Dànyèl 7​:​1-28

  • Vizyon sou kat gwo bèt yo (1-8)

    • Yon ti kòn ki awogan vin parèt (8)

  • Sila a ki la depi byen lontan an ap jije nan tribinal li (9-14)

    • Li mete yon pitit lòm wa (13, 14)

  • Yo esplike Dànyèl vizyon an (15-28)

    • Kat gwo bèt yo se kat wa (17)

    • Moun ki sen yo ap resevwa wayòm nan (18)

    • Dis kòn, sa vle di dis wa, dwe parèt (24)

7  Nan premye ane rèy Bèlchaza+, wa Babilòn nan, Dànyèl te fè yon rèv ak yon seri vizyon pandan l te kouche sou kabann li+. Apre sa, li ekri sa l te wè nan rèv la+. Li rakonte tout sa l te wè nèt.  Dànyèl di: “Nan yon seri vizyon m te fè nan nuit, mwen t ap gade, mwen te wè van k ap soufle nan kat kwen tè a*, van yo te sakaje lanmè a ki gwo anpil+.  Epi, te gen kat gwo bèt+ ki monte sot nan lanmè a, youn pa t sanble ak lòt.  “Premye bèt la te sanble ak yon lyon+ e li te gen zèl yon èg+. Mwen te ret ap gade jiskaske zèl li yo rache, yo te leve l sou tè a, yo te fè l kanpe sou de pye tankou yon moun e yo te met yon kè moun nan li.  “Epi, gade! Gen yon lòt bèt, yon dezyèm bèt, ki te parèt. Li te sanble ak yon lous+. Li te leve kanpe sou yon bò e li te gen twa kòt anba dan l. Yo te di l: ‘Leve kanpe, manje anpil vyann+.’  “Apre sa, mwen te kontinye gade, mwen wè yon lòt bèt ki sanble ak yon leyopa+, men, li te gen kat zèl nan do l ki te sanble ak zèl zwazo. Bèt la te gen kat tèt+ e yo te ba l pouvwa pou l dirije.  “Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon mwen t ap fè nan nuit lan, mwen te wè yon katriyèm bèt ki te malouk e ki te efreyan. Li te gen yon fòs ki depase limit e li te gen gwo dan fè. Li t ap devore sa l jwenn, li t ap kraze brize, e sa k te rete yo, li te pilonnen yo anba pye l+. Li pa t menm ak tout lòt bèt ki te anvan l yo e li te gen dis kòn.  Pandan m t ap byen gade kòn yo, mwen te wè yon lòt kòn, yon ti kòn+, ki te parèt nan mitan yo, e yo te rache twa nan premye kòn yo devan l. Epi, mwen te wè te gen je tankou je moun nan kòn sa a, e te gen yon bouch ki t ap pale yon fason ki awogan+.  “Mwen te kontinye gade jiskaske yo te mete yon seri twòn nan plas yo e Sila a ki la depi pi lontan an+ te chita sou twòn li+. Rad li te blan kou nèj+, cheve nan tèt li te tankou lenn mouton ki pwòp. Twòn li an se te flanm dife, wou twòn nan se te yon dife ki byen limen+. 10  Te gen yon rivyè dife ki t ap koule sot nan twòn li an+. Te gen 1 000 000 zanj ki t ap travay pou li, e te gen 100 000 000 zanj ki te kanpe devan l+. Tribinal la+ te reyini, e yo te ouvè yon seri liv. 11  “Lè sa a, mwen te kontinye gade akoz pawòl awogan mwen te tande kòn nan t ap di yo+. Mwen te ret ap gade jiskaske yo touye bèt la, yo lage kò a nan dife pou yo detwi l. 12  Men, kanta pou rès bèt yo+, yo te retire pouvwa nan men yo e yo te kite yo kontinye viv pou yon tan. 13  “Mwen te kontinye gade nan vizyon mwen te fè nan nuit lan, epi mwen wè yon moun ki sanble ak yon pitit lòm+ ki t ap vini nan nyaj nan syèl la. Li te jwenn pèmisyon pou l parèt devan Sila a ki la depi pi lontan an+ e yo te fè l pwoche devan l. 14  Yo te ba l pouvwa+, onè+ ak yon wayòm, yon fason pou tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale tout kalite lang sèvi l+. Pouvwa l genyen pou l dirije a la pou toutan, pouvwa sa a pap disparèt, e yo pap detwi wayòm li an+. 