Galat 3​:​1-29

  • Diferans ki genyen ant fè sa Lalwa mande ak demontre lafwa (1-14)

    • Moun ki jis la ap viv grasa lafwa li genyen (11)

  • Pwomès Bondye te fè Abraram nan pa chita sou Lalwa (15-18)

    • Desandans Abraram nan se Kris (16)

  • Orijin Lalwa ak objektif li (19-25)

  • Yo se pitit Bondye grasa lafwa (26-29)

    • Desandans Abraram nan ak moun ki byen Kris yo (29)

3  O moun Galasi, nou menm ki san konprann, kiyès ki mete nou anba move enfliyans sa a+, nou menm yo te prezante Jezi Kris aklè devan nou, li menm yo te kloure sou yon poto+?  Yon sèl bagay mwen ta renmen mande* nou: Èske nou te resevwa lespri a paske nou te fè sa lalwa mande, oswa paske nou te mete lafwa nan sa nou te tande yo+?  Ki jan nou fè san konprann konsa a? Lè nou te kòmanse, nou te met konfyans nou nan lespri a*, èske kounye a, pou fini, se nan lachè n ap met konfyans nou*+?  Èske se pou granmesi nou te andire tout soufrans sa yo? Mwen pa kwè sa.  Donk, sila a ki pèmèt nou jwenn lespri a e ki fè yon seri aksyon ki pisan+ nan mitan nou an, èske li fè sa poutèt nou fè sa lalwa mande, oswa poutèt nou mete lafwa nan sa nou te tande yo?  Se menm jan an tou, Abraram “te mete lafwa nan Jewova*, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis+”.  Se sèten, nou konnen se moun ki gen lafwa yo ki pitit Abraram+.  Depi byen lontan, Ekriti yo te montre Bondye t ap deklare moun ki nan nasyon yo jis grasa lafwa yo. Bondye te fè Abraram konnen bon nouvèl sa a davans, lè l te di l: “Grasa ou tout nasyon yo ap jwenn benediksyon+.”  Se sa k fè, depi kounye a, moun ki gen lafwa yo ap resevwa benediksyon menm jan ak Abraram, ki te gen lafwa+. 10  Tout moun ki mete konfyans yo nan fè sa Lalwa mande, yo anba yon malediksyon, paske men sa ki ekri: “Malediksyon pou tout moun ki pa pèsevere nan tout sa ki ekri nan woulo Lalwa a e ki pa fè yo+.” 11  Anplis de sa, li klè Bondye pa deklare pèsonn jis grasa lalwa+, paske, men sa ki ekri: “Moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen+.” 12  Lèfini, Lalwa pa mande pou yon moun gen lafwa. Okontrè, “tout moun ki obeyi sa Lalwa mande yo ap viv grasa yo+”. 13  Kris te rachte nou+, e konsa, li libere nou+ anba malediksyon Lalwa te mete sou nou an, lè li te vin malediksyon nan plas nou, paske men sa ki ekri: “Malediksyon pou nenpòt moun yo pann sou yon poto+.” 14  Se yon fason pou nasyon yo ka rive resevwa benediksyon Abraram nan grasa Kris Jezi+, dekwa pou nou ka jwenn lespri Bondye te pwomèt la+ grasa lafwa nou. 15  Frè m yo, m ap pran yon egzanp sou yon bagay moun abitye: Depi yon alyans antre an vigè, menmsi se alyans yon moun fè, pèsonn pa ka anile l, ni yo pa ka ajoute anyen sou li. 16  Anfèt, se Abraram ak desandans*+ li a yo te fè pwomès yo. Yo pa di: “Ak desandans* ou yo”, kòmsi se yon pakèt desandans, men yo di: “Ak desandans* ou a”, anpalan de yon sèl, ki se Kris+. 17  Anplis de sa, men sa m di: Bondye te fè alyans lan anvan, e apre 430 an+, li te bay Lalwa, men, sa pa t anile alyans lan, ki te toujou an vigè, e pwomès la pa t elimine. 18  Paske, si eritaj la te chita sou lalwa, li pa t ap chita sou pwomès la ankò. Men, avèk bonte, Bondye te bay Abraram li grasa yon pwomès+. 19  Kidonk, poukisa yo te bay Lalwa? Yo te vin ajoute l pou l fè peche parèt aklè+, jiskaske desandans* yo te fè pwomès la vini+. E yo te sèvi ak zanj+ pou transmèt li pa mwayen yon medyatè+. 20  Lè se yon sèl moun ki konsène, pa bezwen gen medyatè, e lè Bondye t ap fè pwomès la, se li menm sèl ki te konsène. 21  Si se konsa, èske lalwa kont pwomès Bondye yo? Jamè! Paske, si yon lwa yo te bay te ka bay lavi, yo t ap konsidere yon moun jis sou baz lalwa. 22  Men, Ekriti yo te fè tout moun ansanm vin prizonye peche, dekwa pou moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi yo ka resevwa pwomès Bondye a. 23  Men, anvan lafwa te rive, yo te kenbe nou anba lalwa, yo te fè nou vin prizonye ansanm, e nou t ap tann lafwa ki te gen pou parèt la+. 24  Konsa, Lalwa te vin tounen yon gid* k ap mennen nou bay Kris+, pou Bondye ka deklare nou jis grasa lafwa+. 25  Men kounye a, piske lafwa rive+, nou pa anba kontwòl yon gid ankò+. 26  Anfèt, nou tout, nou se pitit Bondye+ grasa lafwa nou nan Kris Jezi+. 27  Paske, nou tout ki te batize nan Kris, nou abiye nou ak Kris+. 28  Pa gen ni Juif ni Grèk+, ni esklav ni moun ki lib+, ni gason ni fi+, paske nou tout fè yon sèl ann inyon ak Kris Jezi+. 29  Anplis, si nou se byen Kris, nou se desandans*+ Abraram toutbon, nou se eritye+ dapre yon pwomès+.

Nòt anba paj

Lit.: “mwen ta aprann nan men”.
Lit.: “Nou te kòmanse nan lespri”.
Lit.: “se nan lachè n ap vin konplè”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “semans”.
Mo grèk la vle di yon moun k ap siveye yon timoun oswa k ap pwoteje l.
Lit.: “semans”.