Jòb 1​:​1-22

  • Fidelite Jòb ak richès li (1-5)

  • Satan fè konprann Jòb pa sensè (6-12)

  • Jòb pèdi byen l ak pitit li yo (13-19)

  • Jòb pa blame Bondye (20-22)

1  Te gen yon nonm nan peyi Ouz ki te rele Jòb*+. Se te yon moun ki dwat e ki fidèl*+. Li te gen lakrentif pou Bondye e li te vire do bay sa ki mal+.  Li te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi.  Li te gen 7 000 mouton, 3 000 chamo, 1 000 bèf* ak 500 bourik* e li te gen anpil sèvitè, se sa k fè li te moun ki te pi enpòtan pami tout moun ki t ap viv nan Lès yo.  Chak pitit gason l yo te konn chwazi yon jou pou yo fè gwo resepsyon lakay yo. Yo te konn envite twa sè yo te genyen yo vin manje bwè avèk yo.  Chak fwa yo te fin fè yon seri gwo resepsyon, Jòb te konn voye chèche yo pou l pirifye yo. Konsa, li te konn leve granmmaten pou l fè sakrifis yo konn boule nèt+ pou yo chak. Paske Jòb te konn di: “Petèt pitit mwen yo te peche e yo te pale Bondye mal nan kè yo.” Se konsa Jòb te toujou fè+.  Twouve, jou a te rive pou pitit vrè Dye a genyen yo*+ te antre vin devan Jewova+, e Satan+ te antre nan mitan yo tou+.  Lè sa a, Jewova mande Satan: “Ki kote w soti?” Satan reponn Jewova: “Mwen sot fè yon vire won sou tè a e mwen sot gade sa k ap pase sou li+.”  Epi, Jewova di Satan: “Èske w wè* Jòb, sèvitè m nan? Pa gen pèsonn tankou l sou tè a. Li se yon moun ki dwat e ki fidèl nan tout bagay*+. Li gen lakrentif pou Bondye e li vire do bay sa ki mal.”  Lè sa a, Satan reponn Jewova: “Èske se pou granmesi Jòb gen lakrentif pou Bondye+? 10  Èske w pa fè yon lantouray pou pwoteje ni li menm+, ni fanmi l, ni tout sa l genyen? Ou beni travay li fè+, epi twoupo bèt li yo gaye nan peyi a. 11  Men, kounye a, fè yon chanjman, lonje men w, detwi tout sa l genyen, e san mank, l ap ret nan figi w li manke w dega.” 12  Lè sa a, Jewova di Satan: “Gade! Tout sa l genyen nan men w*. Sèl bagay, pinga w touche l!” Epi, Satan sot devan fas Jewova+. 13  Se konsa, nan jou pitit gason ak pitit fi Jòb yo t ap manje e yo t ap bwè diven lakay pi gran frè yo a+, 14  gen youn nan sèvitè Jòb yo ki te vin di l: “Pandan bèf yo t ap raboure tè e bourik yo t ap manje zèb bò kote yo, 15  moun Seba yo te atake yo, yo pran yo epi yo touye sèvitè yo ak kout epe. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.” 16  Li potko menm fin pale, yon lòt sèvitè vin di: “Bondye fè dife* sot nan syèl la tonbe sou mouton yo ak sèvitè yo e li kankannen yo. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.” 17  Li potko menm fin pale, yon lòt sèvitè vin di: “Moun Kalde yo+ fè twa gwoup, yo anvayi chamo yo, yo pran yo, e yo touye sèvitè yo ak kout epe. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.” 18  Li potko menm fin pale, yon lòt sèvitè ankò vin di: “Pandan pitit gason w yo ak pitit fi w yo t ap manje e yo t ap bwè diven lakay pi gran frè yo a, 19  gen yon gwo van ki sot nan dezè a bridsoukou, li frape kay la nan kat kwen, konsa kay la tonbe sou pitit ou yo e li touye yo. Se mwen menm sèl ki chape pou m vin di w sa.” 20  Menm kote a, Jòb leve, li chire rad sou li e li koupe cheve nan tèt li, apre sa li lage kò l fas atè, 21  epi li di: “Mwen pa t sot nan vant manman m ak anyen,E mwen pa pral ak anyen+.Se Jewova ki bay+, se Jewova ki pran.Se pou yo kontinye fè louwanj pou non Jewova.” 22  Malgre tout bagay sa yo, Jòb pa t peche, ni li pa t di Bondye fè anyen ki mal*.

Nòt anba paj

Petèt, sa vle di: “Yon moun yo pa vle wè”.
Oswa: “yon moun ki san repwòch e ki jis”.
Lit.: “500 pè bèf”.
Lit.: “femèl bourik”.
Ann ebre, se yon ekspresyon yo te itilize pou yo pale de zanj yo antanke pitit Bondye.
Lit.: “Èske w fikse kè w sou”.
Oswa: “yon moun ki san repwòch e ki jis”.
Oswa: “anba pouvwa w”.
Se kapab tou: “zèklè”.
Oswa: “li pa t bay Bondye responsab anyen ki mal”.