Ebre 2​:​1-18

  • Bay sa nou te tande yo plis atansyon pase sa nou abitye bay (1-4)

  • Tout bagay soumèt anba pye Jezi (5-9)

  • Jezi ak frè l yo (10-18)

    • Gid prensipal ki pèmèt yo jwenn delivrans lan (10)

    • Yon gran prèt ki gen mizèrikòd (17)

2  Se poutèt sa, nou fèt pou nou bay sa nou te tande yo plis atansyon pase sa nou abitye bay+, yon fason pou anyen pa janm pote nou ale+.  Paske, si pawòl zanj te transmèt yo+ se te pawòl ki sèten, e si se ann amoni ak sa ki jis yo te bay pinisyon pou tout vyolasyon lalwa ak tout dezobeyisans+,  kòman n ap fè chape, si nou neglije yon kokenn delivrans konsa+? Paske, se Seyè nou an ki te kòmanse anonse l+ e moun ki te tande Seyè a te pale nou de sa,  e anmenmtan, Bondye te sèvi ak siy ansanm ak mèvèy ak divès kalite mirak*+ e avèk lespri sen li distribye selon volonte l pou l ajoute temwayaj pa l+.  Paske, se pa devan zanj li fè tè k ap vini an soumèt+, sètadi tè n ap pale de li a.  Okontrè, men sa yon temwen te ekri yon lè: “Ki sa lòm ye pou w ap sonje l? Ki sa pitit lòm ye pou w ap pran swen l+?  Ou fè l vin yon tikras pi ba pase zanj yo. Ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn, e ou etabli l sou bagay ou fè ak men w.  Ou fè tout bagay soumèt anba pye l+.” Piske Bondye fè tout bagay soumèt devan l+, pa ret anyen li pa fè soumèt devan l+. Sepandan, kounye a nou poko wè tout bagay soumèt devan l+.  Men, nou wè Jezi, ki te desann yon tikras pi ba pase zanj yo+, resevwa kouwòn glwa ak onè kounye a poutèt li te soufri jis li mouri+, yon fason pou l te ka goute lanmò pou tout moun grasa favè san parèy Bondye a+. 10  Tout bagay egziste pou glwa Bondye, e se grasa li tout bagay egziste. Se sa k fè, lè li t ap fè anpil pitit li jwenn glwa+, li te toutafè nòmal pou l fè moun ki se Gid prensipal ki pèmèt yo jwenn delivrans lan+ vin pafè nan soufrans+. 11  Paske, ni moun k ap fè moun vin sen an+, ni moun yo fè vin sen yo, yo tout soti nan menm Papa a+, e se pou rezon sa a li pa wont rele yo frè+, 12  lè l di: “M ap fè frè m yo konn non w. M ap chante louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an+.” 13  Men sa l di ankò: “M ap mete konfyans mwen nan li+.” Epi l di ankò: “Gade! Mwen ansanm ak timoun yo, timoun Jewova* ban mwen yo+.” 14  Se sa k fè, piske “timoun” yo gen san ak chè, li menm tou, li te vin gen san ak chè+, dekwa pou, grasa lanmò li, li ka detwi sila a ki gen mwayen pou l lakòz lanmò a+, anpalan de Dyab la+, 15  e pou l ka libere tout moun ki te nan esklavaj pandan tout vi yo poutèt yo te pè lanmò+. 16  Paske an reyalite, se pa zanj l ap ede, men se desandans* Abraram nan+. 17  Konsa, li te oblije vin tankou “frè” l yo nan tout domèn+, pou l ka vin yon gran prèt ki gen mizèrikòd e ki fidèl nan sèvis Bondye, yon fason pou l bay yon sakrifis pou peche pèp la+, yon sakrifis ki rekonsilye yo ak Bondye*+. 18  Piske li menm li te soufri lè l te anba eprèv+, li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou+.

Nòt anba paj

Lit.: “ak divès kalite aksyon ki pisan”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “pou l bay yon sakrifis pou padon peche”.