Women 6​:​1-23

  • Yon lòt vi tounèf pou moun ki batize nan Kris yo (1-11)

  • Pa kite peche domine antanke wa sou kò nou (12-14)

  • Moun ki te esklav peche vin tounen esklav Bondye (15-23)

    • Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò; kado Bondye bay la se lavi (23)

6  Ki sa nou va di menm? Èske n ap kontinye fè peche pou favè san parèy la ka vin pi plis toujou?  Jamè! Etandone nou te mouri anrapò ak peche+, ki jan pou n ta fè kontinye viv ladan l toujou+?  Oswa, èske nou pa konnen nou tout ki te batize nan Kris Jezi+, nou te batize nan lanmò li+?  Donk, nou te antere ansanm avè l grasa batèm nou nan lanmò li+, dekwa pou, menm jan Kris te leve sot nan lanmò grasa pisans Papa a ki gen glwa, nou menm tou, nou ka vin gen yon lòt vi tounèf+.  Si nou ini avè l nan yon lanmò ki sanble avèk pa l la+, se sèten n ap ini avè l tou lè nou resisite menm jan avè l+.  Paske, nou konnen ansyen pèsonalite* nou te genyen an te kloure avèk li sou poto a+, dekwa pou kò nou ki gen peche vin pa ka fè anyen+ e dekwa pou nou pa kontinye esklav peche ankò+.  Paske, yon moun ki mouri peye* pou peche l.  Anplis de sa, si nou mouri avèk Kris, nou gen konfyans nou pral viv ansanm avè l tou.  Paske, nou konnen Kris pap mouri ankò+, piske kounye a li leve sot nan lanmò+, e lanmò pap domine sou li ankò. 10  Paske, lanmò li te sibi a, li te sibi l pou l ka retire peche yon fwa pou tout+. Men vi l ap viv la, l ap viv li pou Bondye. 11  Menm jan an, nou menm tou, konsidere tèt nou kòm moun ki mouri toutbon parapò ak peche, men k ap viv pou Bondye grasa Kris Jezi+. 12  Kidonk, pa kite peche kontinye domine antanke wa sou kò nou ki ka mouri+, pou l fè nou obeyi dezi kò nou genyen. 13  Ni nonplis, pa kontinye prezante kò nou* bay peche kòm zam k ap sèvi pou fè sa ki pa jis. Men, prezante nou bay Bondye antanke moun vivan ki sot pami mò yo, e prezante kò nou* tou bay Bondye kòm zam k ap sèvi pou fè sa ki jis+. 14  Paske, peche pa dwe domine sou nou, piske nou pa anba lalwa+, men nou anba favè san parèy la+. 15  Ki sa sa vle di? Èske n ap fè yon peche poutèt nou pa anba Lalwa, men nou anba favè san parèy la+? Jamè! 16  Èske nou pa konnen si nou kontinye prezante tèt nou bay yon moun kòm esklav pou nou obeyi l, nou se esklav moun sa a paske nou obeyi l+? Si se peche nou esklav+, se lanmò n ap jwenn+, men si se obeyisans nou esklav, n ap ka vin jis. 17  Men, mèsi Bondye dèske kounye a nou vin obeyi modèl ansèyman yo te konfye nou an ak tout kè nou, alòske nou te esklav peche. 18  Wi, piske nou libere anba peche+, nou vin esklav sa ki jis+. 19  Akoz feblès nou gen nan lachè, m ap sèvi ak mo moun ka konprann. Paske, menm jan nou te konn prezante kò nou kòm esklav bay ni konduit ki pa pwòp, ni sa lalwa kondane, pou nou fè sa lalwa kondane, konsa tou kounye a, prezante kò nou kòm esklav bay sa ki jis pou nou fè sa ki sen+. 20  Paske, lè nou te esklav peche, sa ki jis pa t mèt nou. 21  Ki fwi nou te konn bay lè sa a? Se yon seri bagay nou wont kounye a. Paske, alafen bagay sa yo pote lanmò+. 22  Men, kòm nou libere anba peche e nou vin esklav Bondye, fwi nou bay se yon lavi ki sen+, e alafen, n ap gen lavi ki pap janm fini an+. 23  Paske, sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò+, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an+ grasa Kris Jezi, Seyè nou an+.

Nòt anba paj

Lit.: “ansyen moun”.
Oswa: “libere; jwenn padon”.
Lit.: “manm nou”.
Lit.: “manm nou”.