Dànyèl 2​:​1-49

  • Wa Nebikadneza fè yon rèv ki boulvèse l (1-4)

  • Pa gen moun ki gen sajès ki ka rakonte wa a rèv la (5-13)

  • Dànyèl priye Bondye pou l mande l èd (14-18)

  • Louwanj pou Bondye paske li fè Dànyèl konn sekrè a (19-23)

  • Dànyèl rakonte wa a rèv la (24-35)

  • Li esplike rèv la (36-45)

    • Wayòm nan se wòch ki pral kraze estati a (44, 45)

  • Wa a onore Dànyèl (46-49)

2  Nan dezyèm ane rèy Nebikadneza a, Nebikadneza te fè plizyè rèv. Li* te tèlman boulvèse+, li pa t ka dòmi.  Se sa k fè wa a te bay lòd pou yo rele prèt ki majisyen yo, divinò yo, moun k ap fè maji yo ak Kaldeyen yo* pou yo vin rakonte l rèv li te fè yo. Se konsa, yo te antre vin kanpe devan wa a+.  Epi, wa a di yo: “Mwen fè yon rèv, e mwen* boulvèse paske m vle konnen rèv mwen fè a.”  Kaldeyen yo reponn wa a nan lang arameyen*+, yo di l: “O monwa, se pou w viv pou toutan. Rakonte sèvitè w yo rèv la, e n ap esplike w sa l vle di.”  Wa a reponn Kaldeyen yo: “Men sa m deside: Si nou pa di m rèv mwen fè a ansanm ak sa l vle di, m ap fè yo rache nou miyèt moso e m ap fè yo fè kay nou tounen latrin piblik*.  Men, si nou rakonte m rèv la e nou esplike m sa l vle di, m ap ban nou anpil kado, m ap rekonpanse nou e m ap onore nou anpil+. Ebyen, se pou nou rakonte m rèv la e se pou n esplike m sa l vle di.”  Yo di wa a yon dezyèm fwa: “Monwa, ou mèt rakonte sèvitè w yo rèv la, e n ap esplike w sa l vle di.”  Wa a reponn: “Mwen konnen byen se tan n ap eseye fè pase, paske nou byen konnen sa m deside.  Si nou pa fè m konnen ki rèv mwen fè, se yon sèl pinisyon nou tout ap jwenn nan men m. Men, nou antann nou pou n ban m manti, pou n twonpe m, e nou espere m ap chanje lide. Ebyen, se pou nou rakonte m rèv la, konsa m ap konnen nou ka esplike m sa l vle di.” 10  Kaldeyen yo reponn wa a: “Pa gen yon moun sou tè a ki ka fè sa wa a mande a, paske pa t gen okenn gran wa oswa gouvènè ki janm mande yon prèt ki majisyen oswa yon divinò bagay konsa. 11  Sa wa a mande a difisil, e pa gen pèsonn ki ka rakonte wa a yon bagay konsa, eksepte dye yo ki pa abite pami moun*.” 12  Kou wa a tande sa, li fè yon sèl kòlè e li bay lòd pou yo touye tout moun ki gen sajès nan Babilòn+. 13  Lè l fin bay lòd la, yo t apral touye moun ki gen sajès yo, konsa, yo t al chèche Dànyèl ak konpayon l yo pou yo touye yo tou. 14  Lè sa a, Dànyèl te montre l pridan e li te veye sa l t ap di lè l t ap pale ak Aryòk, mesye ki te alatèt moun k ap bay wa a sekirite yo e ki t apral touye tout moun ki gen sajès nan Babilòn yo. 15  Li te mande Aryòk, yon moun wa a te met nan gwo pozisyon: “Poukisa wa a bay yon lòd rèd konsa?” Aryòk te rakonte Dànyèl sa k te pase a+. 