Miche 5​:​1-15

  • Gen yon dirijan k ap vin gran anpil sou tout tè a (1-6)

    • Sila a ki pral dirije a dwe soti Betleyèm (2)

  • Moun ki rete yo ap tankou lawouze e y ap tankou yon lyon (7-9)

  • Y ap pwòpte peyi a (10-15)

5  “O nou menm k ap viv nan vil yo atake a,Kounye a n ap filange kò nou.Yo ansèkle nou+.Yo bay jij Izrayèl la kout baton bò figi+.   Kanta pou ou, o Betleyèm Efrata+,Ou menm ki twò piti pou w pami vil Jida yo,Se lakay ou sila a ki pral dirije Izrayèl pou mwen an ap soti+,Sila a ki la depi digdantan an, wi, depi byen lontan an.   Se sa k fè Bondye ap abandone yo,Jiskaske lè a rive pou fi ki gen pou akouche a akouche.E rès frè l yo ap tounen vin jwenn pèp Izrayèl la.   L ap leve kanpe e l ap pran swen twoupo a grasa fòs Jewova ba li+,E grasa otorite li genyen pou l aji nan non Jewova, Bondye li a, ki gran.Lè sa a, y ap abite an sekirite+,Paske dominasyon l lan ap rive jis nan dènye bout tè a+.   L ap fè gen lapè+.Si moun Asiri a anvayi peyi nou an e li kòmanse mache nan fòtrès nou yo ki byen pwoteje+,N ap fè sèt bèje leve kont li, wi, uit prens* ki soti nan mitan lèzòm.   Y ap sèvi ak epe yo pou yo pini peyi Asiri+,Wi, y ap pini peyi Nimwod la+ nan antre peyi a.L ap sove nou anba men moun Asiri a+Lè l anvayi peyi nou an e li kòmanse mache nan tèritwa nou an.   Desandan Jakòb ki rete yo ap nan mitan yon pakèt pèp,Y ap tankou lawouze Jewova fè tonbe,Tankou lapli k ap tonbe sou plant,Ki pa met espwa yo nan moun,Oswa ki pa ret ap tann lèzòm.   Desandan Jakòb ki rete yo ap nan mitan nasyon yo,Nan mitan anpil pèp.Y ap tankou yon lyon ki nan mitan lòt bèt ki nan yon forè,Tankou yon jenn lyon* ki nan mitan twoupo mouton,Ki antre nan twoupo a pou l atake e pou l dechire,San pa gen pèsonn pou sove yo.   N ap leve men nou anlè akoz nou pote laviktwa sou ènmi nou yo.N ap detwi yo tout.” 10  “Jou sa a”, se sa Jewova di,“M ap touye cheval nou yo e m ap detwi charyo nou yo. 11  M ap detwi vil ki nan peyi nou an,E m ap kraze tout kote nou genyen ki byen pwoteje yo. 12  M ap fè nou sispann fè maji.Pa gen yon moun k ap fè maji k ap rete nan mitan nou+. 13  M ap detwi zidòl nou yo ak poto sakre ki fèt an wòch ki nan mitan nou yo,E nou pap janm pwostène devan bagay nou fè ak men nou ankò+. 14  M ap rache poto sakre ki fèt an bwa* nou yo+ ki nan mitan nou,E m ap detwi vil nou yo. 15  M ap an kòlè, m ap fache anpil lè m ap tire revanjSou nasyon ki pa t obeyi yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “uit chèf”.
Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.