Ebre 4​:​1-16

  • Danje ki genyen lè yon moun pa antre nan repo Bondye (1-10)

  • Pòl ankouraje frè yo pou yo antre nan repo Bondye (11-13)

    • Pawòl Bondye a vivan (12)

  • Se Jezi ki gran prèt la (14-16)

4  Donk, piske pwomès pou moun antre nan repo l la toujou la, annou pran prekosyon* pou okenn nan nou pa parèt rate l+.  Paske, yo te anonse nou bon nouvèl la tou, menm jan yo te anonse yo li+. Men, pawòl yo te tande a pa t itil yo anyen, paske yo pa t gen lafwa jan moun ki te obeyi yo te gen lafwa a.  Anfèt, nou menm ki demontre lafwa, nou antre nan repo a toutbon. Se konsènan repo sa a li te di: “Se sa k fè, mwen te an kòlè, e mwen te fè sèman: ‘Yo pap antre nan repo m nan+’”, byenke travay li yo te fini depi lè monn nan te fonde*+.  Paske, men sa li di nan yon pasaj nan Ekriti yo konsènan setyèm jou a: “Bondye te pran repo setyèm jou a nan tout travay li t ap fè yo+.”  E men sa pasaj sa a di ankò: “Yo pap antre nan repo m nan+.”  Kidonk, etandone gen kèk moun ki poko antre nan repo a, e etandone moun yo te anonse bon nouvèl la an premye yo pa t antre ladan l paske yo te dezobeyi+,  yon bon bout tan apre, li fikse yon jou ankò lè li di nan sòm David la: “Jodi a”, jan sa te parèt deja nan lèt la: “Jodi a, si nou koute vwa Bondye, pa fè tèt di+.”  Paske, si Jozye+ te mennen yo yon kote pou yo repoze, Bondye pa t ap bezwen pale de yon lòt jou apre sa.  Donk, rete yon repo ki tankou yon saba pou pèp Bondye a+. 10  Paske, moun ki antre nan repo Bondye a pran repo nan travay pa l tou, menm jan Bondye pran repo nan travay li+. 11  Kidonk, ann fè tout sa nou kapab pou nou antre nan repo sa a, dekwa pou yon moun pa tonbe poutèt l al suiv menm egzanp dezobeyisans lan+. 12  Paske, pawòl Bondye a vivan e li pisan+, li pi file pase yon epe ki file de bò+, epi li pèse fon jis li separe nanm* nan ak lespri* a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab rive wè panse ak entansyon ki nan kè yon moun. 13  E pa gen anyen nan kreyasyon an ki kache devan je Bondye+, men, tout bagay ekspoze aklè, san anyen pa kouvri yo, devan je Sila a nou gen kont pou nou rann nan+. 14  Kidonk, piske se yon gran prèt konsa nou genyen ki al nan syèl la, anpalan de Jezi, Pitit Bondye a+, annou kontinye fè konnen lafwa nou gen nan li+. 15  Paske, nou pa gen yon gran prèt ki pa ka konprann feblès nou+, men nou gen yon gran prèt ki te pase anba eprèv nan tout domèn, menm jan avèk nou, men ki san peche+. 16  Kidonk, annou pwoche bò kote twòn favè san parèy la e annou alèz pou n priye Bondye+ pou nou ka resevwa mizèrikòd e pou nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman.

Nòt anba paj

Lit.: “annou gen laperèz”.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.