16  Se konsa, Dànyèl antre kot wa a e li mande l pou l ba l tan pou l esplike l rèv li te fè a. 17  Apre sa, Dànyèl al lakay li, li rakonte konpayon l yo, anpalan de Anànya, Michayèl ak Azarya, sa k te pase a. 18  Li mande yo pou yo priye Bondye nan syèl la pou l fè yo mizèrikòd pou l ka devwale sekrè sa a, yon fason pou yo pa touye Dànyèl ak konpayon l yo ansanm ak lòt mesye ki gen sajès nan Babilòn yo. 19  Epi, Bondye te fè Dànyèl konn sekrè a nan yon vizyon li te fè lannuit+. Se sa k fè Dànyèl te fè louwanj pou Bondye nan syèl la. 20  Dànyèl di: “Se pou yo louwe non Bondye pou tout tan gen tan,Paske se li sèl ki gen sajès ak pisans+! 21  Li chanje tan ak sezon+,Li retire wa e li met wa+,Li bay moun ki gen sajès yo sajès e li bay moun ki gen bon jijman yo konesans+. 22  Li fè yo konn gwo sekrè ak bagay ki kache+.Li konnen sa ki nan fènwa+E li antoure ak limyè+. 23  O Bondye zansèt mwen yo, se ou m ap di mèsi e se pou ou m ap fè louwanj,Paske w ban m sajès ak pouvwa.E kounye a, ou fè m konnen sa nou te mande w la.Ou fè nou konnen sa k ap toumante lespri wa a+.” 24  Apre sa, Dànyèl antre kot Aryòk, moun wa a te bay responsablite pou l touye moun ki gen sajès nan Babilòn yo+, epi li di l: “Pa touye okenn moun ki gen sajès nan Babilòn. Mennen m devan wa a e m ap esplike l sa rèv la vle di.” 25  Aryòk kouri mennen Dànyèl devan wa a e li di wa a: “Mwen jwenn yon moun pami moun ki ann egzil yo, li sot nan peyi Jida+, e li kapab esplike wa a sa rèv la vle di.” 26  Men sa wa a te di Dànyèl, li menm yo te rele Bèltechaza a+: “Èske se vre ou kapab di m rèv mwen te fè a e w kapab esplike m sa l vle di+?” 27  Dànyèl reponn wa a: “Pa gen youn pami mesye ki gen sajès yo, divinò yo, prèt ki majisyen yo oswa astwològ* yo ki ka fè wa a konn sekrè li vle konnen an+. 28  Men, gen yon Bondye nan syèl la, se Sila a ki konn devwale sekrè a+, se li ki fè wa Nebikadneza konnen sa k pral rive nan dènye jou yo. Men rèv ou te fè a e men vizyon w te fè lè w te kouche nan kabann ou an: 29  “Ou menm, monwa, pandan w te sou kabann ou e ou t ap reflechi sou sa k gen pou rive alavni, Sila a ki konn devwale sekrè a fè w konnen sa k gen pou rive. 30  E mwen menm, se pa paske mwen gen plis sajès pase tout moun ki fè li fè m konn sekrè sa a. Okontrè, monwa, se pou m ka fè w konnen sa rèv la vle di, yon fason pou w ka konnen sa ki nan panse w la+. 31  “O monwa, pandan w t ap gade, ou te wè yon kokennchenn estati. Estati sa a, ki te gwo anpil e ki te klere anpil anpil, te kanpe devan w, e jan l te ye a bay laperèz. 32  Tèt estati a te fèt ak bon kalite lò+, lestomak li ak bra l te ann ajan+, vant li ak kuis li te an kuiv+. 33  Janm li te fèt an fè+, e te gen pati nan pye l ki te an fè ak pati ki te ann ajil*+. 34  Ou te ret ap gade jiskaske yon wòch te detache, san se pa men moun ki te fè l detache, epi li te frape estati a nan pye l ki te fèt ak fè ak ajil, e li te kraze yo+. 