Efezyen 1​:​1-23

  • Salitasyon (1, 2)

  • Benediksyon Bondye bay grasa lespri sen l (3-7)

  • Bondye pral reyini tout bagay ansanm nan Kris (8-14)

    • Bondye “jere bagay yo” nan tan fikse yo (10)

    • Bondye poze so lespri a sou nou kòm “yon garanti davans” (13, 14)

  • Pòl di Bondye mèsi pou lafwa frè nan Efèz yo genyen e li priye pou yo (15-23)

1  Mwen menm, Pòl, yon apot Kris Jezi grasa volonte Bondye, m ap ekri moun ki sen ki nan vil Efèz yo+ ansanm ak moun ki fidèl ann inyon avèk Kris Jezi yo:  Mwen swete pou nou gen favè san parèy ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an, ak nan Seyè a, Jezi Kris.  Louwanj pou Sila a ki Bondye Jezi Kris, Seyè nou an, e ki Papa li. Paske, grasa lespri sen l, li ban nou tout kalite benediksyon nan syèl la, poutèt nou ann inyon avèk Kris+.  Li te chwazi nou pou nou ann inyon avèk li* depi anvan monn nan te fonde*, pou nou ka vin sen e pou nou ka vin san tach+ devan l nan lanmou.  Li te chwazi nou+ davans pou l adopte nou kòm pitit li+ grasa Jezi Kris, selon bon plezi l e selon volonte l+,  pou li ka jwenn louwanj poutèt favè san parèy li a ki gen glwa+, favè li ban nou pa mwayen byenneme l la+.  Piske Pitit li a te peye ranson an, nou libere grasa san li+, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo+, selon richès favè san parèy Bondye a.  Favè san parèy sa a li fè nou an, li fè l vin anpil grasa tout sajès ak bon konprann* li ban nou  lè li fè nou konnen sekrè sakre+ sou volonte l. Se selon bon plezi l li te deside 10  jere bagay yo nan dènye limit tan fikse yo pou l reyini tout bagay ansanm nan Kris, bagay ki nan syèl la ak bagay ki sou tè a+. Wi, se nan li, 11  e se ann inyon avèk li Bondye te chwazi nou tou kòm eritye+, piske Bondye te chwazi nou davans selon objektif li genyen, li menm ki fè tout bagay ann amoni ak volonte l, 12  yon fason pou l ka jwenn louwanj ak glwa nan nou, nou menm ki met espwa nou nan Kris an premye. 13  Men, nou menm tou, apre nou te fin tande pawòl verite a, bon nouvèl sou delivrans nou an, nou te met espwa nou nan li tou. Grasa li, apre nou te fin kwè, Bondye te poze yon so+ sou nou tou, anpalan de lespri sen li te pwomèt la, 14  ki se yon garanti davans* sou eritaj nou an+, pou libere nou menm ki se byen Bondye+, grasa yon ranson+, pou nou ka fè louwanj pou glwa li. 15  Se poutèt sa, mwen menm tou, depi lè m te tande pale de lafwa nou genyen nan Seyè Jezi ak lanmou nou demontre pou tout moun ki sen yo, 16  mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou sonje nou nan priyè m, 17  dekwa pou Sila a ki Bondye Jezi Kris, Seyè nou an, Sila a ki Papa ki gen glwa a, ka ban nou yon lespri ki gen sajès, e pou l ka ede nou konprann bagay li revele yo, toutpandan n ap vin gen yon konesans egzak sou li+. 18  Li ouvri kè nou e nou vin wè, dekwa pou nou ka konnen pou ki esperans li te rele nou e ki richès li rezève kòm eritaj pou moun ki sen yo nan laglwa+, 19  e pou nou ka konnen ki jan kokennchenn pisans li an ki nan nou menm ki kwayan+, se yon pisans ki estrawòdinè. Kokennchenn pisans sa a parèt nan aksyon li fè ak fòs li ki pisan, 20  aksyon li te fè pou Kris lè li te leve l sot nan lanmò e lè li te fè l chita adwat li+ nan syèl la, 21  nan yon pozisyon ki pi wo lontan pase tout gouvènman, tout otorite, tout pisans, tout dominasyon ak tout non ki genyen+, nonsèlman nan sistèm sa a*, men tou nan sa ki gen pou vini an. 22  Epitou, li fè tout bagay soumèt anba pye l+, e li mete l alatèt tout bagay pou kongregasyon an+, 23  ki se kò Kris+ e ki ranpli ak kalite l yo, li menm ki ranpli tout bagay nan tout moun.

Nòt anba paj

Sa vle di avèk Kris.
Ekspresyon sa a gen rapò ak pitit Adan ak Èv yo.
Oswa: “ak bonsans”.
Oswa: “yon vèsman (avalwa); yon garanti pou sa ki gen pou vini an”.
Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.