Jòb 2​:​1-13

  • Yon lòt fwa ankò, Satan fè konprann Jòb pa sensè (1-5)

  • Bondye pèmèt Satan frape Jòb (6-8)

  • Madanm Jòb di l: ‘Manke Bondye dega, epi mouri mouri w!’ (9, 10)

  • Twa zanmi Jòb yo rive (11-13)

2  Apre sa, jou a te rive pou pitit vrè Dye a genyen yo*+ te antre vin devan Jewova+, e Satan te antre nan mitan yo tou pou l vin devan Jewova+.  Lè sa a, Jewova mande Satan: “Ki kote w soti?” Satan reponn Jewova: “Mwen sot fè yon vire won sou tè a e mwen sot gade sa k ap pase sou li+.”  Epi, Jewova di Satan: “Èske w wè* Jòb, sèvitè m nan? Pa gen pèsonn tankou l sou tè a. Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay*+. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal. Li toujou fidèl nan tout bagay+, malgre w ap eseye fè m leve kont li+ pou m ka detwi l san rezon.”  Lè sa a, Satan reponn Jewova: “Depi yon moun wè lanmò devan l, l ap bay tout sa l genyen pou l sove lavi l*.  Men, kounye a, fè yon chanjman, lonje men w, frape l jis nan zo, e san mank, l ap ret nan figi w li manke w dega+.”  Lè sa a, Jewova di Satan: “Gade! Li nan men w*. Sèl bagay, pinga w retire lavi l*.”  Epi, Satan sot devan fas Jewova, li fè yon pakèt gwo bouton+ leve sou Jòb e yo t ap fè l mal, yo te soti depi nan pla pye l rive nan tèt li.  Epi, Jòb te pran yon moso veso ann ajil pou l grate kò l e li te chita nan sann dife+.  Alafen, madanm li vin di l: “Kòmsi, ou kontinye ret fidèl toujou? Sa k fè w pa manke Bondye dega, epi w mouri mouri w!” 10  Men, li di madanm li: “W ap pale tankou yon fanm sòt. Èske nou dwe aksepte sa ki bon sèlman nan men vrè Dye a, san nou pa aksepte sa ki pa bon+?” Malgre tout bagay sa yo, Jòb pa t peche ak bouch li+. 11  Te gen twa zanmi Jòb ki te aprann tout malè ki tonbe sou li, yo chak te kite zòn yo te rete a pou yo vin wè l. Se te Elifaz+, moun Teman, Bildad+, desandan Chouwa+, ak Sofa+, desandan Naama. Yo te antann yo pou youn rankontre lòt pou y al wè Jòb pou yo ka pran lapenn pou li e pou yo konsole l. 12  Detan yo byen lwen, yo wè Jòb, men yo pa t rekonèt li. Yo te pran kriye byen fò, yo te chire rad sou yo e yo te voye pousyè anlè sou tèt yo+. 13  Epi, yo te chita atè a avèk Jòb pandan sèt jou, sèt nuit. Pa gen youn nan yo ki te di l yon mo, paske yo te wè jan l te nan yon gwo soufrans+.

Nòt anba paj

Ann ebre, se yon ekspresyon yo te itilize pou yo pale de zanj yo antanke pitit Bondye.
Lit.: “Èske w fikse kè w sou”.
Oswa: “yon moun ki san repwòch e ki jis”.
Oswa: “sove nanm li”.
Oswa: “anba pouvwa w”.
Oswa: “retire nanm li”.