15  “Mwen menm Dànyèl, lespri m te boulvèse akoz vizyon mwen te fè yo ki te fè m pè+. 16  Mwen te pwoche toupre youn nan zanj yo ki te kanpe la pou m mande l esplike m sa sa vle di toutbonvre. Li te reponn mwen e li te esplike m sa bagay sa yo vle di. Li di m: 17  “‘Kat gwo bèt ou wè yo+ se kat wa ki pral leve sou tè a+. 18  Men, se moun ki sen yo k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+ k ap resevwa wayòm nan+, e wayòm nan ap pou yo+ pou toutan, wi, pou tout tan gen tan.’ 19  “Epi, mwen te vle konnen plis bagay sou katriyèm bèt la ki pa t menm ak tout lòt yo. Li te efreyan anpil. Li te gen dan fè e grif li te fèt an kuiv. Li t ap devore sa l jwenn, li t ap kraze brize e li t ap pilonnen sa k te rete yo anba pye l+. 20  Epitou, mwen te vle konnen plis bagay sou dis kòn+ ki te nan tèt li yo ak lòt kòn ki te parèt e ki te lakòz twa kòn tonbe a+, kòn ki te gen je e ki te gen yon bouch ki t ap pale yon fason ki awogan e ki te parèt pi gwo pase lòt yo. 21  “Mwen te kontinye gade pandan kòn sa a t al fè lagè ak moun ki sen yo e li te pot laviktwa sou yo+, 22  jiskaske Sila a ki la depi pi lontan an+ vini e li fè jijman an favè moun ki sen yo k ap sèvi l+, epi moman ki te fikse a te rive pou moun ki sen yo resevwa wayòm nan+. 23  “Men sa zanj lan te esplike m: ‘Katriyèm bèt la se yon katriyèm wayòm k ap vin gen sou tè a. Li pap menm ak tout lòt wayòm yo, l ap fè ravaj sou tout tè a, l ap pilonnen l e l ap kraze l+. 24  Dis kòn yo menm se dis wa ki pral parèt nan wayòm sa a, e gen yon lòt ankò ki pral parèt apre yo. Li pap menm ak premye yo e l ap rabese twa wa+. 25  L ap di yon seri pawòl kont Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+ e l ap kontinye toumante moun ki sen yo k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. L ap vle chanje tan ak lwa, epi y ap lage moun ki sen yo anba men l pandan yon tan, de tan* ak mwatye yon tan*+. 26  Men, Tribinal la reyini e yo retire pouvwa l genyen pou l dirije a nan men l pou yo ka fini avè l e pou yo detwi l nèt+. 27  “‘Epi, y ap bay moun ki sen k ap sèvi Sila a ki nan pi gwo pozisyon an wayòm nan, y ap ba yo pouvwa pou yo dirije ansanm ak onè wayòm yo ki sou tout tè a genyen+. Wayòm yo a se yon wayòm k ap la pou toutan+, e tout gouvènman pral sèvi yo e yo pral obeyi yo.’ 28  “Se konsa bagay yo fini. Mwen menm, Dànyèl, sa m t ap panse yo te boulvèse m anpil, e sa te fè figi m vin blèm*, men, mwen te konsève sa m te wè ak sa m te tande yo nan kè m.”

Nòt anba paj

Lit.: “wè kat van ki sot nan syèl la”.
Lit.: “tan yo”.
Selon sa yo konprann, li vle di: “pandan ennan, dezan ak mwatye yon ane”, sa fè twazan edmi.
Oswa: “te fè figi m chanje”.