Jak 2​:​1-26

  • Gen patipri se yon peche (1-13)

    • Lanmou se lwa Wa a (8)

  • Lafwa ki pa mache ak bon aksyon pa itil anyen (14-26)

    • Demon yo kwè e yo tranble (19)

    • Yo rele Abraram zanmi Jewova (23)

2  Frè m yo, ou kwè nou ta gen lafwa nan Jezi Kris, Seyè nou an, ki gen glwa a, epi pou nou ta nan patipri+?  Paske, sipozon yon moun ki gen bag lò nan dwèt li e ki gen bèl rad sou li vin nan reyinyon n ap fè, epi gen yon moun ki pòv ki antre tou avèk yon vye rad sal sou li.  Si nou byen kontan wè moun ki gen bèl rad la, nou di l: “Chita la a, nan bon plas sa a”, men nou di moun ki pòv la: “Ou menm, ou mèt ret kanpe”, oubyen nou di l: “Chita la a, bò ti ban kote m depoze pye m nan+”,  èske nou pa montre nou gen patipri nan mitan nou+? Èske se pa jij k ap bay move santans nou vin tounen+?  Koute, frè byenneme m yo. Èske se pa moun ki pòv dapre monn nan Bondye chwazi pou yo ka rich nan lafwa+, e pou yo ka benefisye* Wayòm li te pwomèt moun ki renmen l yo+?  Poutan nou menm, nou rabese moun ki pòv la. Èske se pa moun ki rich yo k ap toupizi nou+ e k ap trennen nou lajistis?  Èske se pa yo menm k ap sal bèl non nou pote a?  Donk, si, ann amoni ak pasaj ki nan Ekriti a, nou kontinye obeyi lwa Wa a, lwa ki di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou+” an, nou fè byen.  Men, si nou kontinye montre nou nan patipri+, nou peche, e lwa a kondane nou kòm moun ki vyole lalwa+. 10  Paske, si yon moun fè tout sa Lalwa mande, men li fè yon fo pa sou yon pwen, li vin koupab pou tout+. 11  Paske, Sila a ki di: “Nou pa dwe fè adiltè+” a, di tou: “Nou pa dwe asasinen moun+.” Si kounye a nou pa fè adiltè, men nou asasinen moun, nou dezobeyi Lalwa. 12  Kontinye pale tankou moun yo gen pou yo jije selon lwa yon pèp ki lib* e kontinye aji konsa tou+. 13  Paske, moun ki pa abitye fè moun mizèrikòd, se san mizèrikòd y ap jije l+. Mizèrikòd pote laviktwa sou jijman. 14  Frè m yo, sa sa itil si yon moun di li gen lafwa, men li pa fè bon aksyon+? Lafwa sa a pa ka sove l, pa vre+? 15  Si yon frè oswa yon sè touni, e li pa gen ase manje pou l manje chak jou, 16  epoutan youn nan nou di l: “Ale anpè, chofe kò w, epi kontinye byen manje”, men nou pa ba l sa li bezwen pou kò li, sa sa itil+? 17  Se menm bagay la tou pou lafwa, depi pa gen bon aksyon ki mache avè l, li mouri+. 18  Sepandan, yon moun gendwa di: “Ou menm ou gen lafwa, mwen menm mwen fè bon aksyon. Montre m lafwa pa w san w pa fè bon aksyon, epi mwen menm m ap montre w lafwa pa m grasa bon aksyon mwen fè.” 19  Ou kwè se yon sèl Bondye ki genyen, pa vre? Ou fè byen. Epoutan, demon yo kwè sa tou e yo tranble+. 20  Men, ou menm ki san konprann, èske w ta renmen jwenn prèv ki montre lafwa ki pa mache ak bon aksyon an pa itil anyen? 21  Èske se pa lè Abraram, papa nou, te fin mete Izarak, pitit gason l lan, sou lotèl la pou l ofri l kòm sakrifis yo te deklare l jis pou aksyon sa a li te fè a+? 22  Ou wè lafwa li te mache ak bon aksyon li te fè, e grasa aksyon sa yo lafwa li te vin konplè+. 23  E pasaj nan Ekriti yo ki di: “Abraram te mete lafwa nan Jewova*, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis+” la te jwenn akonplisman l, e yo te vin rele l “zanmi Jewova*+”. 24  Nou wè se grasa bon aksyon yon moun fè y ap deklare l jis, se pa grasa lafwa l sèlman. 25  Menm jan an tou, èske yo pa t deklare Rahab, pwostitye a, jis pou sa l te fè a, lè l te fin byen resevwa mesaje yo, e li te fè yo pase nan yon lòt wout pou yo ale+? 26  Wi, menm jan kò ki san espri a* mouri+, se konsa tou lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri+.

Nòt anba paj

Lit.: “pou yo ka eritye”.
Lit.: “selon lwa libète a”.
Oswa: “kò ki san souf la”.