Tit 1​:​1-16

  • Salitasyon (1-4)

  • Tit dwe nome ansyen nan Krèt (5-9)

  • Reprimande moun ki rebèl yo (10-16)

1  Mwen menm, Pòl, yon esklav Bondye e yon apot Jezi Kris, ann amoni ak lafwa moun Bondye chwazi yo e ann amoni ak konesans egzak sou laverite ki konfòm ak atachman pou Bondye,  sou baz esperans lavi ki pap janm fini an+, lavi Bondye, ki pa ka bay manti+, te pwomèt depi byen lontan an,  men, nan tan li te fikse a, li te fè moun konn pawòl li pa mwayen predikasyon yo te konfye m nan+, sou lòd Bondye, Sovè nou an,  mwen ekri w, Tit, bonjan pitit mwen, selon lafwa nou gen ansanm nan: Mwen swete pou w gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa a, ak nan Kris Jezi, Sovè nou an.  Mwen te kite w Krèt pou w ka korije bagay ki merite korije yo* e pou w ka nome ansyen nan chak vil, jan mwen te ba w lòd fè a,  depi moun nan pa gen akizasyon sou do l, li se mari yon sèl fi, pitit li gen lafwa e yo pa gen repitasyon moun ki lage kò yo nan debòch*, ni yo pa rebèl+.  Paske, antanke entandan Bondye, yon siveyan pa dwe gen akizasyon sou do l, li pa dwe gen tèt di+, li pa dwe yon moun ki renmen fè kòlè+, ni yon bwasonyè, ni yon moun ki vyolan*, ni yon moun k ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon,  men li dwe yon moun ki renmen akeyi moun+, ki renmen sa ki byen, ki gen bonsans*+, ki jis, ki fidèl+, ki gen metriz+,  ki rete kole sou pawòl ki fidèl la* nan fason l ap anseye+, dekwa pou l ka ankouraje* moun grasa ansèyman ki pwofitab la+ e pou l ka reprimande+ moun k ap pale kont ansèyman sa a. 10  Paske gen anpil moun, sitou moun ki rete atache ak sikonsizyon yo, ki endisipline, k ap pale san yo pa di anyen ki pwofitab e k ap twonpe moun+. 11  Li nesesè pou w fè moun sa yo fèmen bouch yo, paske yo kontinye ap boulvèse plizyè fanmi ann antye lè y ap anseye bagay yo pa ta dwe anseye, pou yo ka jwenn avantaj nan move kondisyon. 12  Gen youn ladan yo, pwòp pwofèt pa yo, ki di: “Moun Krèt se moun ki toujou ap bay manti, yo se bèt bwa ki danjere, yo saf e yo parese.” 13  Temwayaj sa a se verite. Pou rezon sa a, kontinye reprimande yo yon fason ki fèm, dekwa pou yo ka solid nan lafwa, 14  pou yo pa okipe lejann Juif yo ak kòmandman moun ki vire do bay laverite yo. 15  Tout bagay pwòp pou moun ki pwòp+. Men, pou moun ki pa pwòp e ki pa gen lafwa, anyen pa pwòp, paske ni lespri yo, ni konsyans yo pa pwòp+. 16  An piblik, yo deklare yo konnen Bondye, men yo nye l nan aksyon yo+, paske moun sa yo bay degoutans, yo dezobeyisan e yo pa kalifye pou okenn bon travay.

Nòt anba paj

Oswa: “bagay ki pap mache byen yo”.
Oswa: “moun ki san kontwòl”.
Oswa: “ni yon moun k ap bay moun kou”.
Oswa: “ki gen bon jijman”.
Oswa: “sou mesaj moun ka fè konfyans”.
Oswa: “konvenk”.