Mak 4​:​1-41

  • EGZANP KONSÈNAN WAYÒM NAN (1-34)

    • Moun ki soti al simen semans lan (1-9)

    • Rezon ki fè Jezi sèvi ak egzanp (10-12)

    • Jezi esplike egzanp moun ki al simen semans lan (13-20)

    • Moun pa met lanp anba pànye (21-23)

    • Mezi nou mezire a (24, 25)

    • Moun ki al simen semans, epi ki al dòmi an (26-29)

    • Grenn moutad la (30-32)

    • Jezi sèvi ak egzanp (33, 34)

  • Jezi kalme yon tanpèt (35-41)

4  Li te rekòmanse anseye bò lanmè a. Te gen yon gwo foul moun ki te vin rasanble toupre l. Se sa k fè, li monte nan yon bato ki te sou lanmè a, li chita, e tout foul la te bò lanmè a sou rivaj la+.  Epi, li kòmanse sèvi ak egzanp pou l anseye yo anpil bagay+. Pandan l ap anseye yo, li di yo+:  “Koute! Gen yon moun ki soti al simen semans+.  Pandan l ap simen, gen kèk semans ki tonbe bò chemen an, epi zwazo vini yo manje yo.  Gen lòt semans ki tonbe kote ki gen wòch, kote ki pa gen anpil tè e yo leve tousuit, paske tè a pa fon+.  Men, lè solèy la monte, li boule ti plant yo, e kòm yo pa t gen rasin, yo seche.  Gen lòt semans ki tonbe nan mitan pye pikan, pye pikan yo grandi, yo toufe ti plant yo, e yo pa donnen+.  Men, gen lòt ki tonbe nan bon tè, yo pouse, yo grandi, e yo kòmanse donnen. Genyen ki bay 30, genyen ki bay 60, e genyen ki bay 100 fwa lavalè+.”  Epi, men sa li di ankò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande+!” 10  Twouve, lè l vin poukont li, moun ki te ansanm avè l yo ansanm ak 12 apot yo te kòmanse poze l kesyon sou egzanp li te bay yo+. 11  Li di yo: “Nou menm, yo pèmèt nou konprann sekrè sakre+ ki gen rapò ak Wayòm Bondye a, men moun ki deyò yo, se egzanp yo jwenn sou tout bagay+, 12  dekwa pou yo pa wè, byenke y ap gade, e pou yo pa konprann sa yo tande yo, byenke y ap tande, e pou yo pa janm kase tèt tounen pou yo jwenn padon+.” 13  Li di yo ankò: “Si nou pa konprann egzanp sa a, kòman n ap fè konprann tout lòt egzanp yo? 14  “Moun k ap simen an se pawòl la l ap simen+. 15  Gen moun se tè bò chemen kote yo te simen pawòl la yo ye. Kou yo tande pawòl la, Satan vini+, li retire pawòl yo te simen nan yo a+. 16  Se konsa tou, gen moun se semans ki tonbe nan tè kote ki gen wòch la yo ye. Kou yo tande pawòl la, yo aksepte l ak kè kontan+. 17  Men, yo pa gen rasin nan yo, sa fè yo pa dire lontan. Kou tribilasyon oswa pèsekisyon met pye akoz pawòl la, yo sispann kwè nan pawòl la. 18  Semans ki tonbe nan mitan pye pikan yo se moun ki tande pawòl la+, 19  men, tètchaje+ ki gen nan sistèm sa a* ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun yo+ ansanm ak lòt bagay yo anvi yo+ aji sou kè yo e yo toufe pawòl la, e pawòl la vin pa bay fwi. 20  Finalman, gen moun se bon tè a yo ye. Yo koute pawòl la, yo byen akeyi l e yo bay fwi. Genyen ki bay 30, genyen ki bay 60, e genyen ki bay 100 fwa lavalè+.” 21  Epitou, li di yo: “Yo pa vin ak yon lanp pou yo mete l anba yon pànye* oswa anba yon kabann, pa vre? Yo vin avè l pou yo mete l sou yon etajè+. 22  Ebyen, pa gen anyen ki kache ki pap devwale, e pa gen anyen ki byen kache ki pap parèt aklè+. 23  Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande+!” 24  Apre sa, li di yo: “Byen koute sa n ap tande la a+. Ak mezi nou mezire a, se avè l y ap mezire pou nou, wi, y ap ajoute plis sou li pou nou. 25  Paske, yon moun ki genyen, y ap ba l plis+. Men, yon moun ki pa genyen, y ap pran menm sa l genyen an nan men l+.” 26  Ansuit, li di yo: “Menm jan an tou, Wayòm Bondye a se tankou lè yon mesye al simen semans nan yon jaden. 27  Li dòmi lannuit, li leve chak maten, e semans lan leve, li grandi, san l pa konn ki jan. 28  Tè a poukont li fè l donnen tikras pa tikras: toudabò branch pouse, apre sa li fè grap, alafen, grenn nan vin mi nan grap la. 29  Men, kou l mi, li met sèpèt ladan l, paske moman rekòt la rive.” 30  Epi li di yo: “Ak ki sa nou kapab konpare Wayòm Bondye a? Oubyen ki egzanp nou kapab bay pou nou esplike sa l ye? 31  Li tankou yon grenn moutad. Lè yo simen l nan tè, se grenn ki pi piti nan tout semans ki gen sou tè a+. 32  Men, lè yo fin simen l, li grandi, e li vin pi gwo pase tout lòt plant moun ka manje, e li fè gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka jwenn kote pou yo abite anba lonbray li.” 33  Se ak anpil egzanp+ konsa li te anseye yo pawòl la, selon sa yo te ka konprann. 34  Wi, li pa t pale avèk yo san l pa sèvi ak egzanp, men li te konn esplike disip li yo tout bagay lè l te poukont li avèk yo+. 35  Nan menm jou sa a, lè l fin aswè, li di yo: “Ann janbe pa lòtbò lanmè a+.” 36  Apre yo fin voye foul la ale, yo fè l monte nan bato a, e te gen lòt bato la tou+. 37  Twouve, gen yon gwo van tanpèt ki kòmanse soufle, lanm lanmè t ap frape bato a e dlo t ap antre ladan l. Sa te fè bato a prèske plen ak dlo+. 38  Men, li te pa dèyè nan bato a, li t ap dòmi sou yon zòrye*. Donk, yo reveye l, yo di l: “Anseyan, nou sanlè peri, sa pa di w anyen?” 39  Menm kote a, li leve, li pale di ak van an, epi li di lanmè a: “Silans! Ret trankil+!” Epi van an bese, e vin gen yon gwo kalmi. 40  Apre sa, li di yo: “Poukisa nou pè* konsa? Nou poko gen lafwa toujou?” 41  Men, yo te gen yon sèl laperèz ki pran yo, e youn di lòt: “Kiyès misye ye menm? Ata van ak lanmè obeyi l+!”

Nòt anba paj

Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “anba yon pànye ki sèvi kòm mezi”.
Oswa: “yon kousen”.
Oswa: “nou kapon”.