa plis pase moun ki voye l la. 17  Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo+. 18  Se pa konsènan nou tout m ap pale. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, se dekwa pou sa ki di nan Ekriti yo ka akonpli+. Men sa ki di: ‘Moun ki te konn manje ansanm avè m nan vire* kont mwen+.’ 19  M ap di nou sa depi kounye a, anvan sa rive, yon fason pou lè sa rive, nou ka kwè mwen se moun mwen di m ye a+. 20  Anverite m ap di nou sa: Moun ki resevwa yon moun mwen voye resevwa m tou+. E moun ki resevwa m resevwa Sila a ki voye m nan tou+.” 21  Apre Jezi fin di bagay sa yo, lespri l vin boulvèse, e li deklare: “Anverite m ap di nou sa: Gen youn nan nou ki pral livre m+.” 22  Disip yo te kòmanse ap gade youn lòt, paske yo pa t wè de kiyès li t ap pale+. 23  Te gen youn nan disip yo ki te bò kote* Jezi, e Jezi te renmen l+. 24  Se sa k fè Simon Pyè fè disip sa a siy, li di l: “Di nou de kiyès l ap pale.” 25  Lè sa a, misye kage sou lestomak Jezi e li di l: “Seyè, kiyès sa a+?” 26  Jezi reponn: “Se moun m ap bay moso pen mwen tranpe a+.” Epi, li pran yon moso pen, li tranpe l e li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. 27  Lè Jida fin pran moso pen an, Satan antre nan li+. Lè sa a, Jezi di l: “Sa w ap fè a, fè l pi vit.” 28  Men, pa gen youn nan moun ki te bò tab la ki te konnen poukisa li te di l sa. 29  Anfèt, gen kèk ladan yo ki te panse, kòm se Jida ki te gen kès lajan an nan men l+, Jezi t ap di l pou l achte sa yo bezwen pou fèt la, oswa pou l bay pòv yo yon bagay. 30  Se konsa, tousuit apre Jida fin resevwa moso pen an, li soti. Lè sa a, li te lannuit+. 31  Kou l fin ale, Jezi di: “Kounye a, Pitit lòm nan jwenn glwa+ e li fè Bondye jwenn glwa. 32  Bondye li menm ap fè l jwenn glwa+, e l ap fè sa tousuit. 33  Timoun, se pou yon tikras tan ankò mwen avèk nou. Nou gen pou nou chèche m. E jan mwen te di Juif yo, m ap di nou sa kounye a tou: ‘Nou pa ka ale kote m prale a+.’ 34  M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an+, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt+. 35  Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou+.” 36  Simon Pyè di l: “Seyè, kote w prale?” Jezi reponn: “Kote m prale a ou pa ka suiv mwen kounye a, men ou va suiv mwen apre+.” 37  Pyè di l: “Seyè, sa k fè mwen pa ka suiv ou kounye a? M ap bay lavi m* pou ou+.” 38  Jezi reponn: “W ap bay lavi w* pou mwen? Anverite m ap di w sa: Se sèten, anvan yon kòk chante, w ap gentan nye m twa fwa+.”

Nòt anba paj

Oswa: “nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn”.
Lit.: “avè m nan leve talon l”.
Lit.: “ki te nan sen”.
Oswa: “bay nanm mwen”.
Oswa: “bay nanm mwen”.