Pwovèb 20​:​1-30

  • Diven fè moun aji yon fason ki dwòl (1)

  • Moun ki parese a pa al travay tè nan sezon fredi (4)

  • Panse moun tankou dlo ki fon (5)

  • Pa kouri fè ve (25)

  • Glwa jèn yo se fòs yo (29)

20  Diven fè yon moun aji yon fason ki dwòl+, bwason ki gen alkòl fè yon moun aji san kontwòl+.Moun ki kite yo fè yo pèdi wout yo pa gen sajès+.   Lè yon wa fè moun pè* se tankou lè yon lyon* ap gwonde+,Moun ki fè wa a fè kòlè riske pèdi lavi yo+.   Se yon onè pou yon moun lè l evite fè kont+.Men, tout moun ki sòt ap tonbe nan kont+.   Moun ki parese a pa al travay tè nan sezon fredi.Men, l ap nan mande nan moman rekòt la paske l pap gen anyen pou l viv*+.   Lide* yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon.Men, moun ki entèlijan an rale yo met deyò.   Anpil moun fè konnen yo gen lanmou ki fidèl lakay yo.Men, kiyès ki ka jwenn yon moun ki fidèl?   Moun ki dwat la fidèl nan tout bagay+.Pitit* li yo ap kontan+.   Lè wa a chita sou twòn li pou l jije+,Li byen egzamine tout bagay pou l ka fini ak tout sa ki mal+.   Kiyès ki ka di: “Mwen netwaye kè m+,Mwen pwòp, mwen pa gen peche ankò+”? 10  Kit se pèz ki pa egzak, kit se fo mezi*,Toule de bay Jewova degoutans+. 11  Menm yon timoun*, aksyon l fè montre kiyès li ye,Yo montre si konduit li pwòp e si konduit li dwat+. 12  Zòrèy pou moun tande a, ak je pou moun wè a,Se Jewova ki fè toule de+. 13  Pinga w renmen dòmi, pou w pa vin pòv+.Ouvri je w, w ap vin gen anpil manje+. 14  Moun k ap achte a di: “Sa a pa bon! Sa a pa bon!”Apre l fin achte, l al gonfle lestomak li pou l fè konnen sa l sot fè a+. 15  Lò gen anpil valè, pakèt koray* gen anpil valè tou.Men, bouch moun ki gen konesans lan gen plis valè toujou+. 16  Pran rad yon moun si l te bay garanti l ap responsab dèt yon etranje+.Pran yon garanti nan men l si se pou yon fi deregle* li te fè sa+. 17  Manje yon moun genyen nan twonpe moun bon nan bouch li,Men, annapre, bouch li ap plen ak gravye+. 18  Kote ki gen dyalòg*, plan yo ap mache*+.Epi, suiv bon direksyon* lè w ap mennen batay ou+. 19  Moun k ap bay manti sou moun ap mache met sekrè lòt moun deyò+.Pinga w fè zanmi ak moun ki renmen fè tripotay*. 20  Moun k ap bay papa l ak manman l madichon,Lanp li ap etenn lè l fè nwa+. 21  Byen moun vin genyen nan fè avaPap fè yo jwenn benediksyon pi devan+. 22  Pa di: “M ap fè yo peye m sa+!”Met espwa w nan Jewova+, e li menm l ap sove w+. 23  Pèz ki pa egzak* bay Jewova degoutans.Epi, fo balans pa bon. 24  Se Jewova k ap montre moun kote pou yo met pye yo+.Ki jan yon moun ka rive konnen wout li*? 25  Se yon pyèj sa ye pou yon moun lè l kouri deklare: “Sa a sakre+!”Epi se apre sa l ap egzamine ve l te fè a+. 26  Yon wa ki gen sajès vannen mechan yo tankou pay+,Epi, li retire yo tankou lè y ap separe grenn ak pay+. 27  Souf yon moun se lanp JewovaK ap klere tout anndan moun nan. 28  Se lanmou ak fidelite ki pwoteje yon wa+.Grasa lanmou ki fidèl, twòn li rete la+. 29  Glwa yon jèn se fòs li+,E se cheve blan yo ki fè granmoun yo bèl+. 30  Blese yon moun genyen anba kout baton ap retire* sa ki mal nan li+.E kout baton netwaye kote ki pi fon nan moun.

Nòt anba paj

Oswa: “fè moun gen laperèz”.
Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.
Se kapab tou: “L ap chèche pandan rekòt la, men li pap jwenn anyen”.
Oswa: “Entansyon”. Lit.: “Konsèy”.
Lit.: “Pitit gason”.
Oswa: “ De pèz an wòch ki pa menm ak de veso pou mezire ki pa menm”.
Oswa: “yon tigason”.
Oswa: “yon etranje”.
Oswa: “konsèy”.
Oswa: “ap vin djanm”.
Oswa: “suiv konsèy ki gen sajès”.
Oswa: “moun k ap sedui moun ak bouch li”.
Oswa: “De pèz an wòch ki pa menm”.
Oswa: “konnen kote pou l ale”.
Oswa: “dekrase”.