35  Lè sa a, ni fè a, ni ajil la, ni kuiv la, ni ajan an, ni lò a, yo tout ansanm te kraze e yo te vin tankou pay ki sou glasi yo konn bat manje angren nan sezon sèch. Epi, van te pote yo ale jiskaske moun pa t ka wè tras yo. Men, wòch ki te frape estati a te vin tounen yon gwo mòn, epi li ouvè kò l sou tout tè a. 36  “Se rèv la sa, e kounye a monwa, n ap esplike w sa rèv la vle di. 37  O monwa, ou menm ki wa tout wa, ou menm Bondye nan syèl la bay wayòm+, pisans, fòs ak glwa, 38  ou menm li lage tout moun ki ret tout kote nan men w ansanm ak bèt ki nan savann yo ak zwazo k ap vole nan syèl la e ou menm li met dirije yo tout+, se ou menm ki tèt annò a+. 39  “Men, apre w, pral gen yon lòt wayòm k ap parèt+, l ap pi ba pase pa w la. Epi, ap gen yon twazyèm wayòm, se li ki pati an kuiv la. Li pral dirije tout tè a+. 40  “Kanta pou katriyèm wayòm nan, l ap di tankou fè+. Paske, menm jan fè kraze tout lòt bagay e li fè yo tounen poud, wi, menm jan ak fè, wayòm sa a pral kraze tout wayòm sa yo e l ap fè yo fè miyèt moso+. 41  “Menm jan w te wè gen pati nan pye estati a ak zòtèy li yo ki fèt ak ajil atizan yo konn travay la e gen pati ki fèt an fè, se konsa tou, wayòm nan ap divize, men, l ap yon ti jan di tankou fè, piske w te wè fè a mele ak ajil ki mou. 42  E menm jan zòtèy ki nan pye l yo gen pati an fè e gen pati ann ajil, se konsa tou, yon pati nan wayòm nan ap djanm e yon pati ap fèb. 43  Menm jan w te wè fè mele ak ajil ki mou, yo pral mele ak pèp yo*. Men, youn pap kole ak lòt, menm jan fè pa mele ak ajil. 44  “Nan jou wa sa yo, Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm+ ki pap janm kraze+. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp+. L ap kraze tout wayòm sa yo+, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan+, 45  menm jan w te wè gen yon wòch ki detache sot nan mòn nan, san se pa men moun ki te fè l detache, e li te kraze fè a, kuiv la, ajil la, ajan an ansanm ak lò a+. Se Gran Dye a ki fè wa a konnen sa k pral rive nan tan k ap vini yo+. Rèv la se laverite, e ou ka fè esplikasyon ou jwenn sou rèv la konfyans.” 46  Epi, wa Nebikadneza te bese byen ba, fas atè devan Dànyèl pou l onore l. Li bay lòd pou yo bay Dànyèl yon kado e pou yo boule lansan pou li. 47  Wa a di Dànyèl: “Vrèmanvre, Bondye w la se Dye ki anlè tout lòt dye yo, li se Seyè tout wa yo e li se Sila a ki konn devwale sekrè a, piske w te kapab devwale sekrè sa a+.” 48  Apre sa, wa a te met Dànyèl nan gwo pozisyon, li te ba l anpil bèl kado, li te mete l dirije tout tèritwa Babilòn+, li te mete l chèf sou tout moun ki nan gwo pozisyon nan wayòm nan pou l sipèvize tout moun ki gen sajès nan Babilòn. 49  Epi, wa a te met Chadrak, Mechak ak Abèdnego+ sipèvize travay k ap fèt nan tèritwa Babilòn nan, jan Dànyèl te mande l sa. Men, Dànyèl li menm te travay nan palè wa a.

Nòt anba paj

Lit.: “Lespri l”.
Se yon gwoup moun ki fò nan fè divinò ak nan astwoloji.
Lit.: “e lespri m”.
Okòmansman, se nan lang arameyen yo te ekri Dn 2:4b rive nan Dn 7:28.
Se kapab tou: “tounen kote yo jete fatra; tounen pil poupou bèt”.
Lit.: “pa abite ansanm ak chè”.
Se moun ki egzamine zetwal pou yo prevwa oubyen pou yo anonse evènman ki gen pou rive.
Oswa: “ajil yo kuit (yo bay fòm)”.
Oswa: “ak desandan lèzòm yo”, sa vle di moun nan pèp la.