Pwovèb 8​:​1-36

  • Sajès ap pale kòmsi se te yon moun (1-36)

    • ‘Mwen fèt an premye nan tout sa Bondye te fè’ (22)

    • ‘Bò kote Bondye kòm yon moun ki konn travay byen’ (30)

    • ‘Mwen te renmen pitit lèzòm yo’ (31)

8  Sajès ap rele byen fòE bon jijman kontinye leve vwa l+.   Li sou tèt mòn yo+, bò wout yo,Li kanpe nan mitan kafou yo,   Li kontinye rele byen fòToupre pòtay vil laAk nan papòt yo, li di+:   “Se nou menm, lèzòm, m ap rele,M ap leve vwa m pou m rele tout moun*.   Nou menm ki pa gen eksperyans, chèche gen lespri+.Nou menm ki sòt, se pou nou chèche gen yon kè ki gen bon konprann*.   Koute m, paske sa m ap di a enpòtan,Se sa ki dwat mwen pale ak bouch mwen,   Paske se verite k ap sot nan bouch mwen,Epi mwen rayi di pawòl manti.   Tout pawòl ki sot nan bouch mwen kòrèk.Pa gen youn ladan yo ki tòde oswa ki kwochi.   Pou moun ki entèlijan yo, yo tout dwat,E pou moun ki gen konesans yo, yo kòrèk. 10  Aksepte disiplin mwen olye nou aksepte ajan,E chwazi konesans nan plas pi bon kalite lò a+, 11  Paske sajès pi bon pase koray*.Okenn lòt bagay ki gen anpil valè pa ka parèt devan l. 12  Mwen menm, sajès, mwen rete menm kote ak entèlijans.Mwen gen konesans e mwen konn reflechi+. 13  Yon moun gen lakrentif pou Jewova lè l rayi sa ki mal+.Mwen rayi moun ki grandizè, moun ki gen ògèy+, moun k ap aji mal, e mwen rayi moun k ap pale pawòl devègonde+. 14  Mwen bay bon konsèy e mwen gen sajès*+,Mwen gen bon konprann+ e mwen gen pouvwa+. 15  Se grasa mwen wa yo kontinye ap dirije,E gwo otorite yo fè lwa ki bon+. 16  Se grasa mwen chèf yo kontinye ap dirijeE moun ki nan gwo pozisyon yo fè jijman ki dwat. 17  Mwen renmen moun ki renmen m yo,E moun k ap chèche m yo ap jwenn mwen+. 18  Mwen gen richès e mwen gen glwa,Richès mwen pap janm fini* e m ap toujou dwat. 19  Sa yon moun jwenn nan men m pi bon pase lò, menm pase pi bon kalite lò a,E sa ki sot nan mwen gen plis valè pase pi bon kalite ajan an+. 20  Mwen mache nan chemen ki dwat la,Nan mitan wout kote m ap jije selon lalwa a. 21  Mwen bay moun ki renmen m yo yon gwo eritaj,E mwen plen depo yo genyen yo. 22  Jewova te fè m an premye nan tout sa l te fè+.Se mwen ki premye nan tout sa l fè depi byen lontan yo+. 23  Depi nan tan lontan*, li te mete m kote m ye a+,Depi nan kòmansman, depi anvan l te fè tè a+. 24  Lè potko gen gwo dlo fon+, li te fè m*,Lè potko gen okenn dlo k ap sot nan sous yo. 25  Anvan li te met mòn yo nan plas yo,Anvan l te fè ti mòn yo, li te fè m, 26  Lè l potko fè ni tè a, ni jaden ki sou li yo,Ni premye kouch tè a. 27  Mwen te la lè l te fè syèl la+,Lè l te trase yon liy* pou l separe syèl la ak lanmè a+, 28  Lè l te met nyaj yo* anlè a,Lè l te fè dlo plen fon lanmè a, 29  Lè l te bay dlo lanmè yo lòdPou yo pa depase limit yo+E lè l te fè fondasyon* tè a, 30  Lè sa a, mwen te bò kote l kòm yon moun ki konn travay byen+.Chak jou, se mwen ki te ba l plis kè kontan+,Mwen te toujou kontan ret bò kote l+. 31  Lè m te gade tè l la li te fè pou moun rete a, sa te fè m kontan,Epi, se pitit lèzòm yo* mwen te pi renmen. 32  Kounye a, pitit mwen yo, koute m.Wi, byennere moun ki kontinye suiv chemen m yo. 33  Koute lè y ap ban nou disiplin+ pou nou ka gen sajès.Pinga nou janm neglije l! 34  Byennere moun ki koute sa m di,Ki vin byen bonè* nan papòt kay mwen chak jouE ki ret tann bò papòt kay mwen. 35  Paske, moun ki jwenn mwen ap gen lavi+,E Jewova ap fè l favè. 36  Men, moun ki pa okipe m, se mechanste y ap fè tèt yo*,E moun ki rayi m, se lanmò yo renmen+.”

Nòt anba paj

Lit.: “pitit lèzòm yo”.
Lit.: “se pou nou konprann kè a”.
Oswa: “sajès ki bay bon rezilta”.
Oswa: “Bagay ki gen valè mwen resevwa kòm eritaj yo ap toujou la”.
Oswa: “Depi digdantan”.
Oswa: “li te fè m kòmsi se te ak doulè tranche”.
Lit.: “yon wonn”.
Lit.: “te fè mas nyaj yo djanm”.
Oswa: “lè l te bay dekrè pou”.
Oswa: “se lèzòm”.
Oswa: “Ki ret je klè”.
Oswa: “y ap fè nanm yo”.