Oze 2​:​1-23

  • Izrayèl jwenn pinisyon paske l pa fidèl (1-13)

  • Yo retounen al jwenn Jewova ki tankou yon mari pou yo (14-23)

    • “W ap rele m Mari w” (16)

2  “Di frè nou yo: ‘Nou se pèp mwen*+.’Epi, di sè nou yo: ‘Nou se fi Bondye fè mizèrikòd*+.’   Nou mèt akize manman nou. Nou mèt akize l,Paske li pa madanm mwen+ e mwen pa mari l.Li dwe sispann aji tankou pwostitye*E li dwe sispann fè adiltè.   Si l pa fè sa, m ap retire tout rad sou li e m ap mete l jan l te ye jou l te fèt la.M ap fè l vin tankou yon dezè,M ap fè l vin tankou yon tè ki pa gen dlo,E m ap fè l mouri ak swaf.   Epi, mwen pap fè pitit li yo mizèrikòdPaske yo se pitit li fè lè l t ap aji tankou pwostitye a*.   Paske manman yo te aji tankou pwostitye*+.Li menm ki te pote yo nan vant li, li te aji yon fason ki fè moun wont+, paske men sa l te di:‘Mwen pral dèyè moun ki konn fè lanmou avè m yo+,Moun ki konn ban m manje pou m manje ak dlo pou m bwèE ki konn ban m rad ki fèt ak twal lenn ak rad ki fèt ak twal len ansanm ak luil ak bwason m genyen yo.’   Se sa k fè m ap bare wout li ak pye pikanE m ap fè yon miray an wòch pou m bare lPou l pa ka jwenn chemen l.   L ap kouri al dèyè moun ki konn fè lanmou avè l yo, men li pap jwenn yo+.L ap chèche yo, men li pap jwenn yo.Lè sa a, l ap di: ‘M ap retounen al jwenn premye mari m nan+,Paske mwen te pi byen pase kounye a+.’   Li pa t rekonèt se mwen ki te ba l manje angren+, bon diven ak luil,E se mwen ki te ba l pakèt ajanAnsanm ak lò l genyen yo, bagay li konn itilize pou l sèvi Baal+.   ‘Se poutèt sa m ap aji yon lòt fason, m ap pran manje angren m te ba l nan sezon rekòt la.M ap pran bon diven m nan lè sezon an rive+E m ap pran rad ki fèt ak twal lenn ak rad ki fèt ak twal len mwen te ba l met sou li pou l pa toutouni yo. 10  Kounye a, m ap fè moun ki konn fè lanmou avè l yo wè pati entim li,E pa gen yon moun k ap delivre l anba men m+. 11  M ap fè l sispann gen kè kontanE m ap fè fèt li yo+, nouvèl lin li yo, saba l yo ansanm ak tout sezon fèt li yo fini. 12  Epi, m ap detwi pye rezen l yo ak pye fig frans li yo, bagay ki konn fè l di:“Sa yo se sa moun ki konn fè lanmou avè m yo peye m.”M ap fè bagay sa yo tounen yon forè,E bèt nan bwa ap devore yo. 13  M ap pini l pou jou li te pase ap fè sakrifis pou zidòl Baal yo+,Lè l te met zanno ansanm ak bijou, li t ap kouri dèyè moun ki konn fè lanmou avè l yo,E li te bliye m+.’ Se sa Jewova di. 14  ‘Se sa k fè m ap fè l dakò avè m,M ap mennen l nan dezè aE m ap pale yon fason pou m touche kè l. 15  M ap reba l jaden rezen l yo apati jou sa a+E m ap reba l Vale* Akò+ tankou yon pòtay k ap fè l gen espwa.Se la l ap reponn mwen menm jan l te fè lè l te jèn,Jan l te fè sa lè l te sot nan peyi Ejip la+.’ 16  Epi, Jewova di: ‘Jou sa a,W ap rele m Mari w, men ou pap rele m Mèt* ou ankò.’ 17  ‘M ap fè l sispann site non zidòl Baal yo+,E li pap sonje non yo ankò+. 18  Jou sa a, m ap fè yon alyans pou pèp mwen an ak bèt nan bwa yo+,Ak zwazo k ap vole nan syèl la ansanm ak bèt k ap rale sou vant sou tè a+.M ap retire banza*, epe ak lagè nan peyi a+E m ap fè moun yo al kouche* ak kè poze+. 19  M ap fè yon kontra avè w pou toutan,Yon kontra k ap chita sou sa ki dwat ak sa ki jisE k ap chita sou lanmou ki fidèl ak mizèrikòd+. 20  M ap fè yon kontra avè w paske m fidèlE san mank, w ap konnen Jewova+.’ 21  Epi, Jewova di: ‘Jou sa a, m ap bay yon repons.M ap bay syèl la sa l mande,E syèl la ap bay tè a sa l mande+. 22  Tè a ap bay manje angren, bon diven ak luil,Epi, Jizreyèl* ap resevwa sa l te mande yo+. 23  M ap simen l tankou semans pou mwen nan tè a+E m ap fè l mizèrikòd, li menm yo pa t fè mizèrikòd*.M ap di moun ki pa pèp mwen*: “Nou se pèp mwen+”,E y ap di m: “Ou se Bondye nou+.”’”

Nòt anba paj

Gade nòt ki pou Oz 1:9 la.
Gade nòt ki pou Oz 1:6 la.
Oswa: “sispann fè imoralite; sispann fè sèks ak plizyè lòt gason”.
Oswa: “lè l t ap fè imoralite a; lè l te nan fè sèks ak plizyè lòt moun nan”.
Oswa: “te fè imoralite; te fè sèks ak plizyè lòt gason”.
Oswa: “Plèn”.
Oswa: “Baal”.
Oswa: “m ap kite moun yo viv”.
Sa vle di: “Bondye pral simen semans”.
Gade nòt ki pou Oz 1:6 la.
Gade nòt ki pou Oz 1:9 la.