Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Zakari

Chapit

1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14

Sa k ladan l

  • 1

    • Jewova mande pou yo tounen vin jwenn li (1-6)

      • “Tounen vin jwenn mwen e m ap tounen vin jwenn nou” (3)

    • Premye vizyon: Mesye sou cheval yo ki nan mitan pye mit (7-17)

      • “Jewova pral konsole Siyon ankò” (17)

    • Dezyèm vizyon: Kat kòn ak kat atizan (18-21)

  • 2

    • Twazyèm vizyon: Yon mesye ki gen yon kòd nan men l pou l mezire (1-13)

      • Li pral pran mezi Jerizalèm (2)

      • Jewova “tankou yon miray dife toutotou” Jerizalèm (5)

      • Se gla je Bondye yo manyen (8)

      • Anpil nasyon ap rasanble devan Jewova (11)

  • 3

    • Katriyèm vizyon: Yo chanje rad ki sou gran prèt la (1-10)

      • Satan opoze ak Jozye, gran prèt la (1)

      • “M ap fè sèvitè m nan ki rele Boujon vini!” (8)

  • 4

    • Senkyèm vizyon: Yon pòtlanp ak de pye oliv (1-14)

      • ‘Se pa okenn pouvwa k ap fè bagay sa yo rive, men se lespri m’ (6)

      • Pinga nou meprize jou bagay yo te kòmanse toupiti a (10)

  • 5

    • Sizyèm vizyon: Yon woulo k ap vole (1-4)

    • Setyèm vizyon: Yon veso pou mezire manje (5-11)

      • Yon fi nan veso a ki reprezante bagay ki mal (8)

      • Y al ak veso a nan peyi Chineya (9-11)

  • 6

    • Uityèm vizyon: Kat charyo (1-8)

    • Boujon ap vin wa ak prèt (9-15)

  • 7

    • Jewova kondane moun ki pa dwat k ap fè jèn (1-14)

      • “Èske se pou mwen nou te fè jèn vre?” (5)

      • “Se pou n aji youn ak lòt yon fason ki montre nou gen lanmou ki fidèl ak mizèrikòd” (9)

  • 8

    • Jewova bay Siyon lapè ak laverite (1-23)

      • Jerizalèm se “vil verite a” (3)

      • “Se pou youn di lòt laverite” (16)

      • Moman yo te konn fè jèn yo pral tounen sezon fèt (18, 19)

      • ‘Ann chèche Jewova ak tout kè nou’ (21)

      • Dis moun kenbe rad long yon Juif (23)

  • 9

    • Jijman Bondye kont nasyon ki ozalantou yo (1-8)

    • Wa Siyon an ap vini (9, 10)

      • Yon wa ki gen imilite monte sou do yon bourik (9)

    • Pèp Jewova a ap libere (11-17)

  • 10

    • Mande Jewova fè lapli tonbe, pa mande fo dye yo sa (1, 2)

    • Jewova ini pèp li a (3-12)

      • Chèf ki sot pami moun Jida yo (3, 4)

  • 11

    • Konsekans sa genyen lè moun pa obeyi vrè bèje Bondye mete (1-17)

      • “Pran swen mouton yo pral touye yo” (4)

      • De baton: Favè ak Tèt ansanm (7)

      • Men sa yo peye bèje a: 30 pyès monnen ann ajan (12)

      • Yo lage lajan an nan kès la (13)

  • 12

    • Jewova ap defann Jida ak Jerizalèm (1-9)

      • Jerizalèm se “yon wòch ki lou” (3)

    • Y ap kriye byen fò pou sila a yo pèse a (10-14)

  • 13

    • Y ap retire zidòl yo ak fo pwofèt yo (1-6)

      • Fo pwofèt yo ap wont (4-6)

    • Y ap frape bèje a (7-9)

      • Y ap pirifye yon tyè (9)

  • 14

    • Vrè adorasyon an pot laviktwa nèt (1-21)

      • Mòn Oliv ap fann de bò (4)

      • Se Jewova sèlman tout moun ap rekonèt, se li y ap adore, e se non l sèlman y ap louwe (9)

      • Malè ki pral tonbe sou moun ki kont Jerizalèm yo (12-15)

      • Y ap fete fèt Tonèl yo (16-19)

      • Chak chodyè ap vin sakre pou Jewova (20, 21)